Destriksyon Tyr (continued)
587 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Pawòl SENYÈ a te vin kote M ankò e te di: 2 “Fis a lòm, pale ak chèf Tyr la: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a,
“Akoz kè ou vin leve,
e ou te di: ‘Mwen se yon dye,
Mwen chita sou chèz Bondye,
nan kè lanmè yo’;
malgre, ou se yon nonm
e ou pa yon dye;
sepandan, ou ta fè kè ou tankou kè Bondye—
3 gade byen, ou pi saj ke Daniel.
Nanpwen sekrè ki twò difisil pou ou.
4 Ak sajès ou ak bon konprann ou,
ou te vin genyen richès pou tèt ou,
e ou te vin gen lò ak ajan pou kès trezò ou yo.
5 Ak gwo sajès ou, ak komès ou, ou te vin ogmante richès ou
e kè ou vin leve akoz richès ou yo—”
6 “‘Akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a:
“Akoz ou te fè kè ou tankou kè Bondye,
7 akoz sa, gade byen,
Mwen va mennen etranje yo sou ou,
sila ki pi sovaj pami nasyon yo.
Konsa, yo va rale nepe yo kont bèlte a sajès ou,
e yo va souye gwo bèlte ou a.
8 Yo va mennen ou desann nan twou fòs la,
e ou va mouri lanmò a sila ki touye
nan kè lanmè yo.
9 Èske ou va di: ‘Mwen se yon dye’,
nan prezans a sila ki te touye ou a?
Donk, ou se yon nonm e ou pa Bondye,
nan men a sila ki blese ou yo.
10 Ou va mouri lanmò a ensikonsi yo, nan men etranje yo,
paske Mwen te pale,” deklare Senyè BONDYE a!’”
11 Ankò pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 12 “Fis a lòm, reprann lamantasyon sou wa Tyr la e di l: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a:
“Ou te genyen so pèfeksyon an,
plen sajès e pafè an bèlte.
13 Ou te nan Éden, jaden Bondye a.
Tout pyè presye yo te sèvi pou kouvri ou:
Ribi, topaz, dyaman; krizolit, oniks, ak jasp,
Safi, malachi, emwòd,
epi lò. Baz kalite travay
pou tout prezantasyon te nan ou.
Nan jou ou te kreye a, yo te prepare.
14 Ou te cheriben onksyone ki kouvri a
e Mwen te plase ou la.
Ou te sou mòn sen Bondye a.
Ou te mache nan mitan a pyè dife yo.
15 Ou te san fot nan tout chemen
ou yo depi jou ou te kreye a,
jis rive nan lè inikite te vin twouve nan ou a.
16 Akoz gwo fòs kantite komès ou a,
ou te vin ranpli anndan ou ak vyolans
e ou te peche.
Akoz sa, Mwen te jete ou kon pwofane
sòti nan mòn Bondye a.
Mwen te detwi ou, O cheriben ki kouvri a,
soti nan mitan wòch dife a.
17 Kè ou te vin leve wo akoz bèlte ou.
Ou te fè sajès ou vin konwonpi
akoz gwo bèlte ou a.
Mwen te jete ou atè.
Mwen te mete ou devan wa yo
pou yo wè ou.
18 Akoz gwo fòs kantite inikite ou yo,
nan enjistis de komès ou a,
ou te pwofane sanktyè ou yo.
Akoz sa, Mwen te mennen dife soti nan mitan ou.
Li fin manje ou nèt.
Mwen te fè ou vin tounen sann sou tè a
devan zye a tout moun ki wè ou yo.
19 Tout moun ki rekonèt ou pami pèp yo
vin etone jiskaske yo vin sezi de ou.
Ou te vin yon gwo etonman laperèz,
e ou va sispann egziste jis pou tout tan.”’”
20 Pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: 21 “Fis a lòm, mete figi ou vè Sidon. Pwofetize kont li, 22 epi di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a:
“Gade byen, Mwen kont ou, O Sidon,
e Mwen va vin glorifye nan mitan ou.
Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a,
lè Mwen egzekite jijman ladan l,
e nan li, Mwen vin sen.
23 Paske Mwen va voye epidemi ak bèt pou ravaje chan l.
San ap koule nan ri li yo.
Sila ki blese yo va tonbe nan mitan li,
e nepe va antoure l tout kote.
Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
24 “‘“P ap gen pou lakay Israël ankò rakbwa pikan ni yon grenn pikan plen doulè k ap sòti nan sila ki te moke yo. Epi yo va konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.”
25 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Lè M rasanble lakay Israël soti nan pèp kote yo gaye yo, e fè sentete Mwen vin parèt nan yo devan zye a tout nasyon yo, nan lè sa a, yo va viv nan peyi ke M te bay a sèvitè Mwen an, Jacob. 26 Yo va viv an sekirite ladann. Wi, yo va bati kay, plante chan rezen e viv ansekirite lè Mwen egzekite jijman sou tout sila ki moke de yo. Epi yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye yo a.”’”
Plent Ézéchiel pou Farawon
Yon pwofesi kont Égypte.
1 Nan douzyèm ane, nan douzyèm mwa, nan premye nan mwa a, “pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 2 ‘Fis a lòm, leve fè lamantasyon sou Farawon, wa Égypte la. Di li:
“Ou te konpare tèt ou ak yon jenn lyon nasyon yo;
sepandan, ou tankou yon gwo bèt sovaj lanmè a.
Ou pete vin parèt nan rivyè ou yo.
Ou te fè labou vin leve ak pye ou yo,
e te fè larivyè pa yo vin sal nèt.”
3 Konsa pale Senyè BONDYE a:
“Koulye a, Mwen va ouvri filè Mwen sou ou
avèk konpanyen a anpil moun,
e nan filè Mwen an, yo va fè ou leve.
4 Mwen va kite ou sou latè.
Mwen va jete ou sou chan ouvri,
epi Mwen va fè tout zwazo syèl yo poze sou ou.
Mwen va fè tout bèt sou latè yo vin satisfè sou ou.
5 Mwen va lage chè ou sou mòn yo,
e Mwen va plen vale yo ak kadav ou yo.
6 Anplis, Mwen va fè tè a bwè san ou.
L ap rive jis nan mòn yo.
Kous dlo yo va vin plen ak ou.
7 Konsa, lè M etenn ou, Mwen va kouvri syèl yo
e fè zetwal yo fènwa.
Mwen va kouvri solèy la ak yon nwaj,
e lalin nan p ap bay limyè.
8 Tout limyè k ap briye nan syèl la,
Mwen va fè yo vin nwa sou ou, e
va mete fènwa sou peyi ou a,”
deklare Senyè BONDYE a.
9 “Anplis, Mwen va twouble kè a anpil nasyon,
lè Mwen mennen destriksyon ou pami nasyon yo,
jis rive nan peyi ke ou pa t janm konnen.
10 Mwen va fè anpil pèp vin etone sezi de ou,
e wa yo va tèlman gen gwo laperèz pou ou,
lè M fè nepe M parèt devan yo akoz ou menm.
Yo va tranble tout tan,
chak moun pou pwòp lavi li,
nan jou ke ou tonbe a.”
11 Paske konsa pale Senyè BONDYE a:
“Nepe a wa Babylone nan va vini sou ou.
12 Pa nepe a pwisan yo,
Mwen va fè gwo foul lame ou yo tonbe.
Yo tout se chèf sovaj pami nasyon yo.
Yo va devaste ògèy Égypte la,
e tout gwo foul lame li yo va detwi.
13 Anplis, Mwen va detwi tout bèt
ki rete bò kote anpil dlo li yo.
Pye moun p ap gaye labou ankò,
ni zago a bèt p ap gaye labou ankò.
14 Konsa, Mwen va fè dlo yo vin kalm
e fè rivyè yo vin kouri kon lwil,”
deklare Senyè BONDYE a.
15 “Lè Mwen fè peyi Égypte vin yon dezolasyon,
e peyi a vin pèdi tout sa ki te fè l plen yo,
lè M frape tout sila ki rete ladann yo,
alò, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
16 “‘“Sa se yon lamantasyon. Ak li menm, y ap fè dèy. Fi a nasyon yo va chante li. Sou Égypte ak sou tout gwo foul lame li yo, yo va chante li”, deklare Senyè BONDYE a.’”