Jésus mete lafwa Douz yo aleprèv

Toupre Césarée Philippe, Jésus mete lafwa Douz yo genyen nan li kòm Mesi a aleprèv.

29 oswa 28 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Matthieu 16:13–20

16:13 Alò, lè Jésus te vini nan landwa Césarée de Philippe, Li te kòmanse mande disip Li yo: “Ki moun yo di ke Fis a Lòm nan ye?”

14 Yo te di: “Kèk moun di ke se Jean Baptiste, lòt Elie, e lòt, Jérémie oswa youn nan pwofèt yo.”

15 Li te di yo: “Men nou menm, ki moun nou di Mwen ye?”

16 Simon Pierre te reponn Li: “Ou menm se Kris La, Fis a Bondye vivan an.”

17 Jésus te reponn li: “Ou menm ou beni, Simon, fis Jonas la, paske chè avèk san pa t revele ou sa, men Papa M ki nan syèl la. 18 Epi Mwen di Ou ke ou menm, ou se Pierre e se sou wòch sa a M ap bati legliz Mwen an, e pòtay peyi mò yo p ap kapab venk li. 19 M ap bay ou kle wayòm syèl la; nenpòt sa ou mare sou latè, ap mare nan syèl la; e nenpòt sa ou demare sou latè, ap demare nan syèl la.”

20 Apre sa, Li te avèti yo pou pa di pèsòn ke se Kris la ke Li te ye.

Marc 8:27–30

8:27 Jésus te sòti avèk disip Li yo pou lantre nan vilaj Césarée Philippe. Sou wout la Li te diskite ak disip Li yo. Li te mande yo: “Kilès moun yo di ke Mwen ye?”

28 Yo te di Li: “Jean Baptiste, e kèk lòt Élie, men lòt, youn nan pwofèt yo”.

29 Li te kesyone yo plis; “Men kilès nou menm nou di ke Mwen ye?” Pierre te reponn e te di Li: “Ou menm se Kris la.”

30 Konsa, Li te avèti yo pou pa di pèsòn anyen sou Li menm.

Luc 9:18–21

9:18 Li te vin rive ke pandan Li t ap priye sèl, disip yo te toupre. Konsa, Li te poze yon kesyon. Li te mande: “Kilès moun pèp la di ke Mwen ye?”

19 Yo te reponn Li, e te di: “Jean-Baptiste, oswa Eli; men lòt yo, youn nan ansyen pwofèt yo ki leve ankò.”

20 Li te mande yo: “Men kilès nou menm, nou di ke Mwen ye”?

Pierre te reponn. Li te di: “Kris a Bondye a.”

21 Men Li te avèti yo avèk severite pou yo pa pale sa a pèsonn.

Jésus anonse lanmò li ak rezirèksyon li davans

Jésus anonse klèman davans yo pral rejte li, Mesi a, epi touye li, e li pral leve soti vivan nan twazyèm jou a.

Matthieu 16:21–26

16:21 Depi lè sa a, Jésus te kòmanse montre disip Li yo ke Li te oblije ale Jérusalem pou soufri anpil bagay nan men lansyen yo, wo prèt yo ak skrib yo; pou yo ta menm touye L, e pou L ta leve nan twazyèm jou a.

22 Konsa, Pierre te mennen L akote. Li te di L: “Ke Bondye anpeche sa, Senyè! Sa p ap janm rive Ou.”

23 Men Li te vire bò kote Pierre: “Mete ou dèyè M Satan! Ou menm, ou se yon wòch chite pou Mwen. Ou pa mete tèt ou nan enterè Bondye, men nan enterè a lòm.”

24 Jésus te di a disip Li yo: “Si yon moun vle swiv Mwen, li dwe nye tèt li, pran kwa li e swiv Mwen.

25 Paske nenpòt moun ki vle sove vi li, ap pèdi li; men nenpòt moun ki pèdi vi li pou koz Mwen menm, ap twouve li.

26 Paske ki pwofi yon nonm ap twouve si li vin genyen tout lemonn, men li pèdi pwòp nanm li? Kisa yon nonm ap bay an echanj pou nanm li?

Marc 8:31–37

8:31 Li te kòmanse enstwi yo ke Fis a Lòm nan t ap oblije soufri anpil bagay, vin rejte pa ansyen yo avèk chèf prèt ak skrib yo, e touye. E apre twa jou, Li ta resisite ankò.

32 Li t ap pale bagay la byen klè.

Konsa, Pierre te mennen L akote e te kòmanse repwoche L.

33 Men lè l te vire gade dèyè, Li te wè disip Li yo, e Li te repwoche Pierre, e te di l: “Mete ou dèyè M, Satan! Paske ou p ap mete panse ou sou enterè Bondye a, men enterè lòm.”

34 Li te rele foul la avèk disip Li yo. Li te di yo: “Si yon moun vle swiv Mwen, fòk li renonse a pwòp tèt li, pran kwa li, e swiv Mwen.

35 Paske nenpòt moun ki vle sove vi li, va pèdi li; men nenpòt moun ki pèdi vi li akoz Mwen ak levanjil la, ap sove li.

36 “Paske kisa sa sèvi a yon nonm si l genyen tout lemonn men l pèdi nanm li? 37 Paske kisa yon nonm ap bay an echanj pou nanm Li.

Luc 9:22–25

9:22 Konsa Li te di: “Fis a Lòm nan va oblije soufri anpil bagay, e va rejte pa ansyen yo, ak chèf prèt yo, ak skrib yo. Li va vin touye, e va vin leve nan twazyèm jou a.”

23 Li t ap di a yo tout: “Si Nenpòt moun vle swiv Mwen, li dwe renonse a pwòp tèt li, pran kwa li e swiv Mwen.

24 Paske Nenpòt moun ki vle sove vi li va pèdi li, men sila a ki pèdi lavi li pou koz Mwen, se li ki va sove li.

25 “Paske ki avantaj yon nonm gen si li vin genyen tout lemonn, e vinpèdi, pou peye kon pri a, pwòp nanm li?

Fis a Lòm nan ap vini nan jenerasyon lè sa a

Matthieu 16:27–28

16:27 “Paske Fis a Lòm nan ap vini nan tout glwa Papa Li, avèk zanj Li yo, e y ap rekonpanse tout moun selon zak yo.

28 “Anverite, Mwen di nou, gen nan nou ki kanpe la a ki p ap goute lanmò jiskaske yo wè Fis a Lòm nan k ap vini nan wayòm Li an.”

Marc 8:38–9:1

8:38 “Paske nenpòt moun ki wont de Mwen menm avèk pawòl Mwen, nan jenerasyon adiltè e konwonpi sila a, Fis a Lòm nan ap wont de li menm tou lè Li vini nan glwa a Papa Li avèk zanj sen yo.”

9:1 Jésus te di yo: “Anverite Mwen di nou, gen kèk moun nan sila ki kanpe la yo ki p ap goute lanmò jouk lè yo fin wè wayòm Bondye a rive avèk pouvwa.”

Luc 9:26–27

9:26 “Paske Nenpòt moun ki wont Mwen, ak pawòl Mwen yo, a li menm, Fis a Lòm nan va wont lè Li vini nan glwa Li, ak glwa a Papa a, e glwa a zanj sen yo.

27 “Men Mwen di nou anverite, gen nan sila yo ki kanpe la a ki p ap goute lanmò jouk lè ke yo wè wayòm Bondye a.”