Ézéchiel: Égypte Desann nan Twou a

Yon pwofesi kont Égypte.

587 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Ézéchiel 32:17–32

17 Nan douzyèm ane, nan kenz nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 18 “Fis a lòm, rele anmwey pou gwo foul a Égypte yo. Desann yo menm ak fi a nasyon pwisan yo, jis rive nan pwofondè tè a, ansanm avèk sila ki desann nan twou fòs yo. 19 ‘Se ki moun ou depase nan bèlte? Desann, fè kabann ou ak ensikonsi yo.’ 20 Yo va tonbe nan mitan sila ki touye pa nepe yo. Fi a vin livre pou nepe a. Fè l rale soti ak tout gwo foul li yo. 21 Pi gran pami pwisan yo va pale ak li nan mitan sejou mò yo ansanm ak sila ki t ap ede li yo. ‘Yo fin desann, yo kouche san fè mouvman, ensikonsi yo, touye pa nepe yo.’

22 “Assyrie, li la, ak tout konpanyen li yo. Tonbo li yo antoure li. Yo tout touye, tonbe pa nepe, 23 tonbo a sila ki plase nan pati pi izole twou fòs la. Epi konpanyen li yo antoure tonbo li. Yo tout te touye, tonbe akoz nepe a; tout sila ki te fè gwo laperèz gaye nan peyi moun vivan yo.

24 “Élam la ak tout gwo foul li yo ki antoure tonbo li a. Yo tout mouri, tonbe pa nepe, e te desann ensikonsi nan pati piba latè yo; sila ki te kreye gwo laperèz nan tout peyi moun vivan yo, e te pote wont yo, ansanm avèk sila ki te desann nan twou fòs yo. 25 Yo fè kabann Elam nan pami sila ki touye ak tout gwo foul li yo. Tonbo yo antoure li. Yo tout se ensikonsi, touye pa nepe. Paske se gwo laperèz yo te kreye nan peyi moun vivan yo, e konsa,yo te pote wont yo avèk sila ki desann nan twou fòs yo. Yo rive nan mitan sila ki te touye yo.

26 “Méschec Tubal, ak tout gwo foul yo la. Tonbo yo antoure yo. Yo tout se ensikonsi, touye pa nepe. Paske se gwo laperèz yo te kreye nan peyi moun vivan yo. 27 Ni yo p ap kouche akote chèf pwisan a ensikonsi yo, sila ki te desann nan sejou mò yo ak zam lagè yo, ak nepe yo byen plase anba tèt yo. Men inikite yo te rete menm sou zo yo; sepandan, se pi pwisan yo te teworize nan peyi moun vivan yo.

28 “Men nan mitan ensikonsi a, ou va vin kraze, e kouche avèk sila ki te touye pa nepe yo.

29 “La tou, gen Édom, wa li ak tout prens li yo, ki malgre tout pwisans yo, vin kouche avèk sila ki te touye pa nepe yo. Yo va kouche avèk ensikonsi yo e avèk sila ki desann nan twou fòs yo.

30 “La tou, gen chèf nan nò yo, yo tout ak tout Sidonyen yo. Malgre tout gwo laperèz yo te kreye akoz pwisans yo, nan wont, yo te desann avèk sila ki te touye yo. Konsa, yo te kouche ensikonsi avèk sila ki te touye pa nepe yo, e te pote gwo wont yo avèk lòt yo ki desann nan twou fòs yo.

31 “Sa yo, Farawon va wè e li va twouve konsolasyon pou tout gwo foul li yo ki te touye pa nepe yo, menm Farawon ak tout lame li a,” deklare Senyè BONDYE a. 32 Sepandan, Mwen te mete gwo laperèz li nan peyi moun vivan yo. Malgre sa, li va kouche ak ensikonsi yo, avèk sila ki te touye pa nepe yo, menm Farawon ak tout gwo lame li yo”, deklare Senyè BONDYE a.

Yon Apèl pou Moun ki nan Kaptivite nan Babylone

Ézéchiel 33:1–20

1 Konsa, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: 2 “Fis a lòm, pale a fis a pèp ou yo pou di yo: ‘Si Mwen mennen nepe sou yon peyi, e pèp peyi a pran yon nonm soti pami yo pou fè li gadyen yo, 3 epi lè li wè nepe a ap vini sou peyi a, li soufle sou twonpèt pou avèti moun yo, 4 men sila ki tande son twonpèt la pa okipe l, e nepe a rive pran l, mennen l ale, san li ap tonbe sou pwòp tèt li. 5 Li te tande son twonpèt la men li pa t okipe l. San li va sou tèt li. Men si li te okipe sa a, li t ap sove lavi li. 6 Men si gadyen an wè nepe a ap vini, e li pa sonnen twonpèt la, moun yo pa avèti, e nepe a rive retire nenpòt moun pami yo, moun nan soti nan inikite li. Men san li, Mwen va egzije sa a nan men gadyen an.’

7 “Alò, pou ou menm, fis a lòm, Mwen te chwazi ou kon gadyen pou lakay Israël. Konsa, ou va tande yon mesaj soti nan bouch Mwen pou avèti yo pou Mwen. 8 Lè M di a mechan an: ‘O nonm mechan anverite ou va mouri’, men ou pa pale pou avèti e detounen mechan an pou l ka kite chemen mechan li an, nonm mechan sa a va mouri nan inikite li, men san li, Mwen va egzije sa nan men ou. 9 Men si ou, bò kote pa ou, ou avèti yon nonm mechan pou vire kite chemen li, e li pa vire kite chemen li an, li va mouri nan inikite li, men ou delivre lavi ou.

10 “Alò, pou ou, fis a lòm, pale ak lakay Israël: ‘Pale konsa e di: “Anverite, transgresyon nou yo ak peche nou yo, sou nou, e nou ap pouri ladan yo. Donk kòman nou ka viv?”’ 11 Pale ak yo: ‘“Jan Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a: “Mwen pa pran plezi nan lanmò a mechan yo, men pito pou mechan an vire kite chemen li an pou li viv. Retounen, retounen kite chemen mechan nou yo! Poukisa konsa ou ta mouri, O lakay Israël?”’

12 “Epi ou menm, fis a lòm, di a sitwayen parèy ou yo: ‘Ladwati a yon nonm dwat p ap ka delivre li nan jou transgresyon li. E mechanste a mechan an, li p ap tonbe akoz li, si li vire kite mechanste a. Ni yon nonm dwati p ap ka viv sou ladwati li nan jou ke li vin fè peche a.’ 13 Lè Mwen di a nonm dwat la ke, anverite, li va viv la, e li tèlman kwè nan ladwati li pou li komèt inikite, okenn nan zèv dwat li yo p ap vin sonje; men nan menm inikite sa ke li te fè a, li va mouri. 14 Men lè Mwen di a mechan an: “Anverite, ou va mouri,” e li vire kite peche li, pou vin pratike lajistis ak ladwati, 15 si yon nonm mechan vin remèt sa li te pwomèt pou bay, remèt sa li te pran nan vòlè, mache nan règleman ki bay lavi san ke li pa komèt inikite, li va anverite viv. Li p ap mouri. 16 Okenn nan peche ke li te komèt yo p ap vin sonje kont li. Li pratike lajistis ak ladwati. Anverite, li va viv.

17 “‘Malgre sa, sitwayen parèy ou yo di: “Chemen Senyè a pa dwat,” men se pwòp chemen pa yo ki pa dwat la. 18 Lè moun ladwati a kite ladwati pou komèt inikite, alò, li va mouri ladann. 19 Men lè mechan an vire kite mechanste li an pou vin pratike lajistis ak ladwati, li va viv ladan yo. 20 Men nou di: “Chemen SENYÈ a pa jis”. O lakay Israël, Mwen va jije nou chak selon chemen nou.’”