Ézéchiel Kondane Chèf ki te Twonpe Pèp la (continued)
Ézéchiel kontinye deklare kòlè Bondye kont chèf Jwif yo, ki te twonpe pèp la e ki te mennen l nan destriksyon li. Apre sa, li anonse Jwif yo pral retounen Jérusalem, epi wayòm Kris la pral jwenn bonè final li.
587 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Epi ou menm, fis a lòm, pwofetize a mòn Israël yo e di: “O mòn Israël yo, tande pawòl SENYÈ a. 2 Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz lènmi an te pale kont nou, “Ah, ah!”, ak “Wo plas yo vin devni posesyon nou,”’ 3 akoz sa, pwofetize e di: ‘Konsa pale Senyè Bondye a: “Se ak bon rezon yo te fè nou dezole, e te kraze nou tout kote a, pou nou te vin yon posesyon a rès nasyon yo, epi nou te vin retire nan pawòl ak ti soufle nan zòrèy a pèp la.” 4 Akoz sa, O, mòn Israël yo, tande pawòl a Senyè BONDYE a. Konsa pale Senyè BONDYE a mòn yo ak kolin yo, a ravin yo ak vale yo, a vil dezole ki te vin viktim ak yon rizib pou rès nasyon ki antoure l yo, 5 akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Anverite nan dife a jalouzi Mwen, Mwen te pale kont tout rès nasyon yo e kont tout Édom, ki te konfiske peyi Mwen an pou yo menm tankou yon posesyon ak yon kè ki plen ak jwa e yon nanm ki plen ak mepriz, pou yo ta ka sezi chan li yo kon piyaj.”’ 6 Akoz sa, pwofetize konsènan peyi Israël la, e di a mòn e a kolin yo, a ravin yo e a vale yo: ‘konsa pale Senyè Bondye a: “Gade byen, Mwen te pale nan jalouzi Mwen ak nan chalè kòlè Mwen, akoz nou te andire ensilt a nasyon yo.”’ 7 Akoz sa, pale Senyè Bondye a: “Mwen te sèmante, ‘Anverite, nasyon ki antoure nou yo va yo menm andire wont pa yo.’
8 “‘“Men nou menm, O mòn Israël yo, nou va lonje fè branch nou yo vin parèt pou pote fwi pou pèp Mwen an, Israël; paske avan anpil tan, y ap vini. 9 Paske gade byen, Mwen pou nou, Mwen va vire kote nou, e nou va vin kiltive e plante. 10 Mwen va fè moun miltipliye sou nou, tout lakay Israël la, tout moun ladann. Konsa, vil yo va abite e dezè yo va vin rebati. 11 Mwen va miltipliye sou nou, ni moun, ni bèt. Yo va vin ogmante e yo va bay fwi, epi Mwen va fè nou peple tèren an jan nou te ye avan an, e Mwen va trete nou pi byen ke avan. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a. 12 Wi, Mwen va fè mesye yo—pèp Mwen an, Israël— mache sou ou e posede ou, pou ou kapab vin eritaj pa yo pou yo pa janm retire pitit yo nan men yo ankò.”
13 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz lòt nasyon yo di nou: ‘Ou se yon pèp ki manje moun e ou te fè peyi ou pèdi pitit li yo,’ 14 Akoz sa, ou p ap manje moun ankò e ou p ap responsab pèt pitit peyi ou yo,” deklare Senyè BONDYE a. 15 “Mwen p ap kite nou koute ensilt a nasyon yo ankò, ni nou p ap pote mepriz a nasyon yo ankò, ni ou p ap fè nasyon pa w vin chite ankò”, deklare Senyè BONDYE a.’”
16 Epi pawòl SENYÈ a te rive kote mwen e te di: 17 “Fis a lòm, lè lakay Israël t ap viv nan pwòp peyi yo, yo te souye li ak chemen pa yo ak zak yo. Chemen yo devan M pa t pwòp tankou yon fanm nan lè règ li. 18 Akoz sa, Mwen te vide chalè kòlè Mwen sou yo pou san ke yo te vèse sou peyi a, akoz yo te souye li ak zidòl yo. 19 Anplis, Mwen te gaye yo pami nasyon yo, e yo te vin dispèse toupatou nan peyi yo. Selon chemen yo ak zak yo, Mwen te jije yo. 20 Lè yo te rive nan nasyon kote yo te ale yo, yo te pwofane non Mwen. Paske yo te di a yo menm: ‘Sila yo se pèp SENYÈ a; malgre, yo te vin sòti kite peyi Li a.’ 21 Men Mwen te vle konsève onè a non sen Mwen an, ke lakay Israël te pwofane pami nasyon kote yo te ale yo.
22 “Akoz sa, pale ak lakay Israël: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Se pa pou koz nou, O lakay Israël, ke Mwen prèt pou aji a, men pou non sen Mwen an, ke ou te pwofane pami nasyon kote nou te ale yo. 23 Mwen va fè valè sentete a gwo non Mwen an ki te pwofane pami nasyon yo, ke nou te pwofane nan mitan yo. Nan lè sa a nasyon yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a,” deklare Senyè BONDYE a: “lè M fè prèv sentete Mwen pami nou devan zye yo.
24 “‘“Paske Mwen va retire nou soti nan nasyon yo, rasanble nou soti nan tout peyi yo pou mennen nou antre nan pwòp peyi pa nou an. 25 Epi Mwen va flite yon dlo pwòp sou nou e nou va vin pwòp. Mwen va netwaye nou de tout sa ki malpwòp nan nou, e de tout zidòl nou yo. 26 Anplis, Mwen va bay nou yon kè tounèf e Mwen va mete yon lespri tounèf anndan nou. Epi Mwen va retire kè wòch la soti nan chè nou pou bay nou yon kè ki fèt ak chè. 27 Mwen va mete Lespri M anndan nou, fè nou mache nan règleman Mwen yo e nou va fè atansyon pou swiv tout lwa Mwen yo. 28 Nou va rete nan peyi ke M te bay a papa zansèt nou yo. Konsa, nou va pèp Mwen, e Mwen va Bondye pa nou. 29 Anplis, Mwen va sove nou de tout sa ki pa pwòp nan nou. Epi Mwen va rele pou sereyal miltipliye li e mwen p ap mennen gwo grangou rive sou nou. 30 Mwen va miltipliye fwi sou pyebwa ak pwodwi chan an, pou nou pa resevwa mepriz a gwo grangou pami nasyon yo ankò.”
31 “‘“Nan lè sa a, nou va sonje chemen mechan nou yo, zak nou ki pa t bon yo, e nou va rayi tèt nou nan pwòp zye nou, akoz inikite ak abominasyon nou yo. 32 Se pa pou koz nou ke m ap fè sa,” deklare Senyè BONDYE a: “Ke nou byen konprann sa a. Rete wont e twouble akoz chemen nou yo, O lakay Israël!”
33 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan jou ke M netwaye nou soti nan tout inikite nou yo, Mwen va fè vil la vin peple ak moun e kote dezole yo vin rebati. 34 Tèren dezole a va kiltive olye de vin yon dezolasyon devan zye a tout moun ki pase yo. 35 Yo va di: ‘Tè dezole sa a te vin tankou jaden Éden. Epi dezè a, vil ranblè yo vin ranfòse e vin gen moun.’ 36 Nan lè sa a, nasyon ki rete antoure nou yo va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, te rebati pil mazi yo, e te plante sa ki te vin dezè a. Mwen menm, SENYÈ a, fin pale e Mwen va fè sa.”
37 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Konsa anplis, men sa lakay Israël va mande M fè pou yo: Mwen va fè pèp pa yo a vin anpil tankou bann mouton. 38 Tankou bann mouton ki pou fè sakrifis, tankou bann mouton Jérusalem nan lè fèt li yo, konsa vil dezole yo va vin plen ak yon bann moun. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”’”
37:1 Men SENYÈ a te sou mwen, Li te mennen mwen sòti pa Lespri SENYÈ a, e te depoze m nan mitan vale a. Konsa, vale a te plen ak zo. 2 Li te fè m pase toutotou nan yo, e gade byen, te gen anpil sou sifas vale a. Epi gade byen, yo te byen sèch. 3 Li te di mwen: “Fis a lòm, èske zo sila yo kapab viv?”
Konsa, mwen te reponn: “O Senyè BONDYE! Ou menm ki konnen.”
4 Ankò li te di mwen: “Pwofetize sou zo sila yo pou di yo: ‘O zo sèch yo, tande pawòl SENYÈ a. 5 Konsa pale Senyè BONDYE a a zo sila yo: “Gade byen, Mwen va fè souf lavi antre nan nou pou nou kapab vin vivan. 6 Mwen va mete venn sou nou, kite chè vin grandi sou nou ankò, e mete souf nan nou pou nou ka vin vivan. Epi nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”’” 7 Konsa, mwen te pwofetize jan mwen te kòmande a. Epi pandan mwen t ap pwofetize a, te gen yon bri e, gade byen, yon son tankou yon bagay k ap souke. Konsa, zo yo te vin rive ansanm, zo ak zo parèy yo. 8 Mwen te gade e vwala, venn te vin sou yo, chè te vin grandi, e po yo te vin kouvri. Men pa t gen souf nan yo.
9 Epi li te di mwen: “Pwofetize a souf lavi a! Pwofetize, fis a lòm, e di a souf lavi a: ‘Konsa pale Senyè BONDYÈ a: “Vin sòti nan kat van yo, O souf lavi, e soufle sou sila ke yo te touye yo, pou yo ka vin vivan.”’”
10 Konsa, mwen te pwofetize jan Li te kòmande mwen an. Souf lavi a te antre nan yo. Yo te vin vivan e te kanpe sou pye yo, yon lame gran depase.
11 Konsa li te di mwen: “Fis a lòm, zo sila yo se tout lakay Israël. Gade byen, yo di: ‘Zo nou yo vin sèch e espwa nou fin peri. Nou fin koupe retire nèt.’ 12 Pou sa, pwofetize e di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va ouvri tonm nou yo pou fè nou monte sòti nan tonm nou yo, pèp Mwen an; epi Mwen va mennen nou antre nan peyi Israël. 13 Nan lè sa a, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M fin ouvri tonm nou yo e fè nou monte sòti nan tonm nou yo, pèp Mwen an. 14 Mwen va mete Lespri M anndan nou, nou va vin vivan e Mwen va mete nou sou pwòp tèren pa nou. Nan lè sa a, nou va konnen ke Mwen, SENYÈ a, te fin pale, e te fè sa,” deklare SENYÈ a.’”
15 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen ankò. Li te di: 16 “Ou menm, fis a lòm, pran pou kont ou yon mòso bwa e ekri sou li: ‘Pou Juda e pou fis a Israël parèy li yo’. Epi pran yon lòt mòso bwa e ekri sou li: ‘Pou Joseph, bwa Éphraïm nan, ak tout lakay Israël parèy li yo.’ 17 Konsa, pou kont ou, fè yo vin jwenn youn ak lòt pou vin fè yon sèl bwa, pou yo ka vin youn nan men ou.”
18 “Lè fis a pèp ou yo mande ou e di: ‘Èske ou p ap deklare a nou menm sa ou vle di ak sa yo?’ 19 Di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va pran bwa Joseph la, ki nan men Éphraïm nan, ak tribi Israël parèy li yo, epi Mwen va mete yo avèk li, avèk bwa a Juda a. Konsa, yo va fè yon sèl bwa. Yo va vin youn nan men M. 20 Bwa sou sila ou ekri yo, va nan men ou devan zye yo.”’ 21 Pale ak yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va pran fis Israël yo soti nan nasyon kote yo te ale yo. Epi Mwen va rasanble yo soti tout kote pou mennen yo antre nan pwòp peyi pa yo. 22 Konsa, Mwen va fè yo vin yon nasyon nan peyi a, sou mòn Israël yo, epi yon wa va wa pou yo tout. Konsa, yo p ap fè de nasyon ankò e yo p ap divize an de wayòm ankò. 23 Yo p ap souye tèt yo ak zidòl yo ankò, ni ak bagay abominab yo, ni ak okenn nan transgresyon yo. Konsa, Mwen va delivre yo de tout abitasyon kote yo te fè peche yo e Mwen va netwaye yo. Yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo.”
24 “‘“Sèvitè Mwen an, David va wa sou yo e yo tout va gen yon sèl bèje. Yo va mache nan règleman Mwen yo, e yo va kenbe lalwa M yo, e yo va swiv yo. 25 Yo va viv sou tè ke M te bay a Jacob la, sèvitè Mwen an, nan sila papa zansèt nou yo te rete a. Yo va viv sou li, yo menm, fis yo ak fis a fis yo, jis pou tout tan, epi David, sèvitè Mwen an, va prens yo jis pou tout tan. 26 Mwen va fè yon akò lapè avèk yo. Li va yon akò k ap dire pou tout tan avèk yo. Mwen va etabli yo, fè yo vin miltipliye e Mwen va mete sanktyè Mwen nan mitan yo jis pou tout tan. 27 Anplis, abitasyon Mwen an va avèk yo, epi Mwen va Bondye yo, e yo va pèp Mwen. 28 Konsa, nasyon yo va konnen ke Mwen se SENYÈ ki sanktifye Israël la, lè sanktyè Mwen an nan mitan yo jis pou tout tan.”’”