Farizyen yo reprimande Jésus poutèt men ki pa lave
Farizyen ki soti Jérusalem yo reprimande Jésus paske li kite disip li yo neglije tradisyon yo sou sa ki fè men yo pa pwòp dapre seremoni relijye yo. Jésus reponn ak yon parabòl ki difisil pou konprann.
Pwobableman nan Capernaüm
29 oswa 28 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Matthieu 15:1–3, 7–9, 4–6, 10–20
15:1 Apre sa, kèk Farizyen ak Skrib ki te sòti Jérusalem te vin kote Jésus pou mande L:
2 “Poukisa disip ou yo vyole tradisyon a lansyen nou yo? Paske yo pa lave men yo lè yo manje pen.”
3 Li te reponn yo: “E poukisa nou menm vyole kòmandman Bondye a pou koz a tradisyon nou yo?
7 Nou menm ipokrit; anverite, Ésaïe te bay pwofesi sou nou lè l te di:
8 Pèp sa a onore M avèk lèv yo,
men kè yo byen lwen Mwen.
9 An ven yo adore M;
lè yo enstwi kòm doktrin, prensip a lòm.
4 Paske Bondye te di: ‘Onore papa ou avèk manman ou,’ epi: ‘Sila ki pale mal a manman li oswa a papa li, va mete a lanmò.’”
5 Men nou di: “Nenpòt moun ki di a manman l oswa papa l, tout sa mwen genyen ki ta kapab ede ou se pou Bondye,
6 li pa oblije onore ni papa l ni manman l”. Konsa, nou te anile pawòl Bondye a pou koz tradisyon pa nou an.
10 Apre sa, Li te rele foul akote Li a, e Li te di yo: “Tande e konprann;
11 Se pa sa ki antre nan bouch la ki kontamine yon nonm, men se sa ki sòti nan bouch la ki kontamine l.”
12 Alò, disip Li yo te vin kote L. Yo te di L: “Èske Ou konnen ke Farizyen yo te blese lè yo te tande pawòl sa a?”
13 Men Li te reponn yo e di: “Chak plant ke Papa M pa plante, ap vin rache. 14 Pa okipe yo. Yo se avèg k ap gide avèg. Si yon avèg ap gide yon avèg, se toude k ap tonbe nan yon twou.”
15 Pierre te reponn, e te di L: “Eksplike nou parabòl sa a.”
16 Li te di: “Èske nou menm, nou toujou manke konprann nan? 17 Èske nou pa konprann ke tout bagay ki antre nan bouch, e ki pase nan vant, ap vin elimine?
18 Men bagay ki sòti nan bouch yo, se nan kè yo sòti, e se sa yo ki kontamine yon moun.
19 “Paske se nan kè move panse yo sòti; touye moun, adiltè, imoralite seksyèl, vòlè, fo temwen, tripotay.
20 Se bagay sa yo ki kontamine yon moun, men manje san lave men pa kapab kontamine yon moun.”
Marc 7:1–23
7:1 Farizyen yo avèk kèk nan skrib yo te antoure Jésus lè yo te sòti Jérusalem. 2 Lè yo te wè ke kèk nan disip Li yo t ap manje pen avèk men enpi, sa vle di, san lave, 3 (pwiske Farizyen yo avèk tout Jwif yo pa manje sof ke yo lave men yo kòrèk, pou obsève tradisyon a ansyen yo.
4 Lè yo sòti nan mache, yo pa manje sof ke yo gen tan benyen. Anplis yo gen anpil lòt bagay ke yo konn resevwa kon prensip, tankou lavaj a tas, avèk krich, ak po kwiv yo.)
5 Pou sa, Farizyen yo ak skrib yo te mande L: “Poukisa disip ou yo pa mache selon tradisyon ansyen yo, men manje pen avèk men ki pa lave?”
6 Li te reponn yo: “Byen jis Ésaïe te fè pwofesi sou nou kon ipokrit, lè li te ekri: ‘Pèp sa bay Mwen lonè avèk lèv yo, men kè yo lwen Mwen.
7 Men anven yo adore Mwen lè y ap enstwi kòm doktrin, prensip a lòm.’
8 “Nou neglije kòmandman a Bondye yo, pou kenbe tradisyon a lòm yo—kon lavaj krich yo ak anpil lòt bagay” 9 Li t ap di yo anplis: “ Ak konesans nou mete kòmandman Bondye a akote, pou kenbe tradisyon pa nou yo.
10 Paske Moïse te di: ‘Onore papa ou avèk manman ou’; epi ‘sila ki pale mal a papa li oswa manman li, fòk li mete a lanmò.’
11 “Men nou di: ‘Si yon nonm di a papa l, ni a manman l, nenpòt sa ke m genyen se Kòba’” (sa vle di, “bay a Bondye”),
12 “Nou pa pèmèt moun nan fè anyen ankò ni pou papa l, ni pou manman l.
13 Konsa nou fè pawòl Bondye a vin nil ak tradisyon ke nou transmèt a youn lòt. Nou fè anpil bagay konsa.”
14 Li te rele foul la kote Li ankò. Li te di yo: “Koute Mwen, nou tout, e konprann:
15 Nanpwen anyen deyò yon nonm k ap fè l sal, men se bagay ki sòti pa anndan yon nonm ki fè l sal. 16 Si yon moun gen zòrèy, kite li tande.”
17 Lè Li te kite foul la, Li te antre nan kay la. Disip Li yo te kesyone L sou parabòl sila a.
18 Epi Li te di yo: “Èske nou si tèlman manke konprann tou? Èske nou pa konprann ke sa ki sòti deyò yon nonm pou antre ladann pa kapab souye l,
19 paske sa pa antre nan kè l, men nan vant li epi li vin elimine?” (Konsa Li te deklare ke tout kalite manje pwòp.)
20 Li te di: “Sa ki sòti nan yon moun, se sa ki souye l. 21 Paske pa anndan, sòti nan kè lòm tout move panse, fònikasyon, vòl, touye moun, adiltè, 22 zak lanvi sa ki pou lòt, mechanste, desepsyon, sansyalite, jalouzi, kout lang, ògèy, ak tout kalite foli.
23 Tout mal sa yo sòti pa anndan, epi souye yon nonm.”
Jean 7:1
7:1 Apre bagay sa yo, Jésus t ap mache nan Galilée. Li pa t dakò pou mache nan Judée pwiske Jwif yo t ap chache pou touye L.