Jésus geri pitit fi yon fanm Siwofonisyèn

Dezyèm fwa li retire kò l, nan rejyon Tyr ak Sidon, ak gerizon pitit fi yon fanm Siwofonisyèn.

29 oswa 28 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Matthieu 15:21–28

15:21 Konsa, Jésus te kite la, e retire kò l pou landwa Tyr ak Sidon. 22 Epi gade, yon fanm Canaan nan rejyon sa a te vin parèt. Li te kòmanse kriye fò e te di: “Fè m gras, Senyè, Fis a David la! Fi mwen an gen yon move lespri.”

23 Men Li pa t reponn li yon mo.

Disip Li yo te vin kote L. Yo te di L: “Fè l ale; l ap rele dèyè nou tout kote nou ale”.

24 Men Li te reponn e te di: “Mwen te voye sèlman pou mouton pèdi nan lakay Israël la.”

25 Men fanm nan te vin bese devan Li, e te di: “Senyè, ede m!”

26 Men Li te reponn: “Li pa bon pou pran manje ki pou timoun yo pou jete l bay chen.”

27 Men li te di: “Wi Senyè, men menm chen yo manje ti kras manje k ap tonbe sòti sou tab mèt la.”

28 Jésus te reponn li: “Men fanm, lafwa ou gran! Ke sa fèt jan ou vle a”. Epi fi li a te geri lapoula.

Marc 7:24–30

7:24 Jésus te leve e te pati pou rejyon Tyr la. Lè Li te antre nan yon kay, Li pa t vle pèsòn konnen sa, men Li pa t kab evite atire atansyon.

25 Men lè yon fanm ak yon tifi ki te gen yon move lespri te tande de Jésus, li te vin kote L nan menm moman an, e te tonbe nan pye Li.

26 Alò, fanm sila a te yon moun etranje nan ras Siwofonisyèn. E li te kontinye mande L pou chase move lespri a sou pitit li a.

27 Jésus te di li: “Kite zanfan yo satisfè avan, paske li pa bon pou pran pen timoun yo pou jete l bay chen.”

28 Men fanm nan te reponn Li: “Wi Mèt, men menm ti chen anba tab yo manje ti mòso ke timoun yo lese tonbe yo.”

29 Konsa Li te di li: “Akoz repons sa a, al fè wout ou; move lespri a gen tan kite fi ou a.”

30 E lè fanm nan te retounen lakay li, li te twouve tifi a byen kouche sou kabann nan, e move lespri a te gen tan kite li.

Jésus bay kat mil moun yo manje

Twazyèm fwa li retire kò l: nan nò atravè Phénicie, nan lès nan direksyon Hermon, epi nan sid antre nan Decapolis (li rete deyò teritwa Hérode Antipas la), avèk gerizon mesye soud ak bèbè a ak manje li bay kat mil moun yo.

Matthieu 15:29–38

15:29 Lè Li kite la, Jésus te ale bò kote Lanmè Galilée a. Li te monte yon mòn e Li te chita la.

30 Gran foul la te vin kote Li. Yo t ap mennen avèk yo sila ki te bwete, kokobe, avèg, bèbè ak anpil lòt. Yo te depoze yo bò kote pye Li e Li te geri yo. 31 Konsa, foul la te vin etone lè yo te wè bèbè pale, kokobe restore, bwete mache, avèk avèg yo ki te wè e yo te bay glwa a Bondye Israël la.

32 Jésus te rele disip Li yo pou vin kote L. Li te di: “Mwen santi konpasyon pou foul la, paske yo la avè M koulye a pandan twa jou, e yo pa gen anyen pou yo manje. Mwen pa vle voye yo ale grangou, paske yo kab fennen sou wout la.”

33 Disip Li yo te mande L: “Kibò nou ta twouve kantite pen sa a nan yon andwa izole konsa pou bay yon gran foul konsa?”

34 Jésus te mande yo: “Konbyen pen nou genyen”?

Yo te di: “Sèt, avèk kèk ti pwason.”

35 Li te kòmande foul la chita atè. 36 Li te pran sèt ti pen yo avèk pwason an. Lè Li te fin remèsye Bondye pou yo, Li te kase yo, e te bay disip Li yo, ki te bay tout foul la.

37 Konsa, tout moun te manje e te satisfè. Lè yo te ranmase mòso kase ki te rete yo, te rete sèt gran panyen byen plen.

38 Sila ki te manje yo te kat mil gason plis fanm avèk timoun.

Marc 7:31–8:9

7:31 Ankò Li te kite rejyon Tyr la, e te pase pa Sidon jiska lanmè Galilée a, nan rejyon Decapolis.

32 Yo te mennen bay Li yon moun ki te soud, ki te pale avèk anpil difikilte, e yo te sipliye L pou mete men Li sou li.

33 Jésus te mennen l apa gran foul la, e te mete dwat Li anndan zòrèy moun nan. Li te krache, e te touche lang li avèk krache a. 34 Pandan Li gade vè syèl la, Li te soupire byen fò, e te di li: “Ifafata!” Sa vle di “Ouvri!” 35 Konsa zòrèy li te louvri. Lang lou a te disparèt, e li te vin pale kon nòmal.

36 Li te bay yo lòd pou yo pa pale avèk pèsòn; men plis Li te bay lòd, plis yo te kontinye gaye nouvèl la toupatou. 37 Yo te vin etone nèt. Yo t ap di: “Li fè tout bagay byen. Li fè menm soud yo tande, e bèbè yo pale”.

8:1 Nan jou sa yo, lè te gen ankò yon gwo foul ki pa t gen anyen pou yo manje, Jésus te rele disip Li yo. Li te di yo: 2 “Mwen santi konpasyon pou foul la pwiske yo rete avèk Mwen koulye a pandan twa jou, e yo pa gen anyen pou yo manje. 3 Si Mwen voye yo lakay yo grangou, y ap fennen nan wout la, e gen nan yo ki sòti yon bon distans.”

4 Disip Li yo te reponn Li: “Kote yon moun kapab jwenn ase pen isit la pou satisfè moun sa yo nan yon andwa izole konsa”?

5 Li te mande yo: “Konbyen mòso pen nou genyen?” Yo te di Li: “Sèt”.

6 Konsa, Li te fè yo chita atè. Li te pran sèt pen yo, e te kase yo an mòso. Li te kòmanse bay yo a disip Li yo pou sèvi yo, e yo te bay yo a foul la. 7 Anplis yo te genyen kèk ti pwason. Lè L fin beni yo, Li te kòmande sa yo anplis pou separe bay.

8 Yo te manje e yo te satisfè. Yo te ranmase sèt gwo panyen plen avèk mòso kase ki te rete.

9 Te gen anviwon kat mil ki te la. Konsa, Li te voye yo ale.