Gwo Lit Legliz la ak Lènmi li yo

Yon pwofesi sou gwo lit ki pral fèt ant legliz la ak lènmi li yo, epi sou konvèsyon Jwif yo nan dènye jou yo.

587 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Ézéchiel 38–39

1 Epi pawòl Bondye te vin kote mwen. Li te di: 2 “Fis a lòm, mete figi ou vè Gog nan peyi Magog, prens a Rosch la, Méschec, ak Tubal e pwofetize kont li. 3 Di l: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont ou, O Gog, prens a Rosch la, Méschec ak Tubal. 4 Mwen va fè ou detounen. Mwen va mete yon kwòk nan machwè ou, e Mwen va rale ou deyò ak tout lame ou a; cheval ak chevalye yo, yo tout byen abiye, yon gran twoup moun, boukliye ak pwotèj, tout k ap manyen nepe; 5 Perse Ethiopie e Put avèk yo, yo tout ak boukliye ak kas; 6 Gomer ak tout twoup li yo; Beth-Togarma soti kote ki pi lwen nan nò a avèk tout twoup li yo—anpil moun avèk ou.”

7 “‘“Prepare ou e rete prepare, ou menm ak tout twoup ki rasanble antoure ou yo. Veye byen sou yo. 8 Apre anpil jou, ou va vizite. Nan dènye ane yo, ou va vin antre nan tèren ki vin restore soti anba nepe a. Moun ki rasanble va soti anpil nasyon pou rive sou mòn Israël yo. Yon kote ki te devni san vale, va soti nan men nasyon yo, e la, y ap viv ansekirite, yo tout. 9 Ou va monte. Ou va vini tankou yon tanpèt. Ou va tankou yon nwaj k ap kouvri peyi a, ou menm ak tout twoup ou yo, ansanm ak anpil lòt nasyon yo.”

10 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Li va rive nan jou sa a, ke kèk panse va vin antre nan lespri ou e ou va anvizaje yon move plan. 11 Konsa ou va di: ‘Mwen va monte kont peyi a ak vil san miray yo. Mwen va ale kont sila ki an repo yo, ki viv ansekirite yo, yo tout k ap viv san miray yo, san fè fòje ni pòtay yo, 12 pou kaptire e sezi piyaj la, pou vire men ou kont kote dezè ki, koulye a, gen moun yo, e kont pèp ki vin rasanble soti nan nasyon yo, ki te vin genyen byen ak bèt, ki viv nan mitan mond lan.’ 13 Séba, Dedan, komèsan Tarsis yo ak tout ti vil li yo va di ou: ‘Èske ou vini pou kaptire piyaj la? Èske ou te rasanble twoup ou yo pou sezi piyaj la, pou pote ale ajan ak lò, pou pote ale bèt ak anpil byen, pou sezi gwo piyaj la?’”’

14 “Pou sa, pwofetize, fis a lòm, e di a Gog: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan jou ke pèp Mwen an ap viv ansekirite a, èske ou p ap konnen sa? 15 Ou va sòti nan plas kote ki pi lwen yo nan nò a, ou menm ak anpil pèp avèk ou, yo tout ap galope cheval, yon gwo asanble e yon lame pwisan. 16 Epi ou va vini kont pèp Mwen an, Israël, tankou yon gran nwaj k ap kouvri tout tè a. Li va vin rive nan dènye jou ke Mwen va mennen ou vini kont peyi Mwen, pou nasyon yo ka konnen Mwen lè M fin sanktifye atravè ou menm, O Gog, devan zye yo.”

17 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Èske ou se moun sou sila ke M te pale nan ansyen jou yo pa sèvitè Mwen yo, pwofèt Israël yo? Sila ki te pwofetize nan jou sa yo pandan anpil ane pou M ta mennen ou kont yo? 18 Li va vin rive nan jou sila a, lè Gog monte kont peyi Israël”, deklare Senyè BONDYE a: “ke gwo chalè mekontantman Mwen va monte nan kòlè Mwen. 19 Nan devouman Mwen ak nan chalè kòlè Mwen, Mwen deklare ke nan jou sa a, va anverite gen yon gwo tranbleman detè nan peyi Israël. 20 Pwason lanmè yo, zwazo syèl yo, bèt nan chan yo, tout bèt sila k ap kouri atè yo ak tout moun sou sifas tè a va souke devan prezans Mwen. Mòn yo tou va jete anba, ti wout apik yo va vin bouche e tout miray va tonbe atè. 21 Mwen va rele yon nepe kont li sou tout mòn Mwen yo”, deklare Senyè BONDYE a. “Nepe a tout moun va kont frè yo. 22 Ak ensèk ak maladi, e ak san, Mwen va antre an jijman ak li. Mwen va voye lapli sou li ak twoup li yo e sou kantite moun ki vini avèk li yo, yon gwo lapli ak gwo wòch lagrèl, ak dife, ak souf. 23 Mwen va egzalte tèt Mwen, sanktifye tèt Mwen e fè tèt Mwen menm vin rekonèt nan zye a anpil nasyon. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”

39:1 “Epi ou menm, fis a lòm, pwofetize kont Gog pou di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont ou, O Gog! Prens a Rosch, Méschec ak Tubal la. 2 Epi Mwen va detounen ou, kontinye wout la, pran ou soti nan kote nò ki pi izole a pou mennen ou kont mòn Israël yo. 3 Mwen va frape banza ou jis li kite men goch ou, e fè flèch yo tonbe kite men dwat ou. 4 Ou va tonbe sou mòn Israël yo, ou menm, tout sòlda ou yo ak moun ki avèk ou yo. Mwen va bay ou kon manje pou tout kalite zwazo kanivò ak bèt nan chan. 5 Ou va tonbe nan chan ouvri, paske se Mwen menm ki fin pale sa,” deklare Senyè BONDYE a. 6 “Epi Mwen va voye dife sou Magog ak sila ki rete ansekirite nan lil kot lanmè yo, epi yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.

7 “‘“Non sen Mwen an, Mwen va fè Li vin rekonèt nan mitan pèp Mwen an, Israël. Konsa, Mwen p ap kite non Mwen vin pwofane ankò. Nasyon yo va konnen ke Mwen se Senyè a, Sila Ki Sen an Israël la. 8 Gade byen, sa ap vini e sa va fèt,” deklare Senyè BONDYE a. “Sa se jou nan sila Mwen te pale a.”

9 “‘“Nan lè sa a, sila ki rete nan vil Israël yo va sòti deyò pou limen dife ak zam yo pou brile yo, ni pwotèj yo, ni boukliye yo, banza ak flèch yo, baton lagè ak nepe yo e pandan sèt ane, yo va fè dife ak yo. 10 Yo p ap pran bwa nan chan an, ni sanble bwa dife ki soti nan forè yo, paske yo va fè dife ak zam yo. Epi yo va pran piyaj a sila ki te piyaje moun yo, e sezi piyaj a sila ki te fè piyaj yo,” deklare Senyè BONDYE a.

11 “‘“Nan jou sa a, Mwen va bay Gog yon simityè la an Israël, nan vale kote moun yo pase sou kote lès lanmè a, e li va bloke sila ki ta pase ladann. Konsa, yo va antere Gog ak tout foul li a, e yo va rele la, ‘Vale Moun Gog la’.

12 “‘“Pandan sèt mwa, lakay Israël va fè antèman yo, pou netwaye peyi a. 13 Menm tout pèp peyi a, va fè antèman yo. Epi sa va fè yo renome patou nan jou sa a, pou pwòp tèt Mwen ka resevwa glwa,” deklare Senyè BONDYE a.”

14 “Yo va mete apa moun ki anplwaye nèt k ap pase nan peyi a. Sila yo k ap pase ap rive kote y ap antere sa yo ki rete sou sifas tè a, pou yo ka netwaye li. Nan fen sèt mwa yo, yo va fè yon rechèch pou twouve yo. 15 Pandan sila k ap fè rechèch nan peyi yo ap pase, e nenpòt moun wè zo a yon moun, alò, li va mete yon makè akote l jiskaske ekip antèman an vin antere li nan Vale Moun Gog la. 16 Pou sa, non vil la menm va Hamona. Konsa yo va netwaye peyi a.”

17 “Pou ou menm, fis a lòm, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Pale a tout kalite zwazo, ak tout bèt nan chan: “Rasanble nou e vini. Rasanble soti tout kote anvè sakrifis Mwen, ke M ap pral fè pou nou an, yon gwo sakrifis sou mòn Israël yo, pou nou ka manje chè ak bwè san. 18 Nou va manje chè a mesye pwisan yo, e bwè san a prens latè yo, konsi se te belye, jenn mouton, kabrit, ak towo, tout bèt gra a Basan yo. 19 Akoz sa, nou va manje grès jiskaske nou vin toufe nèt ak sakrifis Mwen, ke M fin fè pou nou an. 20 Nou va toufe nèt sou tab Mwen an ak cheval yo, ak mesye mèt cha yo, mesye pwisan yo ak tout gwo mesye lagè yo”, deklare Senyè BONDYE a.’

21 “Konsa, Mwen va mete glwa Mwen pami nasyon yo. Tout nasyon yo va wè jijman ke Mwen te egzekite ak men M, ke M te fè poze sou yo a. 22 Epi lakay Israël va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye yo a, depi jou sa a, pou rive ale nèt. 23 Nasyon yo va konnen ke lakay Israël te antre an egzil akoz inikite yo. Akoz yo te aji kon trèt ak Mwen, Mwen te kache figi Mwen de yo. Konsa, Mwen te livre yo nan men advèsè yo, e yo tout, te tonbe devan nepe. 24 Selon salte yo e selon transgresyon yo, Mwen te aji avèk yo, e Mwen te kache figi Mwen de yo.”

25 “Pou sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Koulye a, Mwen va restore avni a Jacob, e Mwen va gen mizerikòd pou tout lakay Israël, epi Mwen va jalou pou non sen Mwen an. 26 Yo va bliye wont yo ak tout trèt yo te konn fè kont Mwen yo, lè y ap viv ansekirite nan pwòp peyi pa yo, lè okenn moun p ap fè yo pè. 27 Lè Mwen mennen yo retounen soti nan lòt pèp yo, e rasanble yo soti nan peyi lènmi yo; nan lè sa a, Mwen va vin sanktifye de yo devan zye a anpil nasyon. 28 Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye yo a, akoz mwen te fè yo antre an egzil pami nasyon yo, e alò, Mwen te rasanble yo ankò nan pwòp peyi yo. Epi Mwen p ap kite okenn nan yo kaptif ankò. 29 Mwen p ap kache figi Mwen de yo ankò, paske M ap gen tan fin vide Lespri m sou lakay Israël,’ deklare Senyè BONDYE a.”