Pati 3: Jwif yo pa t mennen nan Babylone yo

Istwa pati nan nasyon Jwif la yo pa t mennen an kaptivite nan Babylone apre destriksyon tanp lan.

Yon ti rakonte sou pati sa a

Yon ti rakonte sou evènman yo rakonte nan pati sa a.

588 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

II Wa Yo 25:23–26

23 Lè tout kapitèn yo avèk sòlda pa yo te tande ke wa Babylone nan te chwazi Guedalia kòm gouvènè, yo te vin kote Guedalia nan Mitspa; pa non, Ismaël fis a Nethania a, avèk Jochanan, fis a Karéach la, Seraja, fis a Thanhumeth la, Netofayit la, avèk Jaazania, fis a Maakatyen an, yo menm avèk mesye pa yo. 24 Guedalia te sèmante a yo avèk mesye pa yo a, e te di yo: “Pa pè vin sèvitè a Kaldeyen yo. Viv nan peyi a, sèvi wa Babylone nan e sa va ale byen pou nou.”

25 Men li te vin rive nan setyèm mwa a, ke Ismaël, fis a Nethania yo, fis a Élischama yo nan fanmi wayal la, te rive avèk dis òm pou te frape Guedalia e li te mouri ansanm avèk Jwif ak Kaldeyen ki te avèk li nan Mitspa yo. 26 Alò, tout pèp la, ni gran ni piti, avèk kapitèn a fòs soulèvman yo te leve ale an Égypte; paske yo te pè Kaldeyen yo.

Yo nonmen Guedalia gouvènè Juda

Apre destriksyon tanp lan, Nebucadnetsar nonmen Guedalia gouvènè Juda. Jérémie ak rès pèp la al jwenn Guedalia.

II Wa Yo 25:22

22 Alò, moun ki te rete nan peyi Juda yo, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te kite, li te chwazi Guedalia, fis a Achikam nan, fis a Schaphan an sou yo.

Jérémie 40:1–12

1 Pawòl ki te rive kote Jérémie soti nan SENYÈ a lè Nebuzaradan, chèf a gad yo te lage li nan Rama, lè l te pran li mare ak chenn pami tout egzile a Jérusalem ak Juda ki t ap egzile Babylone yo. 2 Alò, chèf a gad yo te pran Jérémie. Yo te di l: “SENYÈ a, Bondye ou a, te pwomèt gwo malè sa a kont plas sa a; 3 epi SENYÈ a te fè l vin parèt. Li te fè l jan sa te pwomèt la. Akoz nou te peche kont SENYÈ a e pa t koute vwa li, pou sa, bagay sa a te vin rive nou. 4 Men koulye a, gade byen, mwen ap libere ou jodi a de chenn ki nan men ou yo. Si ou ta prefere vini ak mwen Babylone, vini e mwen va okipe ou. Men si ou prefere pa ale, ou pa oblije. Gade, tout peyi a devan ou. Ale kote li sanble bon e an règ pou ou ta ale.” 5 Kòm Jérémie poko t ap tounen, li te di: “Ale konsa, alò, retounen a Guedalia, fis a Achikam, fis a Schaphan an, ke wa Babylone nan te apwente sou vil a Juda yo, e rete la pami pèp la; oswa, ale kote li sanble pi bon pou ou ta ale.”

Konsa chèf gad la te bay li yon pòsyon manje ak yon kado e te kite li ale. 6 Konsa, Jérémie te ale Mitspa, kote Guedalia, fis a Achikam e te rete avè l pami moun ki te rete nan peyi a.

7 Alò, tout chèf lame ki te nan chan an ak mesye pa yo te tande ke wa Babylone nan te chwazi Guedalia, fis a Achikam nan, sou peyi a, e ke li te mete li an chaj de tout mesye yo, fanm ak timoun yo, sila ki te pi malere pase tout moun nan peyi a, ki pa t oblije fè egzil Babylone yo. 8 Pou sa, yo te vin kote Guedalia Mitspa, ansanm ak Ismaël, fis a Nethania a ak Jochanan e Jonathan, fis a Karéach, Seraja, fis a Thanhumeth, fis a Éphaï, Nethopha ak Jezania, fis a Maacatite, yo menm ak mesye pa yo. 9 Epi Guedalia, fis a Achikam, fis a Schaphan an, te sèmante a yo menm e a mesye pa yo. Li te di: “Pa pè sèvi Kaldeyen yo. Rete nan peyi a pou sèvi wa Babylone nan, pou sa ale byen pou nou. 10 Alò, pou mwen menm, gade byen, mwen ap rete Mitspa, pou m ka kanpe pou nou devan Kaldeyen ki va vini kote nou yo. Men pou nou, ranmase diven an, fwi sezon ete a ak lwil epi mete yo nan veso pou konsève yo e rete nan vil nou ke nou fin okipe yo.”

11 Menm jan an osi, tout Jwif ki te Moab yo, pami fis a Ammon nan Edom yo e ki te nan tout lòt peyi yo, te tande ke wa Babylone nan te kite yon retay pou Juda, e ke li te deziye sou yo, Guedalia, fis a Achakim, fis a Schaphan an. 12 Epi tout Jwif yo te retounen soti tout kote ke yo te chase ale yo pou te vini nan peyi Juda, kote Guedalia nan Mitspa e te ranmase diven nan gran sezon an an gran kantite.

Ismaël fè konplo kont Guedalia

Jérémie 40:13–41:10

13 Alò, Jochanan, fis a Karéach ak tout chèf lame ki te nan chan an te vini a Guedalia nan Mitspa. 14 Yo te di a li menm: “Èske ou konnen ke Baalis, wa a fis Ammon yo te voye Ismaël, fis a Nethania a, pou pran lavi ou?”

Men Guedalia, fis a Achakim nan, pa t kwè yo.

15 Epi Jochanan, fis a Karéach la, te pale an sekrè ak Guedalia nan Mitspa. Li te di: “Kite mwen ale touye Ismaël, fis a Nethania a e pèsòn p ap konnen! Poukisa li ta dwe pran lavi ou pou tout Jwif ki rasanble a ou menm yo ta gaye, e pou retay Juda a ta peri?”

16 Men Guedalia, fis a Achikam nan, te di a Jochanan, fis a Karéach la: “Pa fè bagay sa a, paske ou ap di yon manti sou Ismaël.”

41:1 Nan setyèm mwa Ismaël, fis a Nethania a, fis a Élischama, manm fanmi wayal la, e youn nan chèf prensipal a wa yo, ansanm ak dis mesye te rive Mitspa, kote Guedalia, fis a Achikam nan. Pandan yo t ap manje pen ansanm nan Mitspa, 2 Ismaël, fis a Nethania a ak dis mesye ki t ap manje avèk li yo te leve e te touye Guedalia, fis a Achikam, fis a Schaphan an, ak nepe, e te mete a lanmò sila ke wa Babylone nan te apwente sou peyi a. 3 Ismaël, anplis, te frape touye tout Jwif ki te avè l yo, sa vle di ak Guedalia nan Mitspa, menm ak Kaldeyen ki te la yo, mesye lagè yo.

4 Alò, li te rive nan pwochen jou apre lanmò a Guedalia a, lè pèsòn pa t konnen anyen sou sa, 5 ke katre-ven gason te sòti Sichem, Silo ak Samarie avèk bab yo retire nèt ak razwa, ak rad yo chire e kò yo blese, ofrann ak lansan nan men yo pou pote lakay SENYÈ a. 6 Epi Ismaël, fis a Nethania a, te sòti Mitspa pou rankontre yo e li t ap kriye nan wout la; epi pandan li te rankontre yo, li te di yo: “Vin kote Guedalia, fis a Akchikam nan!” 7 Malgre sa, li te rive ke lè yo te antre anndan vil la, Ismaël, fis a Nethania a ak mesye ki te avè l yo te touye yo e jete yo nan sitèn nan. 8 Men dis nan mesye ki te pami yo te di a Ismaël: “pa mete nou a lanmò, paske nou gen depo ble, lòj, lwil ansanm ak siwo myèl ki kache nan chan an.”

Akoz sa, li te ralanti e pa t mete yo ansanm ak zanmi parèy yo a lanmò. 9 Alò, konsènan sitèn kote Ismaël te jete tout kadav a mesye ke li te touye akoz Guedalia yo, se te sila ki te bati pa wa Asa a pou Baescha, wa Israël la; Ismaël, fis a Nethania a, te plen li ak moun mouri yo.

10 Epi Ismaël te pran an kaptif tout retay ki te Mitspa yo, fi a wa yo ak tout moun ki te rete Mitspa yo, ke Nebuzaradan, chèf gad la, te mete sou chaj Guedalia, fis a Achikam nan. Konsa Ismaël, fis a Nethania a, te pran yo an kaptif e te pati pou janbe kote fis a Ammon yo.