Akisch bay David Tsiklag
David kouri al jwenn Akisch, wa Gath, ki ba li Tsiklag pou l rete. Lanmò Saül.
1056 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Konsa, David te di nan tèt li: “Alò, yon jou mwen va peri nan men Saül. Nanpwen anyen k ap pi bon pou mwen pase pou m chape ale nan peyi Filisten yo. Konsa, Saül va dekouraje nan chache mwen toujou sou tout tèritwa Israël la, e mwen va chape nan men li.”
Yon Sòm David
1 O SENYÈ, mwen rele non Ou.
Fè vit! Vin kote m!
Prete zòrèy Ou a vwa mwen lè m rele Ou!
2 Ke lapriyè mwen kapab konte kon lansan devan Ou;
lè m leve men m, kon sakrifis ofrann aswè a.
3 Plase yon gadyen sou bouch mwen, O SENYÈ.
Veye dri sou pòt lèv mwen yo.
4 Pa mennen kè m vè okenn mal,
pou pratike zèv mechan yo, avèk moun ki fè inikite yo.
Ni pa kite mwen manje manje ki fèt pa yo.
5 Kite moun ladwati yo frape mwen.
Konsa, li dous.
Kite li korije mwen.
L ap tankou lwil ki koule sou tèt la.
Pa kite tèt mwen refize li,
paske lapriyè mwen toujou kont zak mechan yo.
6 Jij pa yo fin jete a tè bò kote wòch yo.
Yo va tande pawòl mwen yo, paske yo byen pale.
7 Tankou lè yon moun laboure pou fann tè a,
se konsa zo nou yo fin gaye nan bouch sejou mò a.
8 Paske zye mwen se sou Ou, O BONDYE, Senyè a.
Nan Ou, mwen kache.
Pa kite nanm mwen san pwotèj.
9 Sove m de dan pyèj ke yo te prepare pou mwen yo,
avèk pèlen a sila ki fè inikite yo.
10 Kite mechan yo tonbe nan pwòp filè yo,
pandan mwen pase akote.
2 Konsa, David te leve e te travèse, li menm avèk sis-san òm ki te avè l yo, kote Akisch, fis a Maoc la, wa a Gath la. 3 Epi David te viv avèk Akisch nan Gath, li menm avèk mesye pa li yo, chak moun avèk tout moun lakay yo. David te avèk de madanm pa li yo, Achinoam Jizreyelit la ak Abigaïl, Kamelit la, vèv a Nabal la. 4 Alò, sa te pale a Saül ke David te sove ale Gath. Konsa, li pa t chache li ankò.
5 Alò, David te di a Akisch: “Si koulye a, mwen jwenn favè nan zye ou, kite yo ban mwen yon plas nan youn nan vil andeyò yo, pou m kapab viv la. Paske poukisa sèvitè ou ta viv nan vil wayal la avèk ou?” 6 Konsa, Akisch te bay li Tsiklag nan jou sa a. Konsa, Tsiklag te devni pou wa Juda yo jis rive jodi a. 7 Nonb de jou ke David te viv nan peyi a Filisten yo se te 1 nan, kat mwa.
1 Alò, sila yo se sila ki te vin kote David Tsiklag yo, lè li te toujou jennen akoz Saül, fis a Kish la. Yo te pami mesye pwisan ki te ede nan gè yo. 2 Yo te pote banza, te voye wòch avèk fistibal ni sou men dwat, ni sou men goch, e tire flèch yo ak banza a. Se te fanmi a Saul, soti nan tribi Benjamin an. 3 Chèf la te Achiézer, swivi pa Joas, fis a Schemaa a, Gibeonit lan; Jeziel ak Péleth, fis a Azmaveth yo; epi Beraca; Jéhu, Anatotit la; 4 Jischmaeia, Gabaonit lan, yon mesye pwisan pami trant yo, e tèt a trant yo, epi Jérémie; Jachaziel; Jochannan'; Jozabad, Guedérait la; 5 Éluzaï; Jerimoth; Bealia; Schemaria; Schephathia, Awofit la; 6 Elkana, Jeschija, Azareel, Joézer ak Jaschobeam, Koreyit yo; 7 ak Joéla avèk Zebadia, fis a Jerocham yo, Gedorit la.
8 Alò, David avèk mesye pa li yo te monte pou te fè atak sou Gechouryen, Gizyen avèk Amalekit yo; paske se yo menm ki te mèt tè sa a depi nan tan ansyen yo, nan wout soti Schur, menm pou rive nan peyi Égypte la. 9 David te atake peyi a, e pa t kite yon gason ni yon fanm vivan. Li te pran tout mouton, bèf, bourik, chamo, avèk rad. Apre, li te retounen kote Akisch.
10 Alò, Akisch te di: “Se kibò ou te atake jodi a?”
Epi David te reponn: “Kont Negev la nan Juda e kont Negev a Kenyen yo.” 11 David pa t kite yon mesye ni yon fanm vivan pou mennen yo nan Gath. Li te di: “Otreman, yo va pale afè nou, e di: ‘Se konsa David te fè e se konsa li aji pandan tout tan ke li rete nan peyi Filisten yo.’”
12 Konsa, Akisch te kwè David, Li te di: “Anverite, li vin fè tèt li rayisab pami pèp Israël pa l la. Konsa, li va sèvitè pa m jis pou tout tan.”
Lanmò Saül 1055 anvan Christ
1 Alò, li te vin rive nan jou sa yo ke Filisten yo te rasanble kan lame pa yo pou fè lagè, pou goumen kont Israël. Epi Akisch te di a David: “Konnen byensi ke ou va sòti avè m nan kan an, ou menm avèk mesye pa ou yo.”
2 David te di a Akisch: “Se bon, ou va vin konprann sa ke sèvitè ou kapab fè.”
Akisch te reponn a David: “Se bon, mwen va fè ou gad pèsonèl mwen pou tout lavi ou.”
3 Nan lè sa a Samuel te fin mouri, tout Israël te deja kriye pou li e te antere l Ramah, pwòp vil pa li. Epi Saül te fin retire nan peyi a tout kalite moun sila ki te konn rele mò yo ak divinò yo.
4 Konsa, Filisten yo te rasanble ansanm e te vin fè kan nan Sunem. Epi Saül te rasanble tout Israël ansanm pou yo te fè kan nan Guilboa. 5 Lè Saül te wè kan Filisten yo, li te pè e kè li te tranble anpil. 6 Lè Saül te fè demann SENYÈ a, SENYÈ a pa t reponn li, ni nan rèv, ni avèk Orim, ni pa pwofèt yo. 7 Alò, Saül te pale sèvitè li yo: “Chache pou mwen yon fanm ki konn pale ak mò, pou m kab ale kote li pou mande li kèk bagay.”
Sèvitè li yo te di li: “Gade byen, gen yon fanm ki konn pale ak mò nan En-Dor.”
8 Alò, Saül te kache idantite li avèk lòt rad e te desann, li menm avèk de lòt mesye avèk li. Yo te vin kote fanm nan pandan nwit lan. Li te di: “Evoke fè monte pou mwen lespri la, souple, e mennen monte non moun sila ke m va nonmen pou ou a.”
9 Men fanm nan te di li: “Gade byen, ou konnen sa ke Saül te fè a, jan li te retire sila ki evoke mò avèk divinò nan peyi a. Alò poukisa w ap mete yon pèlen pou lavi mwen pou ou kab fè m mouri?”
10 Saul te fè ve a li ke: “Jan SENYÈ a viv la, p ap gen pinisyon k ap rive ou pou afè sila a.”
11 Alò, fanm nan te di: “Se kilès ke m ap fè monte pou ou a?”
Epi li te di: “Mennen monte Samuel pou mwen.”
12 Lè fanm nan te wè Samuel, li te kriye fò avèk yon gwo vwa; epi fanm nan te pale avèk Saül e te di: “Poukisa ou te twonpe mwen? Paske se Saül ke ou ye.”
13 Wa a te di li: “Pa pè; men se kisa ou wè?”
Epi fanm nan te di Saül: “Mwen wè yon èt diven k ap monte sòti sou latè.”
14 Li te di li: “Se ak kilès ke li sanble?”
Epi li te di: “Yon granmoun k ap monte e li vlope nan yon manto.” Epi Saül te konnen ke se te Samuel. Li te bese avèk figi li atè pou te rann omaj.
15 Alò, Samuel te di a Saül: “Poukisa ou twouble m e mennen m monte?”
Saül te reponn: “Mwen nan gwo pwoblèm anpil; paske Filisten yo ap fè lagè kont mwen, Bondye te kite mwen e Li pa reponn mwen ankò, ni pa pwofèt yo, ni nan rèv. Pou sa, mwen te rele ou, pou ou kapab fè m konnen kisa pou m fè.”
16 Samuel te di: “Poukisa konsa ou vin mande mwen, akoz SENYÈ a te kite ou e te devni lènmi ou? 17 SENYÈ a gen tan fè selon sa Li te pale nan mwen an. SENYÈ a fin chire wayòm nan soti nan men ou, e Li te bay li a vwazen ou an, a David menm. 18 Kòmsi ou pa t obeyi SENYÈ a, e ou pa t fè gwo kòlè Li vin tonbe sou Amalek, konsa SENYÈ a te fè ou bagay sa a nan jou sa a. 19 Anplis SENYÈ a va, osi, bay Israël ansanm avèk ou menm nan men Filisten yo. Konsa, demen ou menm avèk fis ou yo va avèk mwen. Anverite, SENYÈ a va fè bay lame Israël la nan men a Filisten yo!”
20 Alò, Saül, lapoula, te tonbe atè nèt. Li te plen laperèz akoz pawòl a Samuel yo. Ni pa t gen fòs nan li, paske li pa t manje manje nan tout jou sa a, ni nan nwit lan.
21 Fanm nan te rive bò kote Saül. Li te wè ke li te tèlman gen krent jiskaske li te sezi, e li te di li: “Gade byen, sèvant ou te obeyi a ou menm e mwen te pran lavi mwen nan men m pou te koute pawòl ke ou te pale mwen yo. 22 Koulye a, pou sa, souple koute vwa sèvant ou an e kite mwen mete yon mòso pen devan ou. Manje pou ou kapab gen fòs lè ou pran chemen an.”
23 Men li te refize. Li te di: “Mwen p ap manje.” Men sèvitè li yo te ankouraje li e li te koute yo. Konsa, li te leve sou tè a pou te chita sou kabann nan. 24 Fanm nan te gen yon jenn bèf gra nan kay la. Byen vit li te kòche li, li te pran farin, li te frape l fè bòl, e li te kwit li fè pen san ledven. 25 Li te mennen li devan Saül avèk sèvitè li yo e yo te manje. Apre yo te leve sòti menm nwit lan.