Pati 4: Evènman nan Babylone jiskaske yo retounen

Evènman nan Babylone, depi destriksyon Jérusalem rive nan retou apre kaptivite a.

Ézéchiel Aprann Jérusalem Tonbe

Lè Ézéchiel resevwa nouvèl destriksyon Jérusalem, li predi devastasyon total peyi Juda ak jijman Bondye sou nasyon ki antoure l yo e ki se lènmi Jwif yo.

587 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Ézéchiel 33:21–33

21 Alò, nan douzyèm ane egzil nou an, nan senkyèm jou nan dizyèm mwa a, yon moun ki te chape Jérusalem te vin kote mwen. Li te di: “Yo fin pran vil la.” 22 Alò, men SENYÈ a te sou mwen pandan nwit lan avan moun chape a te vin parèt la. Epi konsa, Li te louvri bouch mwen avan lè li te vin kote mwen nan maten an. Donk, bouch mwen te louvri e mwen pa t ankò bèbè.

23 Epi pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 24 “Fis a lòm, sila kirete kote dezole sa yo nan peyi Israël ap di: ‘Abraham se te yon sèl, malgre sa, li te posede tè a. Men nou menm anpil. Peyi a te bay a nou.’ 25 Pou sa, pale yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nou manje vyann ak san ladann; nou leve zye nou vè zidòl yo pandan n ap vèse san. Èske konsa, nou ta dwe vin posede peyi a? 26 Nou mete konfyans nou nan nepe nou, nou komèt zak abominab, e nou tout souye madanm a vwazen nou. Èske konsa, nou ta dwe posede peyi a?”’

27 “Konsa ou va pale ak yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Jan Mwen viv la, anverite, sila ki nan savann yo va tonbe pa nepe. Nenpòt moun ki nan chan ouvri a, Mwen va bay li a bèt sovaj pou devore li, e sila ki nan sitadèl ak nan kav yo, yo va mouri akoz ensèk ak gwo maladi. 28 Mwen va fè tè a vin dezole jis pou l etone moun. Ògèy a pouvwa li a va sispann. Mòn Israël yo va vin dezole jiskaske pèsòn p ap travèse yo. 29 Konsa yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M fè peyi a vin yon dezolasyon ak yon dezè akoz tout zak abominab ke yo te komèt yo.”’

30 “Men pou ou menm, fis a lòm, sitwayen parèy ou yo ap pale de ou. Akote miray yo ak nan pòtay kay yo, y ap pale youn a lòt, yo chak a frè yo pou di: ‘Vini koulye a pou tande mesaj sila ki sòti nan SENYÈ a.’ 31 Yo vin kote ou jan moun konn vini. Yo chita devan ou tankou pèp Mwen an pou yo tande pawòl ou. Men yo pa fè yo. Paske nan bouch, yo renmen, men kè yo ap kouri dèyè pwòp benefis pa yo. 32 Gade byen, ou vin pou yo tankou yon chan sansyèl ki chante pa yon moun ak yon bèl vwa, byen jwe sou enstriman. Paske yo tande pawòl ou yo, men yo pa pratike yo.

33 “Pou sa, lè a rive—gade byen, li va rive—alò, yo va konnen ke yon pwofèt te la nan mitan yo.”

Ézéchiel 25

1 Epi pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: 2 Fis a lòm, mete figi ou vè fis a Ammon yo e pwofetize kont yo, 3 Di a fis a Ammon yo: ‘Tande pawòl Senyè BONDYE a! Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz ou te di: ‘Ha ha!’ kont sanktyè Mwen an lè li te vin pwofane a, kont peyi Israël lè l te vin dezole nèt la, e kont lakay Juda lè l te antre an egzil la, 4 pou sa, gade byen, Mwen va bay ou menm a fis lès yo pou yo genyen ou nèt. Yo va mete kan yo pami ou e fè anplasman yo pami ou. Y ap manje fwi ou yo e bwè lèt ou yo. 5 Mwen va fè Rabba vin yon patiraj pou chamo e fis a Ammon yo vin yon kote pou fè pak pou bann mouton. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.” 6 Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz nou te bat men nou, frape pye nou atè e te rejwi ak tout mepriz ki te nan kè nou kont peyi Israël, 7 pou sa, gade byen, Mwen te lonje men M kont nou e Mwen va bay nou kon piyaj a nasyon yo. Epi Mwen va koupe retire nou nèt de pèp yo, e fè nou peri soti nan peyi yo. Mwen va detwi nou. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”

8 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz Moab ak Séir di: ‘Gade byen, lakay Juda a tankou tout nasyon yo,’ 9 pou sa, gade byen, Mwen prive vil li yo de pòsyon bò kote yo, vil ki sou fwontyè li yo, ki se glwa a tout peyi a; Beth-Jeschimoth Baal-Meon, ak Kirjathaïm, 10 epi Mwen va bay li kon posesyon ansanm avèk fis a Ammon yo bay fis a lès yo, pou fis a Ammon pa vin sonje menm pami nasyon yo. 11 Konsa, Mwen va egzekite jijman sou Moab, epi yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”

12 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz Édom te aji kont lakay Juda lè l te pran vanjans, e te vin koupab anpil nan vanje tèt yo sou yo,” 13 akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Mwen va osi lonje men M kont Édom e koupe retire nèt ni lòm ni bèt sou li. Mwen va fè dega ladann nèt. Soti nan Théman, jis rive nan Dedan, yo va tonbe pa nepe. 14 Mwen va poze vanjans Mwen sou Édom pa men a pèp Mwen an, Israël. Pou sa, yo va aji nan Édom selon mekontantman Mwen e selon chalè kòlè Mwen. Konsa, yo va vin konnen vanjans Mwen an,” deklare Senyè BONDYE a.

15 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz Filisten yo te aji ak vanjans e te pran vanjans yo avèk tout mepriz a nanm pou detwi ak yon rayisman etènèl,” 16 akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va lonje men M kont Filisten yo, menm koupe retire Keretyen yo nèt, e detwi retay ki bò kot lanmè a. 17 Mwen va egzekite gwo vanjans sou yo ak repwòch ki plen ak chalè kòlè Mwen. Epi yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a lè Mwen poze vanjans Mwen sou yo a.”’”