Farizyen yo ak Sadiseyen yo atake Jésus nan Magadan

Ti vizit nan Magadan (Dalmanutha) nan Galilée, ak gwo atak Farizyen yo ak Sadiseyen yo fè a (remake kounye a yo parèt kont Jésus).

29 oswa 28 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Matthieu 15:39–16:4

15:39 Apre Li voye foul la ale, Li te monte nan yon kannòt e te ale nan rejyon Magadan an.

16:1 Farizyen ak Sadiseyen yo te vin kote Jésus pou sonde L. Yo te mande Li pou bay yo yon sign ki sòti nan syèl la.

2 Men Li te reponn yo: “Lè se nan aswè, nou di ‘l ap fè bon tan, paske syèl la wouj’. 3 Epi nan maten, ‘pral gen yon tanpèt jodi a, paske syèl la wouj e menasan.’ Ipokrit! Nou konn kalkile aparans syèl la, men nou pa konn disène sign nan tan sila yo? 4 Yon jenerasyon mechan e adiltè ap chache yon sign, men yo p ap resevwa l, eksepte sign ki pou Jonas la.” Konsa, Li te sòti kite yo.

Marc 8:10–12

8:10 Nan menm moman sa a, Li te antre nan kannòt la avèk disip Li yo, pou te rive nan peyi yo rele Dalmanutha a.

11 Farizyen yo te parèt e yo te kòmanse diskite avè L. Yo te mande L yon sign ki sòti nan syèl la pou teste li.

12 Avèk yon gwo soupi ki sòti nan lespri Li, Li te di: “Poukisa jenerasyon sila a ap chèche yon sign? Anverite Mwen di nou: Nanpwen sign k ap parèt a jenerasyon sila a.”

Jésus geri yon mesye avèg nan Bethsaïda

Katriyèm fwa li retire kò l, nan Bethsaïda Jilyas, nan tetrachi Hérode Philippe la. Pandan y ap travèse, Jésus reprimande disip yo sevè poutèt yo pa konprann, epi nan Bethsaïda li geri yon mesye avèg.

Matthieu 16:5–12

16:5 Lè disip yo te ale lòtbò lanmè a, yo te bliye pote pen.

6 Jésus te di yo: “Veye e fè atansyon pou ledven Farizyen ak Sadiseyen yo.”

7 Yo te kòmanse diskite pami yo menm. Yo te di: “Se paske nou pa pote pen an.”

8 Men Jésus, okouran de sa, te di yo: “O moun ak ti lafwa piti yo, poukisa nou diskite pami nou ke nou pa gen pen? 9 Èske nou poko konprann ni sonje jiska prezan senk pen ki te pou senk mil mesye yo, e konbyen panyen nou te ranmase?

10 Ni sèt pen ki te pou kat mil moun yo, e konbyen gran panyen nou te ranmase?

11 Kijan ke nou pa konprann ke Mwen pa t pale avèk nou pou afè pen? Men fè atansyon ak ledven Farizyen ak Sadiseyen yo.”

12 Konsa, yo te vin konprann ke Li pa t pale de ledven nan pen, men enstriksyon a Farizyen ak Sadiseyen yo.

Marc 8:13–26

8:13 Lè L fin kite yo, Li te monte kannòt la pou te ale lòtbò.

14 Yo te bliye pran pen, e pa t gen plis ke yon mòso nan kannòt la avèk yo.

15 Li te avèti yo pou di: “Veye byen! Fè atansyon kont ledven Farizyen yo, ak ledven Hérode la!”

16 Konsa, yo te kòmanse diskite youn avèk lòt pwoblèm ke yo pa t gen pen an.

17 Jésus te konprann sa byen, e te di yo: “Poukisa nou ap pale afè pen an? Èske nou poko wè ni konprann? Èske nou gen kè di?

18 Malgre nou gen zye, èske nou pa wè? E malgre nou gen zòrèy, èske nou pa tande? E èske nou pa sonje

19 lè Mwen te kase senk pen yo pou senk mil moun, konbyen panyen plen avèk mòso kase nou te ranmase?”

Yo te di Li: “Douz”.

20 “Epi lè Mwen te kase sèt pou kat mil moun yo, konbyen gwo panyen plen avèk mòso kase nou te ranmase?”

Yo te di li: “Sèt”.

21 Li te mande yo: “Èske nou poko menm konprann?”

22 Yo te rive Bethsaïda. Moun yo te pote bay Li yon mesye avèg e yo te sipliye L pou te touche l.

23 An pran mesye avèg la pa men li, Li te mennen l sòti nan vil la. Lè L fin krache sou zye li e mete men L sou li, Li te mande l: “Èske ou pa wè anyen?”

24 Konsa, li te leve tèt li gade e te di: “Mwen wè moun. Konsi mwen wè yo tankou pyebwa k ap mache toupatou.”

25 Ankò Li te mete men Li sou zye li. Li te gade byen fiks, e li te vin restore. Konsa, li te wè tout bagay byen klè.

26 Li te voye li lakay li e te di: “Pa menm antre nan vil la.”