Jochanan sove prizonye yo epi li kouri al Égypte

Jochanan sove prizonye yo anba men Ismaël. Malgre kòmandman Bondye te bay pa mwayen Jérémie, li al pran refij nan Tachpanès nan Égypte.

587 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Jérémie 41:11–43:7

11 Men Jochanan, fis a Karéach la ak tout chèf a fòs lame ki te avèk li yo te tande afè mechanste ke Ismaël, fis a Nethania a, te fè a. 12 Pou sa, yo te pran tout mesye yo pou te ale goumen ak Ismaël, fis a Nethania. Yo te rankontre li akote gwo basen ki Gabaon an. 13 Alò, la menm tout moun ki te avèk Ismaël yo te wè Jochanan, fis a Karéach la ak chèf lame ki te avèk li yo. Konsa, yo te kontan. 14 Tout moun ke Ismaël te pran kaptif soti Mitspa yo te vire retounen pou te ale kote Jochanan, fis a Karéach la. 15 Men Ismaël, fis a Nethania a, te chape nan men Jochanan ak uit mesye pou te rive kote fis a Ammon yo.

16 Epi Jochanan, fis a Karéach la ak tout chèf fòs lame ki te avèk li yo te pran soti Mitspa tout sila nan retay moun ke li te reprann soti nan men Ismaël, fis a Nethania a, lè l te fin touye Guedalia, fis a Achikam nan— ki vle di mesye ki te sòlda yo, fanm yo, timoun yo, ak enik ke li te mennen retounen soti Gabaon an. 17 Yo te ale rete Gerut-Kimham, toupre Bethléem, pou yo te ka ale an Égypte, 18 akoz Kaldeyen yo. Yo te krent yo, akoz Ismaël, fis a Nethania a, te touye Guedalia, fis a Achikam nan, ke wa Babylone nan te apwente sou peyi a.

42:1 Epi tout gran chèf lame yo, Jochanan, fis a Karéach la, Jezania, fis Hosée a, ak tout pèp la, ni piti, ni gran, te pwoche. 2 Yo te di a Jérémie, pwofèt la: “Souple, kite demand nou an vin parèt devan ou, e priye SENYÈ a, Bondye ou a, pou nou; pou tout retay sa a, akoz nou se sèlman kèk grenn ki rete pami anpil nan nou, jan zye ou konn wè nou an, 3 pou SENYÈ a, Bondye ou a, kapab pale nou de chemen ke nou ta dwe pran an, ak bagay ke nou ta dwe fè a.”

4 Jérémie, pwofèt la, te di yo: “Mwen te tande. Gade byen, mwen va priye a SENYÈ a, Bondye nou an, an akò ak tout pawòl nou yo, epi mwen va di nou tout mesaj avèk sila SENYÈ a va reponn nou yo. Mwen p ap kenbe dèyè menm yon mo pou nou.”

5 Epi yo te di a Jérémie: “Ke SENYÈ a kapab yon vre fidèl temwen kont nou si nou pa aji selon tout mesaj ke SENYÈ a, Bondye ou a, va voye pou nou. 6 Kit li dous, kit li pa dous, nou va koute vwa SENYÈ a sou sila nou ap voye ou a, pou sa kapab ale byen pou nou lè nou koute vwa SENYÈ a, Bondye nou an.”

7 Alò, lè sèt jou fin ekoule, pawòl SENYÈ a te rive kote Jérémie. 8 Konsa, li te rele Jochanan, fis a Karéach la, ak tout chèf lame ki te avè l yo ak tout pèp la, ni piti, ni gran. 9 Epi li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, a Sila nou te voye mwen pou prezante sa nou t ap mande devan L lan: 10 ‘Si, anverite, nou va rete nan peyi sa a; alò, Mwen va ankouraje nou, Mwen p ap detwi nou, Mwen va plante nou e Mwen p ap dechouke nou, men Mwen va ralanti sou malè avèk sila Mwen te aflije nou an. 11 Pa pè wa Babylone nan, k ap bannou perèz nan moman sa a. Pa pè l, paske Mwen avèk nou pou sove nou e pou delivre nou de men l. 12 Anplis, Mwen va montre nou konpasyon, pou l ta genyen konpasyon anvè nou e restore nou sou pwòp tè pa nou.

13 “‘Men si nou ap di: “Nou p ap rete nan peyi sa a,” pou nou pa ta koute vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, 14 epi di: “Non, men nou va ale nan peyi Égypte, kote nou p ap tande afè lagè, ni son a twonpèt, ni grangou pou pen, e se la nou va rete;”’ 15 alò, nan ka sa a, koute pawòl SENYÈ a, O retay a Juda yo. Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Si nou, anverite, fikse vizaj nou pou antre an Égypte e pou antre nan rezidans lan, 16 alò, nepe ke nou vrèman krent lan va rive pran nou nan peyi Égypte la, epi grangou ke nou krent anpil la, va swiv nou de prè an Égypte, e la nou va mouri. 17 Konsa, tout mesye ki fikse panse yo pou rive la an Égypte, pou fè rezidans yo la, va mouri pa nepe, pa grangou, ak gwo epidemi. Yo p ap gen retay, ni ki chape sou gwo malè ke Mwen va fè vini sou yo a.’ 18 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Tankou gwo kòlè ak mekontantman Mwen te vide sou sila ki rete Jérusalem yo, se konsa gwo kòlè Mwen va vide sou nou lè nou antre an Égypte. Konsa, nou va devni yon madichon, yon objè degoutan, yon anatèm e yon repwòch. Ni nou p ap janm wè kote sila a ankò.’

19 “SENYÈ a te pale ak nou, O retay Juda a: ‘Pa ale antre an Égypte!’ Nou ta dwe konprann byen klè ke jodi a, mwen te avèti nou sa. 20 Paske nou twonpe pwòp tèt nou. Se nou menm ki te voye mwen kote SENYÈ a, Bondye nou an. Nou te di: “Priye pou nou a SENYÈ a, Bondye nou an, epi nenpòt sa SENYÈ a, Bondye nou an di, fè nou konnen e nou va fè l.” 21 Konsa, jodi a, mwen te di nou, men nou pa t obeyi SENYÈ a, Bondye nou an, menm nan tout sa Li te voye mwen pale nou yo. 22 Akoz sa, nou ta koulye a dwe konprann ke nou va mouri pa nepe, pa grangou e pa gwo epidemi, nan plas kote nou vle ale rezide a.

43:1 Men la menm Jérémie, ke SENYÈ a, Bondye pa yo a, te voye a, te fin pale tout pèp la tout pawòl a SENYÈ a, Bondye pa yo a—— sa vle di, tout pawòl sila yo—— 2 Azaria, fis a Hosée, Jochanan, fis a Karéach e tout mesye ògeye yo te di a Jérémie: “W ap bay manti! SENYÈ a, Bondye nou an, pa t voye ou di: ‘Nou p ap antre Égypte pou rete la’. 3 Men se Baruc, fis a Nérija a, k ap chofe ou kont nou pou livre nou nan men a Kaldeyen yo, pou yo menm mete nou a lanmò, oswa ekzile nou Babylone.”

4 Pou sa, Jochanan, fis a Karéach la ak tout chèf lame yo, ak tout pèp la, pa t obeyi vwa SENYÈ a pou rete nan peyi Juda a. 5 Men Jochanan, fis a Karéach la, ak tout chèf lame yo te pran tout retay a Juda yo, ki te retounen soti nan tout nasyon kote yo te konn chase yo rive, pou yo ta ka rete nan peyi Juda a— 6 mesye yo, fanm yo, timoun yo, fi a wa yo, e chak moun ke Nebuzaradan, chèf a kò gad la te kite avèk Guedalia, fis a Achikam nan ak granpapa a Schaphan, ansanm ak Jérémie, pwofèt la e Baruc, fis a Nérija a. 7 Epi yo te antre nan peyi Égypte la paske yo pa t obeyi a vwa SENYÈ e yo te rive jis Tachpanès.