Ézéchiel Kondane Chèf ki te Twonpe Pèp la

Ézéchiel kontinye deklare kòlè Bondye kont chèf Jwif yo, ki te twonpe pèp la e ki te mennen l nan destriksyon li. Apre sa, li anonse Jwif yo pral retounen Jérusalem, epi wayòm Kris la pral jwenn bonè final li.

587 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Ézéchiel 34–35

1 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 2 “Fis a lòm, pwofetize kont bèje Israël yo. Pwofetize e di a bèje sila yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Malè, bèje Israël yo k ap nouri pwòp tèt yo! Èske bèje yo pa dwe bay manje a bann mouton an? 3 Nou manje grès e fè abiman ak len an. Nou kòche mouton gra a, san bay manje a bann mouton an. 4 Sila ki manke lasante yo, nou pa t ranfòse yo. Sa ki malad yo, nou pa t geri yo. Sa ki brize yo nou pa t panse yo. Sa ki gaye yo, nou pa t mennen yo retounen, ni nou pa t chache sa ki pèdi yo. Men ak opresyon e ak severite, nou te domine sou yo. 5 Yo te gaye akoz yo te manke yon bèje. Yo te devni manje pou tout bèt sovaj nan chan an, e yo te vin gaye nèt. 6 Bann mouton Mwen an te mache egare nan tout mòn yo, ak sou tout wo kolin yo. Bann mouton Mwen an te gaye sou tout sifas tè a, e pa t gen moun pou ale jwenn yo, ni chache yo.”

7 “‘Pou sa, nou menm ki bèje yo, tande pawòl SENYÈ a: 8 “Jan Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a: “anverite, akoz bann mouton Mwen an te vin viktim, bann mouton Mwen an te menm vin manje pa tout bèt chan yo, akoz yo te manke yon bèje. Bèje Mwen yo pa t chache bann mouton Mwen an, men bèje Mwen yo te nouri pwòp tèt pa yo. Konsa, yo pa t bay manje a bann mouton Mwen an. 9 Akoz sa, nou menm ki bèje yo, tande pawòl SENYÈ a:” 10 Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont bèje yo, Mwen va egzije mouton Mwen yo nan men yo, e fè yo sispann bay manje a mouton yo. Konsa bèje yo p ap bay pwòp tèt yo manje ankò, men Mwen va delivre bann mouton Mwen an soti nan bouch yo, pou yo ka pa sèvi kon manje pou yo ankò.”

11 “‘Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va chache mouton Mwen yo pou kont Mwen, e Mwen va chache jwenn yo. 12 Kon yon bèje konn pran swen bann mouton li nan jou ke li pami mouton ki gaye yo, konsa Mwen va pran swen mouton Mwen yo. Epi Mwen va delivre yo soti de tout peyi ke yo te gaye yo nan jou gwo nwaj ki te plen tristès la. 13 Mwen va mennen yo sòti pami pèp yo, rasanble yo soti nan peyi yo, e mennen yo nan pwòp peyi yo. Konsa, Mwen va bay yo manje sou mòn Israël yo, akote sous dlo yo ak tout kote ki abite nan peyi a. 14 Mwen va bay yo manje nan yon bon patiraj e pak kote yo manje a, va sou wotè mòn Israël yo. Nan yon bon pak yo va kouche. Yo va manje sou patiraj rich nan mòn Israël yo. 15 Mwen va bay manje a bann mouton pa M nan e Mwen va mennen yo nan repo,” deklare Senyè BONDYE a. 16 “Mwen va chache sila ki pèdi yo, mennen fè retounen sila ki gaye yo, panse sila ki blese yo, e ranfòse sa ki te malad. Men sila ki gra ak gwo fòs yo, Mwen va detwi yo. Mwen va bay yo manje nan jistis.”’

17 “Epi pou nou menm, bann mouton Mwen an, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen va jije antre yon mouton ak yon lòt, antre belye ak mal kabrit. 18 Èske se yon bagay ki twò piti pou nou, pou nou ta manje nan bon patiraj, pou nou oblije foule anba pye nou rès patiraj nou yo? Oswa pou ou ta bwè nan dlo ki pwòp yo, pou ou oblije foule tout lòt yo ak pye nou? 19 Pou bann mouton Mwen yo, oblije manje sa ke ou foule ak pye, e bwè sa ke ou fè vin sal ak pye ou!’

20 “Akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a a yo menm: ‘Gade byen, Mwen menm, Mwen va fè jijman antre mouton gra ak mouton mèg yo. 21 Akoz nou pouse ak bò kote e ak zepòl la, e lanse kòn sou tout sila ki fèb yo, jiskaske nou fin gaye yo a letranje, 22 pou sa, Mwen va delivre bann mouton Mwen an e yo p ap viktim ankò. Epi Mwen va jije antre yon mouton ak yon lòt. 23 Konsa, Mwen va plase sou yo yon sèl bèje, sèvitè Mwen an, David e li va bay yo manje. Li va bay yo manje li menm e li va vin bèje yo. 24 Epi Mwen menm, SENYÈ a, va vin Bondye yo, e sèvitè Mwen an, David, va prens pami yo. Mwen menm, SENYÈ a, fin pale.

25 “‘Mwen va fè yon akò lapè ak yo e retire bèt sovaj sou peyi a pou yo ka viv ansekirite nan dezè a, e dòmi byen nan forè a. 26 Mwen va fè yo menm ak tout kote ki antoure kolin Mwen yo vin yon benediksyon. Epi Mwen va fè bèl lapli tonbe, e lapli sa a va yon lapli ki pote benediksyon. 27 Anplis, pyebwa nan chan yo va donnen fwi yo. Latè a va donnen pwodwi li, e yo va ansekirite nan peyi yo. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M fin kase fè jouk yo a, e delivre yo soti nan men a sila ki te fè yo esklav yo. 28 Yo p ap viktim a nasyon yo ankò, e bèt latè yo p ap devore yo ankò. Men yo va viv ansekirite e pèsòn p ap fè yo pè. 29 Mwen va etabli pou yo yon plantasyon ki plen rekonesans. Yo p ap viktim a gwo grangou ankò, ni yo p ap sipòte ensilt a nasyon yo ankò. 30 Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, Bondye pa yo avèk yo e ke yo menm, lakay Israël la, se pèp Mwen, deklare Senyè BONDYE a. 31 Pou nou menm, mouton Mwen yo, mouton a patiraj pa Mwen yo, nou se lòm e Mwen se Bondye nou,’ deklare Senyè BONDYE a.”

35:1 Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote Mwen. Li te di: 2 “Fis a lòm, mete figi ou kont Mòn Séir e pwofetize kont li. 3 Di li:

‘Konsa pale Senyè BONDYE a:

“Gade byen, Mwen kont ou, Mòn Séir,

Mwen va lonje men M kont ou

pou fè ou vin yon dezolasyon ak yon dezè.

4 Mwen va fè devaste vil ou yo

e ou va vin Yon dezolasyon.

Konsa, ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.

5 “‘“Paske ou te gen rayisman san rete, e ou te livre fis Israël yo anba pouvwa nepe a nan lè malè yo, nan lè gwo pinisyon lafen an. 6 Akoz sa, jan Mwen viv la”, deklare Senyè BONDYE a: “Mwen va livre ou a san vèse, san vèse va swiv ou. Akoz ou pa t rayi san vèse, pou sa, san vèse va swiv ou. 7 Mwen va fè Mòn Séir vin yon dezè ak yon kote dezole. Mwen va dekoupe retire nèt sou li sila k ap pase antre retou ladan l. 8 Mwen va plen mòn li yo ak kadav li yo. Sou kolin ou yo, nan vale ou yo ak nan tout ravin ou yo, sila ki mouri pa nepe yo va tonbe. 9 Mwen va fè ou vin yon dezolasyon jis pou tout tan e vil ou yo p ap gen moun menm. Konsa ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.

10 “‘“Akoz ou te di: ‘ De(2) Nasyon sila yo ak de(2) peyi sa yo va pou mwen e nou va posede yo,’ sepandan, SENYÈ a te la, 11 Jan Mwen viv la”, deklare Senyè Bondye a: “Mwen va regle ou selon kòlè ou ak selon jalouzi ke ou te montre, akoz rayisman ou kont yo. Konsa, Mwen va fè Mwen menm vin rekonèt pami yo lè M jije ou. 12 Nan lè sa a, ou va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, te tande tout vye mo ou yo; sa ke ou te pale kont mòn Israël yo lè ou te di: ‘Yo fin dezole nèt. Yo fin livre nan men nou pou manje nèt.’ 13 Konsa, ou te pale ak awogans kont Mwen e ou te miltipliye pawòl ou yo kont Mwen. Mwen te tande sa.” 14 Konsa pale Senyè BONDYE a: “Pandan tout tè a ap rejwi, Mwen va fè ou vin yon dezolasyon. 15 Jan ou te rejwi sou eritaj lakay Israël akoz li te dezole a, se konsa Mwen va fè ou menm. Ou va vin yon dezolasyon, O Mòn Séir! Ak tout Édom, yo tout ladann. Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”