Pati 9: Ministè ki vin apre a nan Judée
Pwobableman soti nan Fèt Tonèl yo rive nan Fèt Dedikas la, anviwon twa mwa, nan ane 29 apre Kris (oswa ane 28 apre Kris si ministè a te dire dezan edmi sèlman)
Se sèlman Jean ak Luc ki rakonte ministè sa a. Jean rakonte ministè a nan Jérusalem, epi Luc rakonte ministè a nan zòn riral Judée yo.
Jésus fè gen gwo ajitasyon nan Fèt Tonèl yo
Lè Jésus vini nan Fèt Tonèl yo, sa lakòz gwo ajitasyon sou kesyon si se li ki Mesi a.
Chèf yo (Jwif yo, chèf prèt yo ak Farizyen yo) eseye arete l. Foul Galileyen ki nan fèt la divize. Enpresyon moun Jérusalem yo, ofisye Women yo ak Nicodème.
29 oswa 28 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Jean 7:11–52
7:11 Konsa, Jwif yo t ap chache pou Li nan fèt la e t ap di: “Kote Li ye?”
12 Epi te gen anpil pale pami foul la ki t ap fèt sou Li. Kèk t ap di: “Li se yon bon moun.” Lòt t ap di: “Non, okontrè l ap egare moun yo.” 13 Malgre sa, pèsòn pa t pale ouvètman konsènan Li, paske yo te pè Jwif yo.
14 Men se lè yo te rive nan mitan fèt la ke Jésus te monte nan tanp lan, e te kòmanse ansegne.
15 Pou sa, Jwif yo te etone, e t ap di “Kijan nonm sa a vin edike konsa, konsi Li pa te janm enstwi?”
16 Pou sa, Jésus te reponn yo e te di: “Lenstriksyon pa M se pa pa M, men se pou Li menm ki te voye M nan.
17 “Si nenpòt moun dakò pou fè volonte L, l ap konnen enstriksyon an, si Li sòti nan Bondye, oubyen si Mwen pale pou kont Mwen. 18 Sila ki pale pou kont li chache pwòp glwa pa li, men Sila k ap chache glwa a Sila ki te voye L la; Li menm se verite, e pa gen linikite nan Li.
19 “Èske Moïse pa t bay nou lalwa, men malgre sa, pa gen nan nou ki swiv lalwa? Poukisa nou ap chache touye M?”
20 Foul la te reponn Li: “Ou gen yon move lespri! Kilès k ap chache touye W la?”
21 Jésus te reponn yo e te di: “Mwen te fè yon sèl zèv, e nou tout etone.
22 “Sou kont sila a, Moïse te bay nou sikonsizyon (pa paske li te soti nan Moïse, men nan papa zansèt yo), e nan Saba a, nou sikonsize yon moun. 23 Si yon moun resevwa sikonsizyon nan Saba a, pou anpeche lalwa Moïse la vyole, èske nou fache avè M akoz ke Mwen te fè yon moun geri nèt nan Saba a.
24 “Pa jije selon aparans, men jije avèk jijman ki jis.”
25 Pou sa, kèk nan pèp Jérusalem la t ap di: “Se pa mesye sila a ke y ap chache touye a? 26 Epi gade, L ap pale devan tout moun, e yo p ap di L anyen. Otorite yo pa petèt sipoze konnen ke sa se Kris La? 27 Men nou menm konnen kote mesye sa a sòti. Men nenpòt lè Kris La vini, pèsòn p ap konnen kote Li sòti.”
28 Akoz sa a, Jésus te rele fò nan tanp lan e te enstwi e te di: “Nou non sèlman konnen Mwen e kote Mwen sòti. Mwen pa t vini pou kont Mwen, men Li menm ki te voye M nan vrè. Li menm ke nou pa konnen an. 29 Mwen konnen Li paske Mwen sòti nan Li, e Li te voye M.”
30 E yo t ap chache pou sezi Li, men pèsòn pa t mete men sou Li, paske lè Li poko te rive.
31 Men anpil nan foul la te kwè nan Li, e t ap di: “Lè Kris la vini, èske nou sipoze l ap fè plis sign pase sa mesye sila a gen tan fè yo?”
32 Farizyen yo te tande foul la ki t ap repete bagay sa yo konsènan Li. Epi chèf prèt yo avèk Farizyen yo te voye ofisye yo pou sezi Li.
33 Pou sa, Jésus te di: “Pou yon ti tan anplis, Mwen avèk nou. Apre, M ap prale a Li menm ki te voye M nan. 34 Nou va chache M, e nou p ap twouve M. E kote Mwen ye, nou p ap kab vini.”
35 Pou sa Jwif yo te di youn ak lòt: “Kote mesye sa a prale pou nou p ap kab twouve L? Ou pa sipoze ke L ap prale nan dyaspora pami Grèk yo, pou l enstwi Grèk yo? 36 Kisa li t ap di la a: ‘Nou va chache M, e nou p ap twouve M; epi Kote Mwen ye, nou p ap kab vini’?”
37 Nan dènye jou fèt la, Jésus te kanpe e te kriye: “Si nenpòt moun swaf, kite L vin kote Mwen epi bwè! 38 Sila ki kwè nan Mwen, tankou Ekriti Sen an di: ‘Sòti nan pi fon anndan l va fè koule rivyè dlo vivan yo.’” 39 Men sa, Li te pale konsènan Lespri a, ke sa ki te kwè nan Li yo ta resevwa. Paske Lespri a poko te parèt, akoz Jésus poko te vini nan glwa Li.
40 Kèk nan moun yo, lè yo te tande pawòl sa yo, t ap di: “Vrèman, sa se pwofèt la.”
41 Lòt t ap di: “Sa se Kris la”. Men toujou lòt t ap di: “Asireman nou pa ta kwè Kris la ta pral sòti nan Galilée! 42 Èske Ekriti Sen an pa konn di ke Kris la va sòti nan ras David, epi nan Bethléem, vil kote David te ye a?”
43 Konsa, te gen yon divizyon nan foul la akoz Li. 44 Kèk te vle sezi Li, men pèsòn pa t mete men l sou Li.
45 Konsa, ofisye yo te vin kote chèf prèt ak Farizyen yo e te di yo: “Poukisa nou pa t mennen Li?”
46 Ofisye yo te reponn: “Janmen yon moun pa pale tankou moun sa a pale.”
47 Pou sa, Farizyen yo te reponn yo: “Èske Li gen tan egare nou menm tou? 48 Èske gen pami gwo chèf Farizyen yo ki kwè nan Li? 49 Men foul sa a ki pa konnen Lalwa, gen madichon.”
50 Nicodème (ki te vin kote Li avan an, epi te youn nan yo) te di yo: 51 “Lalwa pa nou pa jije yon moun avan ke premyèman li tande li epi konnen ki sa li fè. Èske sa konn fèt?”
52 Yo te reponn li e te di: “Èske ou menm sòti nan Galilée tou? Egzamine Lekriti yo epi ou va wè ke nanpwen pwofèt ki sòti nan Galilée.”
Istwa yon fanm adiltè yo mennen bay Jésus
Istwa yon fanm ki te fè adiltè, yo mennen bay Jésus pou l jije l.
Jean 7:53–8:11
7:53 E tout moun ale lakay yo.
8:1 Men Jésus te ale nan Mòn Oliv la. 2 Gran maten a Li te vini ankò nan tanp lan, e tout pèp la t ap vin kote Li. E Li te chita, pou kòmanse enstwi yo. 3 Skrib yo ak Farizyen yo te mennen yon fanm ki te kenbe nan adiltè e te fè l chita nan mitan yo.
4 Yo te di Li: “Mèt, fanm sa te kenbe nan adiltè, nan zak la menm. 5 Epi nan Lalwa Moïse la, li te kòmande nou pou nou te lapide yon fanm konsa ak wòch. Kisa ou menm di?” 6 Yo t ap di sa pou yo ta kapab sonde l pou yo ta twouve mwayen pou akize Li. Men Jésus te bese, e te ekri atè a avèk dwat Li.
7 Men lè yo te pèsiste avèk demann sa a, Li te leve dwat epi te reponn yo: “Sila a ki pa gen peche pami nou, kite l se premye moun pou voye yon wòch sou li.” 8 Ankò Li te bese e te kòmanse ekri atè a.
9 Lè yo tande sa, yo te kòmanse kite kote a youn pa youn. Sa te kòmanse avèk pi granmoun pami yo. Konsa, yo te kite Li la pou kont Li avèk fanm nan ki te rete menm kote li te ye a nan mitan lakou a. 10 Jésus te leve, e te di li: “Fanm, kote yo ye? Nanpwen youn ki kondane ou?” 11 Li te di: “Pa youn, Senyè.” Jésus te di “Ni Mwen menm, mwen pa kondane ou nonplis. Ale, epi depi koulye a, pa peche ankò.”