Jésus transfigire sou yon mòn

Jésus transfigire sou yon mòn (pwobableman Hermon) toupre Césarée Philippe.

29 oswa 28 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Matthieu 17:1–8

17:1 Sis jou pita, Jésus te pran Pierre, Jacques ak frè li, Jean pou kont yo, e te mennen yo sou yon mòn byen wo.

2 Konsa, Li te transfòme la devan yo. Figi Li te klere tankou solèy la, e vètman li te vin blanch tankou limyè.

3 Epi konsa, gade, yo te wè Moïse ak Elie ki t ap pale avèk Li.

4 Pierre te di a Jésus: “Senyè, se bon pou nou isit la. Si Ou vle, m ap fè twa tabènak isit la; youn pou Ou, youn pou Moïse, e youn pou Elie.”

5 Pandan Li t ap pale, vwala, yon nwaj byen briyan te kouvri yo. E konsa, yon vwa sòti nan nwaj la e te di: “Sa se Fis byeneme Mwen an. Avèk Li, Mwen byen kontan. Koute Li!”

6 Lè disip Li yo te tande sa, yo te tonbe sou figi yo byen sezi avèk laperèz.

7 Jésus te vin kote yo. Li te touche yo, e te di: “Leve, e pa pè.”

8 Lè yo leve zye yo, yo pa t wè pèsòn sof ke Jésus ki te la pou kont Li.

Marc 9:2–8

9:2 Sis jou pita, Jésus te pran avè L, Pierre, Jacques, avèk Jean, e te mennen yo sou yon mòn wo pou kont yo. La, devan yo, Li te transfòme nan yon lòt fòm.

3 Rad Li yo te vin klere jis yo blanchi nèt, blanch kon okenn moun k ap fè lesiv nan mond sa a, pa t janm kab fè.

4 Konsa, Élie ak Moïse te parèt devan yo ansanm, e yo t ap pale avèk Jésus.

5 Pierre te reponn pou di Jésus: “Mèt, se bon pou nou isit la; annou fè twa tabènak, youn pou Ou, youn pou Moïse, e youn pou Élie.”

6 Paske li pa t konnen ki repons pou bay, akoz kè yo te plen avèk laperèz.

7 Konsa, yon nwaj te fòme ki te vin mete yo nan fon lonbraj, e yon vwa te vin sòti nan nwaj la, “Sa se Fis Mwen; koute Li!”

8 Nan menm moman sa a, yo te gade toupatou e pa t wè pèsòn avèk yo ankò, sof ke Jésus sèl.

Luc 9:28–36

9:28 Anviwon uit jou aprè pawòl sa yo, Li te pran Pierre avèk Jean, avèk Jacques, e te monte nan mòn nan pou priye.

29 Pandan Li t ap priye, aspè figi Li te vin chanje, e vètman Li te vin klere kon blan briyan.

30 Epi gade, de zòm t ap pale avèk Li. Se te Moïse avèk Elie, 31 ki te vin parèt nan glwa, e t ap pale sou afè depa Li, ke Li te prèt pou acheve nan Jérusalem.

32 Alò, Pierre avèk lòt parèy li yo te vin lou ak dòmi. Men lè zye pa yo te vin ouvri, yo te wè glwa Li ak de zòm sa yo ki te kanpe avè L.

33 Konsa, Li te vin rive ke pandan sila yo t ap kite Li, Pierre te di a Jésus: “Mèt, li bon pou nou isit la. Annou fè twa tabènak; youn pou Ou, youn pou Moïse, e youn pou Elie.” Men li pa t fin konprann sa li t ap di a.

34 Pandan li t ap di sa, yon nyaj te fòme. Li te pase yon lonbraj sou yo, epi yo te krent lè yo te antre nan lonbraj la.

35 Answit yon vwa te sòti nan lonbraj la. Li te di: “Sa se fis byeneme Mwen an; koute Li!”

36 Lè vwa a te pale, Jésus te twouve li sèl. Yo te rete an silans, e pa t di pèsonn sa ki te rive nan jou sa yo.

Twa disip ap poze tèt yo kesyon sou Elie

Pandan y ap desann mòn nan, twa disip yo ap poze tèt yo kesyon sou rezirèksyon an ak sou Elie.

Matthieu 17:9–13

17:9 Pandan yo t ap desann mòn nan, Jésus te kòmande yo: “Pa pale pèsòn afè vizyon sila a jiskaske Fis a Lòm nan fin leve soti nan lanmò.”

10 Epi disip Li yo te mande L: “E poukisa Skrib yo toujou di ke Elie oblije vini avan?”

11 Li te reponn yo: “Elie ap vini e l ap restore tout bagay.

12 Men Mwen di nou ke Elie te vini deja, e yo pa t rekonèt li, men yo te fè avè l sa ke yo te pito. Menm jan an, Fis a Lòm nan ap soufri nan men yo.”

13 Konsa, disip yo te vin konprann ke Li t ap pale de Jean Baptiste.

Marc 9:9–13

9:9 Pandan yo t ap desann mòn nan, Li te bay yo lòd pou pa di pèsòn sa yo te wè a, jouk lè ke Fis a Lòm nan ta leve soti nan lanmò.

10 Yo te reflechi anpil sou pawòl sa a, e te diskite youn avèk lòt sou sa sa vle di: “leve soti nan lanmò a”.

11 Yo te mande Li: “Poukisa skrib yo di ke Élie oblije vini avan an?”

12 Li te di yo: “Élie vrèman ap vini avan pou restore tout bagay. Men poukisa li ekri sou Fis a Lòm nan ke Li va soufri anpil bagay, e vin meprize?

13 Men Mwen di nou Élie vrèman gen tan vini, e yo te fè l sa ke yo te pito, jan ke sa ekri sou li a.”