Ézéchiel pwofetize kont Farawon ak Égypte

Yon pwofesi kont Égypte.

589 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Ézéchiel 29:1–16

1 Nan dizyèm ane, nan dizyèm mwa, nan douz nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 2 Fis a lòm, mete figi ou kont Farawon, wa Égypte la, e pwofetize kont li ak tout Égypte. 3 Pale e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a,

“Gade byen, Mwen kont ou, Farawon, wa Égypte,

gwo mons lan ki kouche nan mitan

rivyè li yo, k ap di:

‘Rivyè Nil lan se pou mwen

e se mwen menm ki te fè li.’

4 Mwen va mete gwo kwòk nan machwè ou e

fè pwason larivyè ou yo vin kole sou kal ou yo.

Konsa, Mwen va rale fè ou sòti nan mitan rivyè ou yo,

ansanm ak tout pwason larivyè ou yo k ap kole sou kal ou yo.

5 Mwen va jete ou lwen nan dezè a,

ou menm ak tout pwason rivyè ou yo.

Ou va tonbe nan chan ouvri.

Ou p ap rasanble ni reyini ankò.

Mwen te bay ou kon manje bèt latè

ak zwazo syèl yo.

6 “‘“Konsa, tout moun ki rete an Égypte va konnen ke Mwen se SENYÈ a. Paske yo te sèlman yon gòl fèt ak wozo pou lakay Israël. 7 Lè yo te kenbe ou nan men yo, ou te kraze e chire tout men ak zepòl yo, Epi lè yo te apiye sou ou, ou te kraze kwis yo.”

8 “‘Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va mennen sou ou nepe a, e Mwen va koupe retire nèt de ou ni moun, ni bèt. 9 Peyi Égypte va devni yon dezolasyon ak yon savann dezole. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.

“‘“Paske ou te di: ‘Larivyè Nil lan se pou mwen e mwen te fè l.’ 10 Pou sa, gade byen, Mwen kont ou, e Mwen kont rivyè ou yo. Mwen va fè peyi Égypte vin yon savann dezole ak yon dezolasyon, soti Migdol jis rive Syène, menm pou rive nan lizyè Éthiopie. 11 Pye a moun p ap pase ladann, pye a bèt p ap pase ladann, e l ap rete san moun pandan karantan. 12 Konsa, Mwen va fè peyi Égypte vin yon dezolasyon nan mitan peyi ki dezole yo. Vil li yo, nan mitan a vil ki fin devaste nèt yo, yo va dezole pandan karantan. Mwen va gaye Ejipsyen yo pami nasyon yo, e lage yo toupatou pami peyi yo.”

13 “‘Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan fen karantan an, Mwen va rasanble Ejipsyen yo soti nan pèp kote yo te gaye yo. 14 Mwen va ranvèse fòtin li yo, e fè yo retounen nan peyi Pathros, nan peyi orijin yo. La, yo va rete yon wayòm ki fèb. 15 Li va pi fèb pami wayòm yo e li p ap janm leve tèt li ankò kon chèf lòt nasyon yo. Mwen va fè yo tèlman vin piti ke yo p ap renye sou lòt nasyon yo. 16 Konsa, li p ap janm sèvi ankò kon konfyans pou lakay Israël la, pou l pa kontinyepote nan tèt yo, inikite lè yo te vire kote Égypte la. Epi yo va konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.”’”

Ézéchiel: Égypte pral tonbe tankou Assyrie 588 anvan Christ

Yon pwofesi kont Égypte.

Ézéchiel 30:20–31:18

20 Nan onzyèm ane, nan premye mwa, nan setyèm jou nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 21 “Fis a lòm, Mwen te kase bra Farawon an, wa Égypte la. Gade byen, li pa t vlope ak pansman pou l ta geri, ni ak bandaj pou l ta ka vin gen fòs pou kenbe nepe. 22 Konsa, pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen kont Farawon, wa Égypte la, e Mwen va kase bra li, ni sa ki gen fòs la ni sa ki kase deja a. Epi Mwen va fè nepe a tonbe kite men li. 23 Mwen va gaye Ejipsyen yo pami nasyon yo e dispèse yo pami peyi yo. 24 Paske Mwen va ranfòse men a wa Babylone nan, e mete nepe Mwen nan men l. Men Mwen va kase bra a Farawon, pou li ka vin plenyen nan gòj devan wa Babylone nan, ak plent a yon nonm ki blese jis a lamò. 25 Konsa, Mwen va ranfòse bra a wa Babylone nan, men bra a Farawon yo va tonbe. Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M mete nepe M nan men a wa Babylone nan, e lè li lonje li kont peyi Égypte la. 26 Lè Mwen gaye Ejipsyen yo pami nasyon yo, e dispèse yo pami peyi yo, alò, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”

31:1 Nan onzyèm ane, nan twazyèm mwa, nan premye nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 2 “Fis a lòm, pale a Farawon, wa Égypte la, ak gwo foul lame li yo:

‘Ak kilès ou sanble nan grandè ou?

3 Gade byen, Assyrie te yon pye sèd nan Liban.

Branch li yo te bèl nan lonbraj forè a, e byen wo.

Tèt li te rive pami nwaj yo.

4 Dlo te fè l grandi, pwofondè te fè li wo.

Ak rivyè li yo, li te tout tan ap vin elaji lizyè li toupatou.

Li te voye kanal li yo nan tout pyebwa chan yo.

5 Akoz sa, wotè li te piwo ke tout pyebwa chan yo,

e branch li yo te vin anpil e byen long

akoz anpil dlo ki te fè l gaye yo.

6 Tout zwazo syèl yo te fè nich nan branch li yo.

Anba branch sila yo, tout bèt chan yo te vin fè pitit.

Tout gran nasyon yo te vin rete anba lonbraj li.

7 Konsa, li te bèl nan grandè li, nan longè branch li yo;

paske rasin li te lonje rive kote anpil dlo.

8 Pye sèd nan jaden Bondye yo pa t ka egal ak li.

Pye sipre yo pa t ka gen branch tankou l,

ni pa t gen lòt bwa ki konpare ak branch li yo.

Menm bwa pen an pa t gen branch kon li.

Pa t gen pyebwa nan jaden Bondye yo

ki ta ka parèy li nan bèlte.

9 Mwen te fè l bèl ak fòs kantite branch li yo,

e tout pyebwa Éden yo te jalou devan l.’

10 “Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz li byenwo nan wotè l, te mete tèt li rive pami nwaj yo, e kè l te awogan nan wotè li, 11 pou sa, Mwen va livre li nan men a pi pwisan a nasyon yo. Li va regle sa nèt. Selon mechanste li, konsa Mwen te chase li. 12 Etranje yo, pi pwisan a nasyon yo, te koupe li a tè e te kite li. Sou mòn yo e nan tout vale yo, branch li yo te vin tonbe, e gwo branch li yo te vin kase nan tout ravin peyi yo. Konsa, tout pèp sou latè yo te desann kite lonbraj li e te menm kite li. 13 Nan gwo dega li yo, tout zwazo syèl yo va vin demere e tout bèt chan yo va sou branch pa l ki tonbe, 14 pou tout pyebwa akote dlo yo pa ka vin leve tèt yo wo nan wotè yo. Pwisan pa yo p ap mete tèt yo pami nwaj yo, menm sa yo akote sous dlo yo pa ka kanpe dwat nan wotè yo. Paske yo tout te livre a lanmò, pou rive anba tè pami fis a lòm yo, ak sila ki desann nan twou fòs yo.’

15 “Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Nan jou ke li te desann nan sejou mò yo, Mwen te koze lamantasyon. Mwen te fèmen pwofondè a sou li epi te bouche rivyè li yo. Epi anpil dlo li yo Mwen te vin bouche nèt. Mwen te fè Liban kriye ak gwo doulè pou li e tout pyebwa nan chan yo te vin fennen akoz li. 16 Mwen te fè tout nasyon yo tranble nan son a chit li a, lè M t ap fè l desann nan sejou mò yo ak sila ki desann nan twou fòs yo. Tout pyebwa byen wouze Liban yo, pi byen chwazi ak pi meyè a Liban yo, te vin rekonfòte anba tè. 17 Yo menm tou te desann avè l nan sejou mò yo akote sila ki te touye pa nepe yo. Epi sila ki te fòs li yo, te rete anba lonbraj li pami nasyon yo.

18 “‘A kilès nan pyebwa Éden yo ou egal konsa nan glwa ak grandè? Malgre sa, ou va vin desann ak pyebwa Éden yo jis rive anba tè. Ou va vin kouche nan mitan ensikonsi yo, avèk sila ki te touye pa nepe yo.

“‘Se konsa Farawon va ye ak tout gwo foul lame li yo!” deklare Senyè BONDYE a.”