Destriksyon Tyr

587 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Ézéchiel 26–27

1 Alò, nan onzyèm ane, nan premye nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 2 “Fis a lòm, akoz Tyr te di konsènan Jérusalem: ‘Ha ha! Gade byen, pòtay a pèp yo fin kraze; koulye a l ap remèt nan men m. Mwen va vin ranpli koulye a akoz li devaste nèt;’ 3 akoz sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen vin kont ou, O Tyr, e Mwen va mennen fè monte anpil nasyon kont ou, tankou lanmè mennen lanm li. 4 Yo va detwi miray a Tyr e demoli tou wo li yo. Anplis, Mwen va grate retire ranblè li yo, e fè l vin yon wòch vid. 5 Li va vin yon kote pou ouvri filè nan mitan lanmè a, paske Mwen te pale,’ deklare Senyè BONDYE a. ‘Konsa, li va vin piyaj pou nasyon yo. 6 Anplis, fi li yo ki lòtbò pi gwo tèren an va vin touye pa nepe e yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’

7 “Paske konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen va mennen sou Tyr soti nan nò Nebucadnetsar, wa Babylone nan, wadèwa a, ak cheval, cha, kavalye ak yon gwo lame. 8 Li va touye fi ou yo sou gwo chan an ak nepe. Li va fè miray syèj kont ou, fè monte yon ran kont ou e fè monte yon gwo boukliye kont ou. 9 Ak gwo mòso bwa fèt pou kraze a, ke l ap dirije kont miray ou yo, e ak rach li yo li va demoli tou wo ou yo. 10 Akoz gwo fòs kantite cheval li yo, pousyè leve la yo va kouvri ou. Miray ou yo va souke ak bri kavalye, ak charyo ak cha yo lè l ap antre nan pòtay ou yo tankou lè moun ap antre nan yon vil lè yo fin fè brèch ladann. 11 Ak zago cheval li yo, li va foule tout lari ou yo nèt. Li va touye moun ou yo ak nepe. Gwo pilye lafòs ou yo va tonbe atè. 12 Anplis, yo va fè piyaj a tout richès ak machandiz ou yo. Yo va kraze mi ou yo, detwi bèl kay ou yo, e jete wòch ak, poto bwa yo ak tout ranblè ou yo nan dlo. 13 Konsa, Mwen va fè son a chante ou yo vin sispann, e son ap ou yo p ap tande ankò. 14 Mwen va fè ou yon wòch vid. Ou va sèvi kon yon kote pou ouvri filè. Ou p ap bati ankò, paske Mwen, SENYÈ a te pale’, deklare Senyè BONDYE a.

15 “Konsa pale Senyè BONDYE a a Tyr: ‘Èske peyi kot lanmè yo pa ta souke menm nan son chit ou a lè sila ki blese yo plenn nan gòj yo, lè masak fèt nan mitan nou? 16 Nan lè sa a, tout prens lanmè yo va desann soti nan twòn yo retire wòb yo, e menm retire bèl vètman bwodri yo. Yo va abiye tèt yo ak men yo k ap tranble; yo va chita atè, ap tranble tout tan e vin efreye akoz de ou. 17 Yo va leve yon lamantasyon sou ou e di ou:

“Gade kijan ou vin peri, O sila ki te plen moun nan,

Soti sou lanmè yo, O gwo vil byen renome

ki te pwisan sou lanmè,

li menm ak tout moun ki te rete ladann yo,

ki te enpoze gwo laperèz li sou tout abitan li yo!”

18 Koulye a, peyi bò lanmè yo va tranble nan jou chit ou a.

Wi, peyi kot ki bò lanmè yo

va vin etone jiskaske yo tranble akoz ou vin disparèt.’

19 “Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Lè Mwen fè ou vin yon vil dezole, kon vil ki pa gen moun yo, lè Mwen mennen pwofondè a sou ou pou gwo dlo vin kouvri ou, 20 konsa, Mwen va fè ou desann ak sila ki desann nan twou fòs la, al jwenn pèp ansyen yo. Mwen va fè ou rete nan pati ki piba sou tè a, tankou ansyen kote dezole yo, ak sila ki desann nan twou fòs la, pou ou pa menm gen moun ki abite nan ou. Men Mwen va mete laglwa nan peyi a vivan yo. 21 Mwen va mennen gwo laperèz sou ou e ou p ap egziste ankò. Malgre y ap chache ou, yo p ap janm jwenn ou ankò’, deklare Senyè BONDYE a.”

27:1 Anplis, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: 2 “Ou menm, fis a lòm, leve yon lamantasyon sou Tyr. 3 Di a Tyr, ‘Ou ki rete nan antre lanmè a, komèsan a pèp anpil peyi bò kot lanmè yo, Konsa pale Senyè BONDYE a:

“O Tyr, ou te di ‘Mwen pafè nan bèlte.’

4 Lizyè ou nan kè lanmè yo.

Sila ki te bati ou yo te fè bèlte ou pafè.

5 Yo te fè tout planch ou yo ak pye siprè Senir yo.

Yo te chache pye sèd Liban yo pou fè ma pou ou.

6 Ak chèn a Basan, yo te fè zaviwon ou yo.

Ak ban ivwa, yo te koupe fè tras sou bwa siprè

ki te fèt ak pye sèd ki te mennen sòti jis rive Kittim.

7 Vwal ou te fèt ak len fen ki te sòti an Égypte,

ki te sèvi kon mak drapo ou.

Anba pwotèj solay byen kolore an ble e mov,

ki te sòti nan peyi kòt Élischa yo,

8 mesye Sidon yo ak Arvad t ap bourade zaviwon ou yo.

Mesye saj ou yo, O Tyr, te nan ou.

Se yo ki te pilòt yo.

9 Ansyen a Guebal yo ak mesye saj li yo te avèk nou,

pou repare kote ki ouvri yo.

Tout bato lanmè yo ak mèt bato yo te la pou

okipe machandiz ou yo.

10 “‘“Perse, Lud, ak Puth te nan lame ou,

mesye lagè ou yo.

Yo te pann boukliye ak kas nan ou.

Yo te fè grandè ou parèt byen bèl.

11 Fis a Avad yo ak lame ou a

te sou miray ou yo,

e gèrye yo te pann boukliye yo

sou miray ou yo toupatou.

Yo te vin pèfeksyone bèlte ou a.

12 “‘“Tarsis te kliyan ou, akoz abondans tout kalite richès ou yo. Avèk ajan, fè, fè blan, ak plon, yo te achte machandiz ou yo.

13 “‘“Javan, Tubal, ak Méschec te fè komès ak ou. Ak lavi a moun ak veso plen bwonz, yo te achte machandiz ou yo.”

14 “‘“Sila nan Beth-Togarma yo te bay cheval ak cheval lagè ak milèt pou byen ou yo.”

15 “‘“Fis a Dedan yo te fè trafik avèk ou. Anpil peyi kot lanmè yo te vin fè mache ou. Kòn ivwa ak ebèn te pote pou fè twòk.

16 “‘“Syrie te fè trafik avèk ou akoz abondans byen ou yo. Yo te peye pou bagay ou yo ak pyè presye, tenti mov, zèv bwodri, len fen, koray ak pyè woubi.”

17 “‘“Juda ak peyi Israël te fè komès ak ou. Ak ble ki sòti Minnith, gato, siwo myèl, lwil ak bom, yo te peye pou machandiz ou.”

18 “‘“Damas te kliyan ou akoz gwo kantite byen ou yo, akoz gwo kantite a tout kalite richès ou yo, akoz diven Helbon an ak len blan an.”

19 “‘“Vendan ak Javan te peye pou bagay ki sòti Uzal yo. Fè fòje, kasya, ak kann dous te pami machandiz ou yo.”

20 “‘“Dedan te fè komès ak ou nan sèl pou monte cheval.”

21 “‘“Arabie ak tout prens a Kédar yo, te kliyan ou pou jenn mouton, belye ak kabrit yo. Nan tout sa yo, yo te kliyan ou.”

22 “‘“Vandè a Séba ak Raema yo te fè trafik ak ou. Yo te peye pou byen ou yo ak pi bon nan tout kalite epis, e ak tout bijou presye ak lò.”

23 “‘“Charan, Canné, ak Éden, machann a Séba, Assyrie, ak Kilmad yo te fè komès ak ou.” 24 Yo te fè komès ak ou nan bèl abiman, nan vètman an ble ak bwodri fen, nan tapi a tout koulè, ak kòd trese byen sere, ki te pami machandiz ou yo.

25 “‘“Bato a Tarsis yo te transpòte machandiz ou yo.

Epi ou te vin ranpli,

te tèlman vin bèl nan kè lanmè yo.

26 Mèt zaviwon yo te mennen ou nan gwo dlo.

Van lès la te vin kraze ou nan kè lanmè yo.

27 Richès ou yo, byen ou yo, machandiz ou yo,

maren ak pilòt ou yo,

Gwo bòs pou ranje bato yo,

vandè ki fè komès machandiz,

Ak tout mesye lagè ki nan ou yo,

ak tout twoup ki pami ou a,

va tonbe antre nan kè lanmè yo nan jou

boulvèsman ou an.

28 Nan son kri a pilòt ou yo,

tè patiraj yo va souke.

29 Tout moun ki konn manyen zaviwon,

mesye maren ak tout pilòt lanmè yo

va desann kite bato yo.

Yo va kanpe atè,

30 epi yo va fè vwa yo vin tande sou ou,

e yo va kriye anmè.

Yo va jete pousyè sou tèt yo.

Yo va vire tounen nan mitan sann yo.

31 Anplis, yo va fè tèt yo vin chòv pou ou,

e mare senti yo ak twal sak.

Yo va kriye pou ou nan amètim nanm yo,

ak yon plenyen byen anmè.

32 Anplis, nan gwo kri yo fè, yo va fè leve yon

lamantasyon pou ou, e menm kriye pou ou:

‘Se kilès ki tankou Tyr, tankou sila ki

rete an silans nan mitan lanmè a?’

33 Lè tout byen ou yo te sòti toupatou sou lanmè yo,

ou te fè kè anpil pèp kontan.

Ak fòs kantite richès ak machandiz ou yo,

ou te fè wa latè yo vin rich.

34 Alò, nan moman an, lè ou vin kraze nèt pa lanmè yo,

nan fon dlo yo,

machandiz ou ak tout twoup ou yo

te tonbe pami ou.

35 Tout sila ki rete nan peyi kot lanmè yo

te vin efreye de ou,

e wa yo vin plen ak gwo laperèz.

Vizaj yo vin twouble.

36 Komèsan pami pèp yo vin sifle anlè kon koulèv sou ou.

Lafen ou te vrèman etonan,

e ou p ap la ankò, jis pou tout tan.”’”