Jésus peye taks mwatye sik pou tanp lan

Jésus, Mesi a, peye mwatye sik pou tanp lan.

Peryòd kote yo te retire kò yo lwen Galilée a fini kounye a. Evènman ki te rete nan peryòd sa a te pwobableman pran kèk jou sèlman.

Capernaüm

29 oswa 28 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Matthieu 17:24–27

17:24 Lè yo te ale Capernaüm, sila ki te fè koleksyon taks drachma yo te vin Kote Pierre, Li te mande l: “Èske mèt ou a pa peye taks drachma?”

25 Li te reponn: “Wi”.

Lè Pierre te antre nan kay la, Jésus, akoz Li te konnen sa li t ap mande, te di: “Kisa ou panse, Simon? Nan men ki moun wa sou latè yo ranmase tarif ak enpo? Èske se nan men fis pa yo, oubyen èske se nan men moun yo pa rekonèt?”

26 Lè li reponn: “Moun yo pa rekonèt”, Jésus te di l: “Konsa, fis yo egzante. 27 Sepandan, pou nou pa ofanse yo, ale bò kote lanmè a; voye yon filè ladann e rale premye pwason ki vini an. Lè nou ouvri bouch li nou va wè yon statère (yon kòb Women). Pran li pote bay yo pou ou ak Mwen.”

Douz yo diskite sou kilès ki pi gran

Douz yo diskite sou kilès ki pral pi gran sou rèy Mesi a. Moun ki anba otorite li yo dwe tankou timoun.

Capernaüm

Matthieu 18:1–5

18:1 Nan lè sa a, disip yo te vin jwenn Jésus pou mande L: “Kilès konsa ki pi gran nan wayòm syèl la?”

2 Jésus te rele yon timoun vin kote Li, e te plase l nan mitan yo. 3 Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, anmwenske nou konvèti pou vini tankou timoun yo, nou p ap antre nan wayòm syèl la.

4 Nenpòt moun ki vin enb tankou timoun sa a, se li menm ki pi gran nan wayòm syèl la.

5 “Epi nenpòt moun ki resevwa yon pitit tankou sa a nan non Mwen, li resevwa Mwen.

Marc 9:33–37

9:33 Yo te vini Capernaüm, e lè Li te nan kay la, Li te kòmanse kesyone yo: “De kisa nou t ap diskite nan wout la?” 34 Men yo te rete an silans; paske nan wout la, yo t ap diskite de kilès nan yo ki te pi gran.

35 Lè Li te fin chita, Li te rele douz yo, e Li te di yo: “Si yon moun vle premye, li va dènye de tout moun, e vin sèvitè a tout moun.”

36 Li te pran yon timoun, e te fè l chita devan yo. Epi lè L pran li nan bra Li, Li te di yo:

37 “Nenpòt moun ki resevwa yon timoun tankou sila a nan non pa M, resevwa M; e nenpòt moun ki resevwa M, li pa resevwa Mwen, men Sila ki voye Mwen an.”

Luc 9:46–48

9:46 Konsa, yon gwo diskisyon te leve pami yo sou kilès nan yo ki ta pi gran.

47 Men Jésus, byen okouran a sa yo t ap panse nan kè yo a, te pran yon timoun. Li te mete li kanpe akote Li.

48 Li te di yo: “Nenpòt moun ki resevwa timoun sa a nan non Mwen an resevwa Mwen; e nenpòt moun ki resevwa Mwen, resevwa Papa a, ki te voye Mwen an. Paske sila ki pi piti pami nou an, se li menm ki pi gran.”

Jésus reprimande Jean pou zèl li ki mal plase

Jésus sèvi ak parabòl ki apwopriye pou reprimande apot Jean pou zèl li ki mal plase.

Capernaüm

Matthieu 18:6–14

18:6 Men nenpòt moun ki lakoz pou fè youn nan timoun sa yo ki kwè nan Mwen an vin chape tonbe, li ta mye pou li menm si yon gwo wòch moulen ta mare nan kou li, e li ta vin mouri nan fon lanmè.

7 “Malè a mond sa a akoz wòch chite li yo! Wòch chite sa yo pa kapab pa vini, men malè a moun sila a ki fè yo parèt.

8 “Si men nou oubyen pye nou fè nou tonbe, koupe l e jete l lwen nou. Li pi bon pou antre nan lavi tankou yon kokobe oubyen bwate, pase ak toude men ak pye nou pou nou ta jete nan lanfè etènèl la.

9 “Epi si zye nou fè nou tonbe, rache li jete li byen lwen nou. Li pi bon pou antre nan lavi avèk yon sèl grenn zye olye avèk toude pou nou ta jete nan lanfè dife a.

10 “Veye pou nou pa meprize youn nan timoun sa yo, paske Mwen di nou ke zanj yo nan syèl la toujou wè figi a Papa M ki nan syèl la. 11 Paske Fis a Lòm nan te vini pou sove sila ki te pèdi yo.

12 “Kisa nou panse? Si yon moun gen san mouton e youn vin pèdi, èske li p ap kite katre-ven-diz-nèf yo sou mòn nan pou ale chèche sila ki pèdi a? 13 Epi si li twouve li, Mwen di nou, l ap rejwi plis sou sila a pase lòt katre-ven-diz-nèf ki pa t janm pèdi yo.

14 “Konsa se pa volonte Papa nou nan syèl la pou youn nan Pitit sila yo ta pèdi.

Marc 9:38–50

9:38 Jean te di Li: “Mèt, nou te wè yon moun ki t ap chase move lespri yo nan non Ou, e nou te eseye fè l sispann, paske li pa t ap swiv nou.”

39 Men Jésus te di: “Pa anpeche li, paske pa gen moun k ap fè yon mirak nan non Mwen, e apre byen vit ki ka pale mal de Mwen. 40 Paske sila ki pa kont nou an, li pou nou. 41 Paske nenpòt moun ki bay nou yon tas dlo pou bwè akoz nou nan Kris yo, anverite Mwen di nou, li p ap pèdi rekonpans li.

42 “Nenpòt moun ki fè youn nan pitit sa yo ki kwè vin chape tonbe, li t ap pi bon pou li si yo te mete yon gwo wòch moulen nan kou li, e jete l nan lanmè.

43 “Si men nou fè nou chape tonbe, koupe l nèt; li pi bon pou nou ta antre nan lavi kokobe, pase avèk de men, pou nou ta jete nan twou san fon an, nan lanfè ki “pa kapab etenn nan, 44 ‘kote vè pa mouri, e dife pa janm etenn.’

45 “E si pye nou fè nou chape tonbe, koupe li nèt; li pi bon pou nou antre nan lavi bwete, pase genyen tou de pye nou, e vin jete nan lanfè, 46 kote vè pa mouri, e dife pa janm etenn.

47 “Si zye nou fè nou chape tonbe, retire li jete; li pi bon pou nou antre nan wayòm Bondye a avèk yon sèl zye, pase jete nan lanfè avèk de zye.

48 Kote vè pa mouri, e dife pa janm etenn.

49 “Paske tout moun va vin sale ak dife, e chak sakrifis ap sizonnen ak sèl.

50 “Disèl la bon, men si disèl la vin pèdi gou, kilès k ap fè l gen gou sèl ankò. Fòk nou gen sèl nan nou, e rete anpè youn avèk lòt.”

Luc 9:49–50

9:49 Jean te reponn. Li te di: “Mèt, nou te wè yon moun ki t ap chase dyab nan non Ou, e nou te eseye anpeche li akoz ke li p ap swiv ak nou.”

50 Men Jésus te di l: “Pa anpeche lipaske sila ki pa kont nou an pou nou.”