Jérémie pwofetize kont Égypte

587 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Jérémie 43:8–13

8 Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Jérémie nan Tachpanès. Li te di: 9 “Pran kèk nan gwo wòch nan men ou, e sere yo nan mòtye nan pave brik ki nan antre palè Farawon ki nan Tachpanès la, devan zye a kèk nan Jwif yo. 10 Epi di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen va voye chache Nebucadnetsar, wa Babylone nan sèvitè Mwen an, e Mwen va plase twòn li byen dirèk anwo wòch sila ke m te kache yo; epi li va ouvri gwo abri wayal pa l anwo yo. 11 Anplis, li va vin frape peyi Égypte la. Sila ki te fèt pou mouri va mouri; sila pou prizon yo, va vin anprizone, e sila ki pou nepe yo, va jwenn nepe. 12 Epi Mwen va mete dife sou tanp dye Égypte yo, li va brile yo e soti avèk yo kon prizonye. Li va vlope li menm ak peyi Égypte kon yon bèje vlope kò l ak vètman li, e li va sòti la, ansekirite. 13 Anplis, li va kraze nèt imaj an wòch Beth-Schémech yo, ki nan peyi Égypte la, epi tanp dye a Égypte yo, li va brile yo ak dife.”’”

Jérémie 46:13–28

13 Sa se mesaj ke SENYÈ a te pale a Jérémie, pwofèt la, konsènan avni a wa Nebucadnetsar, wa Babylone nan, pou frape peyi Égypte la:

14 “Se pou nou deklare an Égypte

e pwoklame nan Migdol;

pwoklame tou nan Noph e nan Tachpanès;

Di: ‘Pran pozisyon nou e kanpe,

paske nepe fin devore sila ki antoure nou yo.’

15 Poukisa mesye pwisan nou yo vin pwostène?

Yo pa kanpe akoz SENYÈ a te pouse yo desann.

16 Li fè anpil tonbe;

anverite, yo tonbe youn kont lòt.

Yo te di: ‘Kanpe! Annou retounen kote

pwòp pèp pa nou, nan peyi natal nou,

lwen nepe a sila k ap oprime a.’

17 Yo te kriye la: ‘Farawon, wa Égypte la,

pa plis ke yon gwo bri;

li te kite tan deziye a fin pase!’

18 “Jan Mwen viv la,” deklare Wa a

ki gen kon non Li, SENYÈ dèzame yo,

“Anverite, youn ki parèt gran tankou Mòn Thabor pami mòn yo,

oswa tankou Carmel akote lanmè a;

se konsa lap vini.

19 Prepare valiz ou pou egzil,

O fi k ap demere an Égypte,

paske Noph va devni yon dezolasyon;

li va brile menm,

pou l rete vid san moun ladann.

20 “Égypte se yon gazèl byen bèl,

men yon gwo mouch ap vini soti nan nò.

Li fin rive.

21 Anplis, sòlda mèsenè etranje nan mitan li yo

tankou jenn bèf yo byen angrese,

paske yo menm tou te fin vire nèt;

yo te sove ale ansanm.

Yo pa t kanpe,

paske jou malè pa yo fin rive sou yo;

lè pinisyon pa yo.

22 Son li va soti kon yon sèpan;

paske tankou yon lame, yo vini,

yo rive kote li ak moun k ap pote rach.

23 “Yo va koupe forè li”, deklare SENYÈ a;

anverite, li p ap twouve ankò;

paske yo plis pase gwo lame krikèt volan.

Fòs kantite yo depase kontwòl.

24 Fi Égypte la ap fè gwo wont;

lap livre nan pouvwa moun nan nò yo.”

25 SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la di: “Gade byen, Mwen ap pini Amon ki rete Thebes la, Farawon e Égypte ansanm ak dye li yo ak wa li yo, menm Farawon ak sila ki mete konfyans nan li yo. 26 Mwen va livre yo a sila k ap chache touye yo, menm nan men Nebucadnetsar, wa Babylone nan ak nan men chèf li yo. Malgre sa, apre, li va vin gen moun ki rete ladann jan li te ye nan tan pase a.” deklare SENYÈ a.

27 Men pou ou menm, O! Jacob, sèvitè Mwen an,

pa gen lakrent, ni pa twouble, O Israël!

Paske ou wè, Mwen va sove nou soti lwen,

e desandan nou yo soti nan peyi kaptivite yo.

Jacob va retounen pou rete san twoub,

ansekirite, san pèsòn ki pou fè l tranble.

28 O Jacob, sèvitè Mwen an, pa gen lakrent!” deklare SENYÈ a:

“paske, Mwen avèk ou.

Paske Mwen va fè fen a tout nasyon

kote Mwen te chase ou ale yo.

Sepandan, Mwen p ap fè fen a ou menm;

men Mwen va korije ou jan sa dwe fèt

e Mwen p ap kite ou san pinisyon.”

Dènye pwofesi Jérémie yo kont adoratè zidòl yo

Dènye pwofesi Jérémie yo kont Jwif k ap adore zidòl yo ak kont Égypte.

Jérémie 44

1 Pawòl ki te rive kote Jérémie pou tout Jwif ki te rete nan peyi Égypte yo, sila ki te rete nan Migdol yo, Tachpanès Noph ak nan peyi a Pathros yo. Li te di: 2 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Nou menm, nou te wè tout malè ke M te mennen sou Jérusalem ak tout vil Juda yo. Gade byen, nan jou sa a, yo fin kraze nèt e pèsòn pa rete nan yo, 3 akoz mechanste ke yo te fè pou pwovoke M a lakòlè, akoz yo te kontinye brile sakrifis pou sèvi lòt dye ke yo pa t konnen, ni yo, ni nou menm, ni zansèt nou yo. 4 Malgre sa, Mwen te voye bannou tout sèvitè mwen yo, pwofèt yo, ankò e ankò e Mwen te di: “Ah, pa fè bagay abominab sila ke m menm rayi a.” 5 Men yo pa t koute, ni panche zòrèy yo pou kite mechanste yo, pou yo pa brile sakrifis a lòt dye yo. 6 Akoz sa, kòlè Mwen ak mekontantman Mwen te vide e te brile nan vil Juda yo ak nan ri a Jérusalem yo, jiskaske yo vin detwi nèt e vin yon dezolasyon jis rive jodi a.’

7 “Alò, konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Poukisa n ap fè gwo mal sa a nou menm, pou nou ta koupe retire nèt de nou menm, gason, fanm, pitit, ak tibebe, pou kite tèt nou san retay. 8 Epi pwovoke M a lakòlè avèk zèv men nou, brile sakrifis a lòt dye nan peyi Égypte yo, kote nou ap antre pou rezide, pou nou kab vin koupe retire nèt e devni yon madichon ak yon repwòch pami tout nasyon sou latè yo? 9 Èske nou fin bliye mechanste a papa zansèt nou yo, mechanste a wa a Juda yo, mechanste a madanm yo, pwòp mechanste pa nou, mechanste a madanm pa nou yo, ke yo te komèt nan peyi Juda a ak nan ri Jérusalem yo. 10 Men yo pa t repanti, menm jis rive jodi a, ni yo pa t gen lakrent, ni mache nan lalwa Mwen, ni règleman ke M te mete devan nou yo ak devan papa zansèt nou yo.’

11 “Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen ap fikse fas Mwen kont nou pou malè, menm pou koupe retire tout Juda. 12 Epi Mwen va retire retay Juda ki te fikse panse yo sou antre nan peyi Égypte pou abite la, e yo va tout twouve move desten pa yo. La, nan peyi Égypte, yo va tonbe pa nepe e rankontre desten yo nan gwo grangou. Yo va devni yon madichon, yon objè degoutan, yon anatèm ak yon repwòch. 13 Epi Mwen va pini sila ki rete nan peyi Égypte yo , kon mwen te pini Jérusalem, ak nepe a, ak grangou, ak bèt ki ravaje chan e ak epidemi. 14 Konsa, p ap gen moun ki chape, ni ki retounen nan retay Juda ki te antre nan peyi Égypte pou rezide la ak entansyon pou retounen nan peyi Juda, kote yo gen anvi retounen viv la. Paske okenn moun p ap retounen sof ke kèk grenn ki chape.’”

15 Epi tout sila ki te konnen ke madanm yo t ap brile sakrifis a lòt dye yo, ansanm ak tout fanm ki te kanpe la yo, yon gwo asanble, menm ak tout moun ki te rete Pathros nan peyi Égypte la, te reponn a Jérémie. Yo te di: 16 “Pou mesaj ke ou te pale nou nan non SENYÈ a, nou p ap koute ou! 17 Men pito, nou va akonpli tout pawòl ki te sòti nan bouch pa nou, lè n ap brile sakrifis a rèn syèl la, e vide bwason devan l, menm jan ke nou menm, ak papa zansèt nou yo, wa nou yo, ak prèt nou yo te konn fè nan vil Juda yo ak nan ri a Jérusalem yo. Paske nan lè sa a, nou te gen kont manje, nou te byen alèz e nou pa t konn soufri malè. 18 Men depi lè nou te sispann brile sakrifis a rèn syèl la ak vide bwason devan l, nou te vin manke tout bagay, e nou te vin anile pa nepe ak gwo grangou.” 19 Fanm yo te pale: “Lè nou t ap brile sakrifis a rèn syèl la, e nou t ap vide ofrann bwason a li menm, èske se te san mari nou ke nou te fè pou li gato sakrifis nan imaj li e te vide ofrann bwason a li menm?”

20 Epi Jérémie te di a tout pèp la, a mesye yo ak fanm yo—menm a tout pèp ki t ap reponn li konsa yo—e li te di: 21 Pou sakrifis lafimen ke nou te brile nan vil a Juda yo ak ri a Jérusalem yo, nou menm ak papa zansèt nou yo, wa nou yo, ak prens nou yo e pèp peyi a, èske SENYÈ a pa t sonje yo, e èske tout sa pa t antre nan panse Li? 22 Konsa, SENYÈ a pa t ka sipòte sa akoz mechanste a zak nou yo, akoz zak abominab ke nou te komèt yo. Se pou sa, peyi nou an fin detwi nèt, yon objè degoutan ak yon madichon, san pèsòn pou rete ladann, jan li ye jodi a. 23 Akoz nou te brile sakrifis yo, nou te peche kont SENYÈ a e pa t obeyi vwa SENYÈ a, ni mache nan lalwa Li, règleman Li yo, ak temwayaj Li yo; akoz sa, gran malè sa a vin tonbe sou nou, jan li ye jodi a.

24 Konsa, Jérémie te di a tout pèp la, ansanm ak tout fanm yo: “Tande pawòl SENYÈ a, tout Juda ki rete nan peyi Égypte la, 25 Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, konsa: ‘Pou nou menm ak madanm nou, nou te pale ak bouch nou, nou te akonpli sa ak men nou, e nou te di: “Anverite, nou va akonpli ve ke nou te fè yo, pou nou brile sakrifis a rèn syèl la, e vide bwason nou yo a li menm.”

“‘Ale fè l, pou akonpli ve nou yo; e byen si, akonpli ve nou yo!’

26 “Sepandan, tande pawòl SENYÈ a, tout moun Juda ki rete nan peyi Égypte la: ‘Gade byen, Mwen te sèmante pa gran non Mwen,’ SENYÈ a di: ‘Pinga non Mwen janm nonmen ankò nan bouch a okenn moun Juda nan tout peyi Égypte la, pou ta di: “Jan Senyè BONDYE a viv la.” 27 Gade byen, M ap veye sou yo pou malè yo, e pa pou byen yo. Tout mesye Juda ki nan peyi Égypte yo, va rankontre lafen pa yo ak nepe e ak gwo grangou jiskaske yo fin disparèt nèt. 28 Sila ki chape anba nepe yo va retounen sòti nan peyi Égypte pou rive Juda p ap gen anpil menm. Nan lè sa a, retay Juda ki te ale nan peyi Égypte pou rezide yo, va konnen pawòl a kilès k ap kanpe, si se pa M nan, oswa pa yo a’.

29 “‘Sa va sèvi kon sign pou nou’, SENYÈ a di: ‘ke Mwen va pini nou nan plas sa a, pou nou ka konnen ke pawòl Mwen va, anverite, kanpe kont nou pou malè nou.’ 30 Konsa pale SENYÈ a: ‘Gade byen, Mwen va livre Farawon Hophra, wa Égypte la, nan men lènmi li yo; nan men a sila k ap chache lavi li, menm jan ke m te livre Sédécias, wa Juda a, nan men Nebucadnetsar, wa Babylone nan, ki te ènmi li e ki t ap chache lavi li.’”

Yo rakonte jan Nebucadnetsar te mennen Jwif yo an kaptivite plizyè fwa

Yon ti rezime sou jan Nebucadnetsar te mennen Jwif yo an kaptivite plizyè fwa.

Jérémie 52:28–30

28 Sila yo se moun ke Nebucadnetsar te pote ale an egzil nan setyèm ane a: twa-mil-venn-twa Jwif;

29 nan diz-uityèm ane Nebucadnetsar a, ui-san-trant-de moun ki sòti Jérusalem;

30 nan venn-twazyèm ane a Nebucadnetsar a, Nebuzaradan, chèf kò gad yo te pote an egzil sèt-san-karann-senk Jwif. Nonb de moun antou te kat-mil moun.