Ti gason ki te gen yon demon sou li a, disip yo pa t ka geri a
Nan rejyon Césarée Philippe
29 oswa 28 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Matthieu 17:14–21
17:14 Lè yo rive bò kote foul la, yon mesye te vin tonbe sou jenou devan Li. Li te di L:
15 “Senyè, gen pitye pou fis mwen an. Li se yon epileptik; li byen malad. Souvan li tonbe nan dife a, e pafwa menm nan dlo.
16 Mwen te pote li bay disip Ou yo, men yo pa t kapab geri li.”
17 Jésus te reponn. Li te di: “O jenerasyon enkredil e pèvès; pandan konbyen de tan M ap avèk nou? Pandan konbyen de tan M ap sipòte nou? Mennen li ban Mwen!”
18 Jésus te reprimande lespri a. Dyab la te sòti sou li, epi jennonm nan te geri lapoula.
19 Konsa, disip yo te vin kote Jésus an prive. Yo te mande L: “Poukisa nou menm pa t kapab chase l?”
20 Li te di yo: “Paske lafwa nou tèlman piti. Paske konsa Mwen di nou: Si nou gen lafwa gwosè yon grenn moutad, nou ap di a mòn sa a: ‘Deplase ou isit la, ale la,’epi l ap prale. Nanpwen anyen k ap enposib pou nou. 21 Men kalite sila a pa sòti sof ke pa lapriyè, avèk jèn.”
Marc 9:14–29
9:14 Lè yo te retounen kote disip yo, yo te wè yon gwo foul ki te antoure yo, e kèk skrib ki t ap diskite avèk yo.
15 Imedyatman, lè tout foul la te wè Li, yo te etone, e yo te kouri vini salye Li.
16 E Li te mande yo: “Kisa nou ap diskite avèk yo la a?”
17 Epi yon moun nan foul la te reponn Li: “Mèt, mwen te pote bay Ou fis Mwen an, ki gen yon move lespri ki fè l bèbè;
18 epi lè li sezi l, li voye li atè. Li kimen nan bouch e manje dan l; kò li vin tou rèd. Mwen te pale disip Ou yo pou chase l, men yo pa t kapab.”
19 Konsa, Li te reponn yo e te di: “O jenerasyon enkredil, pou konbyen de tan ankò M ap avèk nou? Konbyen de tan ankò M ap sipòte nou? Fè l vin kote Mwen!”
20 Yo te pote gason an kote Li. E lè li te wè L, lapoula lespri a te jete li nan yon gwo kriz. Li te tonbe atè, te kòmanse woule toupatou e kimen nan bouch.
21 Jésus te mande papa li: “Depi kilè bagay sa a konn rive li?” Li te di: “Depi li timoun. 22 Souvan li konn voye li ni nan dlo, ni nan dife pou l detwi l. Men si Ou kapab fè yon bagay, gen pitye pou nou, e ede nou!”
23 Jésus te di li: “Si Ou kapab? Tout bagay posib pou sila a ki kwè a.”
24 Konsa, papa a tigason an te kriye fò e te di: “Mwen kwè; ede enkredilite Mwen an.”
25 Lè Jésus te wè yon foul moun t ap rasanble, Li te reprimande move lespri a. Li te di L: “Ou menm lespri soud e bèbè, Mwen kòmande ou, sòti nan li, e pa antre nan li ankò.”
26 Lè lespri a fin kriye fò, e jete li nan gwo kriz tèrib, li te sòti. Ti gason an te tèlman parèt kon yon kadav, ki te fè pi fò nan yo te di: “Li mouri!”
27 Men Jésus te pran li pa men li, te leve l, e Li te kanpe.
28 Lè Li te vini nan kay la, disip Li yo te kòmanse kesyone Li an prive: “Poukisa nou pa t kapab chase l?”
29 Li te di yo: “Kalite sila a p ap kab sòti pa anyen, sof ke lapriyè.”
Luc 9:37–43
9:37 Nan jou swivan an, lè yo te desann sòti nan mòn nan, yon gwo foul te rankontre Li.
38 Konsa yon mesye nan foul la te rele fò: “Mèt, mwen sipliye ou pou gade wè fis mwen an, paske se li sèl gason ke m genyen.
39 Yon lespri konn sezi li. Li rele fò, lespri a jete li nan gwo kriz ki fè bouch li kimen, e pandan lespri a ap kite li, li kontinye maspinen l nèt jiskaske li ale. 40 Mwen te sipliye disip ou yo pou chase l, men yo pa t kapab.”
41 Jésus te reponn: “O jenerasyon enkredil, e pèvès! Pou jis kilè M ap avèk nou, pou sipòte nou? Mennen pitit ou a isit la.”
42 Pandan Li t ap pwoche, dyab la te voye l atè, e te jete l nan yon gwo kriz. Men Jésus te repwòche lespri enpi a; Li te geri gason an, e te remèt li bay papa l.
43 Yo tout te etone akoz grandè Bondye.
Men pandan tout t ap admire tout sa ke Li t ap fè, Li te di a disip Li yo:
Jésus anonse lanmò li ak rezirèksyon li ankò
Pandan Jésus ap retounen atravè Galilée san l pa fè moun konnen, li anonse lanmò li ak rezirèksyon li ankò.
Matthieu 17:22–23
17:22 Pandan yo t ap rasanble Galilée, Jésus te di yo: “Fis a Lòm nan prèt pou livre nan men a lèzòm. 23 Yo va touye Li, e Li va leve nan twazyèm jou a.” Yo te byen tris.
Marc 9:30–32
9:30 Depi la yo te ale pase nan tout Galilée, e Li pa t vle ke pèsòn konnen anyen sou sa.
31 Paske Li t ap enstwi disip Li yo e t ap di yo: “Fis a Lòm nan va livre nan men a lèzòm, e yo va touye Li. Epi lè Li fin touye, L ap resisite ankò twa jou pita.”
32 Men yo pa t konprann pawòl sila a, e yo te pè mande L.
Luc 9:44–45
9:44 “Kite pawòl sa yo penetre nan zòrèy nou; paske Fis a Lòm nan va livre nan men a lèzòm.”
45 Men yo pa t konprann pawòl sila a, e sans li te kache a yo menm pou yo pa t kab konprann li. Yo te pè kesyone L sou pawòl sa a.