Lanmò Saül (continued)

1055 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

I Samuel 29

1 Alò, Filisten yo te rasanble tout lame pa yo ansanm nan Aphek, pandan Izrayelit yo t ap fè kan akote sous ki nan Jizreel la. 2 Konsa, mèt Filisten yo t ap avanse pa santèn e pa milye e David avèk mesye pa li yo t ap avanse pa dèyè avèk Akisch.

3 Alò, kòmandan a Filisten yo te di: “Se kisa Ebre sa yo ap fè isit la?”

Epi Akisch te di a kòmandan Filisten yo: “Èske sa se pa David, sèvitè a Saül la, wa Israël la, ki te avèk mwen nan jou sa yo, oswa pito di ane sa yo, e mwen pa t twouve okenn fot nan li soti nan jou ke li te sòti a, jis jodi a?”

4 Men kòmandan Filisten yo te fache avèk li. Yo te di li: “Fè nonm nan ale retounen, pou li kapab retounen nan plas li kote yo te ba li ransèyman an. Pa kite li desann nan batay la avèk nou, oswa nan batay la, li kapab devni yon lènmi nou. Paske se kilès ki ta k ap fè nonm sa a vin zanmi ak mèt li a? Èske sa pa tèt a mesye sila yo? 5 Èske sa se pa David, a sila yo te chante nan dans pa yo e di:

‘Saül te touye dè milye

e David dè di-milye?’”

6 Alò, Akisch te rele David. Li te di l: “Jan SENYÈ a viv la, ladwati ou ak tout antre sòti ou avèk mwen nan lame a se yon plezi nan zye m; paske mwen pa t jwenn mal nan ou depi jou ke ou te antre kote mwen an, jis rive jodi a. Sepandan, ou pa yon plezi nan zye a lòt chèf yo. 7 Alò, pou sa, retounen ale anpè, pou ou pa fè mèt Filisten yo pa kontan.”

8 David te di a Akisch: “Men kisa mwen te fè? Epi kisa ou te twouve nan sèvitè ou a depi nan jou ke m te vini devan ou an jis rive Jodi a, pou m pa kapab ale goumen kont lènmi a mèt mwen an, wa a?”

9 Men Akisch te reponn David: “Mwen konnen ke ou se yon plezi nan zye m, tankou yon zanj Bondye! Sepandan, kòmandan Filisten yo te di: ‘Fòk li pa monte avèk nou nan batay la.’ 10 Alò, pou sa, leve bonè nan maten avèk sèvitè a mèt ou ki te vini avèk ou yo, e lamenm lè ou leve nan maten bonè, pati.”

11 Konsa, David te leve bonè, li avèk mesye pa li yo, pou pati nan maten pou retounen nan peyi a Filisten yo. Epi Filisten yo te monte Jizreel.

I Kwonik Yo 12:19–22

19 Soti nan Manassé, osi, kèk moun te vin jwenn David lè li t ap prepare fè batay avèk Filisten yo kont Saül. Men yo pa t ede yo, paske chèf Filisten apre yo te konsilte ansanm, e te voye li ale. Yo te di: “Avèk pri a pwòp tèt nou, li kapab fè defo a mèt li, Saul.”

20 Lè l te ale Tsiklag, men moun Manassé ki te parèt yo: Adnach, Jozabad, Jediaël, Micaël, Jozabad, Élihu ak Tsilthaï, chèf a dè milye nan Manassé yo. 21 Yo te ede David kont bann piyajè yo, paske yo tout te mesye pwisan, plen ak kouraj e te kapitèn nan lame a. 22 Paske jou apre jou, moun te vin kote David pou ede l, jiskaske te gen yon gwo lame tankou lame Bondye a.

I Samuel 30–31

1 Alò, li vin rive lè David avèk mesye pa li yo te vini Tsiklag nan twazyèm jou a, ke Amalekit yo te fè yon atak sou Negev ak sou Tsiklag pou te detwi Tsiklag e te brile li avèk dife. 2 Anplis, yo te pran an kaptivite fanm ki te ladann yo, ni piti ni gran, san touye pèsòn, yo te pran yo e ale fè wout yo. 3 Lè David avèk mesye li yo te vini nan vil la, vwala, li te brile avèk dife. Madanm yo ak fis pa yo e fi pa yo te pran an kaptivite. 4 Alò David avèk moun ki te avè l yo te leve vwa yo e te kriye jiskaske yo pa t gen fòs nan yo pou kriye. 5 Alò, de madanm a David yo te pran an kaptivite, Achinoam, Jizreyelit la ak Abigaïl, vèv Nabal la, Kamelit la. 6 Anplis ke sa David te nan gwo pwoblèm akoz moun yo t ap pale afè lapide li, paske tout moun yo te anmè, yo tout akoz fis yo ak fi yo. Men David te ranfòse li menm nan SENYÈ a, Bondye li a. 7 David te di a Abiathar, prèt la, fis Achimélec la: “Souple, pote ban m efòd la.”

Konsa, Abiathar te pote efòd la bay David. 8 David te fè demann SENYÈ a. Li te mande: “Èske mwen dwe swiv bann mouton sa a? Èske mwen va gen tan jwenn yo?”

Epi Li te reponn li: “Swiv yo, paske ou va anverite, jwenn yo, e ou va sove tout.”

9 Konsa, David te ale, li ansanm avèk sis-san mesye ki te avèk li yo. Yo te rive kote ravin Besor a, kote sila ki te kite dèyè yo te rete a. 10 Men David te kontinye pouswiv, li menm avèk kat-san mesye yo. Paske lòt de-san nan yo ki te twò bouke pou travèse ravin Besor a, te rete. 11 Konsa, yo te twouve yon Ejipsyen nan chan an e yo te mennen li kote David. Yo te ba li pen pou li te manje e yo te bay li dlo pou l bwè. 12 Yo te ba li yon mòso gato fig etranje ak de grap rezen pou li te manje. Epi lespri li te vin leve, paske li pa t manje ni bwè dlo pandan twa jou ak twa nwit. 13 David te mande li: “Pou kilès ou ye? Kibò ou sòti?”

Li te di: “Mwen se yon jennonm ki sòti an Égypte, sèvitè a yon Amalekit. Mèt mwen te kite m dèyè lè m te tonbe malad twa jou pase. 14 Nou te fè yon atak nan Negev a Keretyen yo ak sou sa ki apatyen a Juda a ak nan Negev pou Caleb la; epi nou te brile Tsiklag avèk dife.”

15 Konsa, David te mande li: “Èske ou va mennen mwen desann kote lame sila a?”

Li te reponn: “Sèmante a mwen menm pa Bondye pou ou pa touye mwen ni livre mwen nan men a mèt mwen an, epi mwen va mennen ou desann kote lame sa a.” 16 Lè li te mennen li desann, vwala, yo te gaye nan tout tè a, yo t ap manje, bwè e danse akoz tout gran piyaj ke yo te pran nan peyi Filisten avèk peyi Juda yo. 17 David te fè masak sou yo soti nan aswè jis rive nan pwochen jou a. Nanpwen yon nonm nan yo ki te chape, sof kat-san jennonm ki te monte sou chamo pou te sove ale. 18 Konsa, David te reprann tout sa ke Amalekit yo te pran yo, e te livre reprann de madanm li yo. 19 Men anyen ki te pou yo pa t manke, ni piti, ni gran, fis oswa fi, piyaj, oswa nenpòt sa ke yo te pran pou yo menm; David te mennen tout retounen. 20 Konsa, David te vin kaptire tout mouton ak bèf ki te pouse devan lòt bèt yo, epi yo te di: “Sa se piyaj a David.”

21 Lè David te rive kote de-san mesye ki te twò bouke pou swiv David yo, sa yo ki te rete kote ravin Besor yo te parèt pou rankontre David avèk moun ki te avèk li yo. David te pwoche pèp la pou te salye yo. 22 Alò, tout mesye mechan yo avèk sanzave yo pami sila ki te ale avèk David yo te di: “Akoz yo pa t ale avèk nou, nou p ap bay yo anyen nan piyaj ke nou te reprann an, sof a chak mesye, madanm yo avèk pitit yo pou yo kapab mennen yo ale sòti.”

23 Alò, David te di: “Fòk nou pa fè sa, frè m yo, avèk sa ke SENYÈ a te bannou, ki te kenbe nou e livre nan men nou lame a ki te vini kont nou an. 24 Epi se kilès ki va koute ou nan afè sila a? Paske jan pòsyon a sila ki te desann nan batay la, se menm jan an pòsyon pa l ki rete avèk pwovizyon yo. Yo va separe menm jan an.” 25 Se konsa ke li te ye depi nan jou sa a, ke li te fè l vin yon prensip ak yon règleman ke yo va separe menm jan an.

26 Alò, lè David te vini Tsiklag, li te voye nan piyaj la kote ansyen a Juda yo, a zanmi li yo, e li te di: “Gade byen, yon kado pou nou soti nan piyaj a lènmi a SENYÈ yo.” 27 Li te voye l a sila ki te Béthel yo, sila ki te Ramoth a Negev la ak sila ki te Jatthir yo, 28 anplis, a sila ki te Aroër yo, a sila ki te Siphmoth yo ak sila ki te Eschthemoa yo, 29 epi a sila ki te Racal yo, sila ki te nan vil a Jerachmeyelit yo ak sila ki te nan vil a Kenyen yo, 30 epi a sila ki te Horma yo, a sila ki te Cor-Aschan yo ak sila ki te Athac yo, 31 epi a sila ki te Hébron yo, ak tout zòn kote David li menm avèk mesye li yo te abitye rete yo.

31:1 Alò Filisten yo t ap goumen kont Israël e mesye Israël yo te kouri devan Filisten yo, e yo te tonbe mouri sou Mòn Guilboa. 2 Filisten yo te rive sou Saül avèk fis li yo. Konsa, yo te touye Jonathan avèk Abinadab, ak Malkishua, fis a Saül yo. 3 Batay la te vire rèd kont Saül. Ekip tire flèch ak banza yo te rive sou li; epi li te gravman blese pa ekip banza yo. 4 Konsa, Saül te di a pòtè zam li an: “Rale nepe ou pou frennen m avè l; otreman, Filisten ensikonsi sila yo va vin frennen m nèt e fè spò avè m.” Men pòtè zam nan te refize, paske li te pè anpil. Pou sa Saül te pran nepe li e te tonbe sou li. 5 Lè pòtè zam nan te wè ke Saül te mouri avèk twa fis li yo, li tou te tonbe sou nepe li pou te mouri avèk li. 6 Konsa Saül te mouri avèk twa fis li yo, pòtè zam li an, ak tout mesye pa l yo ansanm nan jou sa a.

7 Lè mesye Israël ki te lòtbò vale a avèk sila ki te lòtbò Jourdain an, te wè ke mesye Israël yo te sove ale e ke Saül avèk fis li yo te mouri, yo te abandone vil yo e te sove ale. Konsa, Filisten yo te vin viv ladan yo. 8 Li te vin rive nan pwochen jou a, lè Filisten yo te vini pou depouye mò yo, ke yo te twouve Saül avèk twa fis li yo tonbe sou Mòn Guilboa. 9 Yo te koupe tèt li e te retire zam li yo pou te voye yo toupatou nan peyi Filisten yo, pou pote bòn nouvèl la rive lakay zidòl pa yo ak pèp yo a. 10 Yo te mete zam li yo nan tanp Astarté yo e yo te tache kadav li nan miray kote Beth-Schan an. 11 Alò, lè moun ki te rete Jabès yo te tande sa ke Filisten yo te fè a Saül, 12 tout mesye vanyan yo te leve mache tout nwit lan pou te pran kò Saül la avèk kò a fis pa li yo soti nan miray Beth-Schan an. Lè yo te rive Jabès yo te brile yo la. 13 Yo te pran zo yo e te antere yo anba pye tamaren Jabès la e yo te fè jèn pandan sèt jou.

I Kwonik Yo 10:13–14

13 Konsa, Saül te mouri pou mal ke li te fè kont SENYÈ a, akoz pawòl a SENYÈ a ke li pa t kenbe; epi osi, paske li te fè demand a youn nan sila ki pale ak mò yo, pou mande konsèy, 14 epi pa t mande konsèy a SENYÈ a. Pou sa, Li te touye li, e te bay wayòm nan a David, fis a Jesse a.