Ki jan pou trete yon frè ki peche epi padone l

Bon fason pou trete yon frè ki peche kont ou, ak devwa pou padone yon frè avèk pasyans (parabòl sèvitè ki san pitye a).

29 oswa 28 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Matthieu 18:15–35

18:15 “Si frè ou peche, rele l apa pou pale avèk li. Si li koute ou, ou gen tan rekonsilye ak frè ou a. 16 Men si li pa koute ou, ale kote l avèk youn oubyen de lòt dekwa ke ‘pa bouch a de oubyen twa temwen tout bagay ki fèt kapab konfime.’ 17 Epi si li refize koute yo, pale avèk legliz la, e si li refize koute menm legliz la, kite li devni a ou menm tankou yon payen oswa youn nan kolektè kontribisyon yo.

18 “Anverite Mwen di nou: “Nenpòt sa nou mare sou latè, l ap mare nan syèl la; e nenpòt sa nou lage sou latè, l ap lage nan syèl la.

19 “Ankò Mwen di nou ke si de nan nou dakò sou latè sou nenpòt bagay ke yo mande, li va fèt pou yo pa Papa M ki nan syèl la. 20 Paske kote de oubyen twa reyini ansanm nan non Mwen, Mwen la nan mitan yo.”

21 Apre sa, Pierre te vin kote L e te mande L: “Senyè, konbyen fwa frè m kapab peche kont mwen pou m toujou padone l? Jis sèt fwa?”

22 Jésus te reponn li: “Mwen p ap di ou sèt fwa, men jiska swasann-dis fwa sèt.

23 “Pou rezon sa a, wayòm syèl la kapab konpare avèk yon sèten wa ki te vle regle kont lajan yo avèk esklav li yo. 24 Lè li kòmanse regle yo, yo mennen bay li yon nonm ki te dwe li di-mil talan (yon fòtin imans.) 25 Men akoz ke li pa t gen mwayen pou peye, mèt li te kòmande ke yo ta vann mesye a, ni madanm li ak Pitit li yo ak tout sa li te posede, pou ranbousman an ta kapab fèt.

26 “Konsa, esklav la vin tonbe atè pwostène devan li, e te di: ‘Gen pasyans avè m e m ap peye ou tout.’ 27 Konsa, mèt esklav sila a te santi konpasyon pou li, te lage li e te padone dèt la.

28 “Men esklav la te ale twouve yon lòt esklav parèy li, ki te dwe l san denye (yon ti kòb). Li te sezi li, e te kòmanse trangle l e te di: ‘Peye sa ou dwe a’.

29 “Esklav parèy li a te tonbe pwostène e te sipliye l: ‘Pran pasyans avè m, e m ap peye ou.’ 30 Men li pa t vle fè sa. Li te voye jete l nan prizon jis lè li ta kapab repeye tout sa li te dwe a.

31 “Lè lòt esklav yo te wè sa ki te rive a, yo te byen twouble. Yo te vin bay yon rapò a mèt pa yo a sou tout sa ki te rive yo.

32 “Konsa, mèt li a te voye yon manda pou fè l vini. Li te di l: Ala esklav mechan ou ye! Mwen te padone ou tout dèt sa a, paske ou te sipliye m. 33 Konsa, èske ou pa t dwe gen konpasyon pou esklav parèy ou a menm jan ke mwen te gen konpasyon pou ou a? 34 Epi mèt li a, byen fache, te livre bay moun nan pou l tòtire jis lè li ta repeye tout sa li te dwe l la.

35 “Konsa Papa M nan syèl la va fè a nou menm osi si nou pa padone frè nou yo jis nan kè nou.”

Moun k ap swiv Mesi a dwe renonse ak tout bagay

Moun k ap swiv Mesi a dwe renonse ak tout bagay pou sèvi li.

Matthieu 8:19–22

8:19 Yon sèten skrib te parèt. Li te di L: “Mèt, m ap swiv ou nenpòt kote ou ale.”

20 Jésus te di li: “Rena yo gen twou pou yo kache, e zwazo anlè yo gen nich pa yo, men Fis a Lòm nan pa gen kote pou repoze tèt Li.”

21 Yon lòt nan disip Li yo te di Li: “Senyè, kite mwen premyèman ale antere papa m.”

22 Men Jésus te di li: “Swiv Mwen. Kite mò yo antere mò parèy yo.”

Luc 9:57–62

9:57 Pandan yo t ap prale akote wout la, yon moun te di Li: “Mwen va swiv Ou Nenpòt kote Ou ale.”

58 Jésus te di Li: “Rena yo gen twou yo, e zwazo yo gen nich yo, men Fis a Lòm nan pa gen kote pou poze tèt Li.”

59 Konsa, Li te di a yon lòt: “Swiv Mwen”.

Men li te di: “Kite m ale avan pou antere papa m.”

60 Men Li te di li: “Kite mò yo antere mò yo; men pou ou menm, alepwoklame toupatou wayòm Bondye a.”

61 Yon lòt osi te di: “Mwen va swiv Ou Senyè; men kite m dabò di orevwa a moun lakay mwen.”

62 Men Jésus te di li: “Nenpòt moun ki mete men li sou cha a pou gade pa dèyè pa dign de wayòm Bondye a.”

Jésus rejte konsèy frè li yo

Frè Jésus yo, ki pa kwè nan li, pouse l al montre tèt li nan Judée, men li rejte konsèy yo.

Jean 7:2–9

7:2 Koulye a, fèt a Jwif yo, Fèt Tonèl yo, t ap pwoche. 3 Frè Li yo te di L: “Kite isit la epi ale nan Judée pou disip pa W yo osi kapab wè zèv ke Ou ap fè yo. 4 Paske pèsòn pa fè anyen nan sekrè lè li vle rekonèt an piblik. Si Ou fè bagay sa yo, Ou bezwen montre Ou menm a tout mond lan.” 5 Paske menm frè Li yo pa t kwè nan Li.

6 Pou sa, Jésus te di yo: “Lè M poko rive, men lè pa nou toujou bon.

7 “Lemonn pa kapab rayi nou. Men Li rayi Mwen, paske Mwen temwaye sou li ke zèv li yo mechan.

8 “Monte nan fèt la nou menm. Mwen pa ale nan fèt sila a, paske lè Mwen poko fin acheve.” 9 Lè L fin di yo bagay sa yo, Li te rete nan Galilée.

Jésus ale Jérusalem an sekrè atravè Samarie

Luc 9:51–56

9:51 Lè jou yo t ap pwoche pou L te leve, li te pran desizyon nèt pou ale Jérusalem. 52 Li te voye mesaje yo devan Li. Konsa, yo te ale antre nan yon vil a Samariten yo, pou fè aranjman pou li.

53 Men yo pa t resevwa Li akoz ke Li t ap vwayaje ak figi Li fikse vè Jérusalem.

54 Lè Jacques avèk Jean te wè sa, yo te di: “Senyè, èske Ou ta vle nou kòmande dife sòti nan syèl la pou devore yo?”

55 Men Li te vire e te reprimande yo: “Nou pa konnen de ki kalite lespri nou ye; 56 paske Fis a Lòm nan pa t vini pou detwi lavi moun, men pou sove yo.” Konsa, yo te kontinye pou ale nan yon lòt vil.

Jean 7:10

7:10 Men lè frè Li yo te ale nan fèt la, alò, Li menm tou te monte. Pa an piblik, men kòmsi an sekrè.