David kriye pou Saül ak Jonathan
1055 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Alò, li te vin rive ke lè Saül te fin mouri, e David te retounen soti nan masak a Amalekit yo, ke David te rete pandan de jou nan Tsiklag. 2 Nan twazyèm jou a, vwala, yon mesye te sòti nan kan an kote Saül la. Rad li te chire epi te gen pousyè sou tèt li. Lè li te parèt a David, li te tonbe atè; li te kouche plat nèt pou fè respè.
3 Alò, David te di li: “Depi ki kote ou sòti?”
Li te reponn: “Mwen te chape soti nan kan Israël la.”
4 David te di li: “Se kijan bagay yo te sòti? Souple, fè m konnen.”
Konsa, li te di: “Moun yo gen tan sove ale kite batay la, e anplis, anpil nan moun yo tonbe mouri. Epi Saül avèk Jonathan, fis li a te mouri tou.”
5 Konsa, David te di a jennonm nan ki te pale li a: “Kijan ou fè konnen ke Saül avèk fis li, Jonathan mouri?”
6 Jennonm ki te pale li a te di: “Pa aza mwen te sou Mòn Guilboa, e gade byen, Saül t ap apiye sou frenn li an. Epi gade, cha yo avèk chevalye yo t ap kouri rèd sou li. 7 Lè l te gade dèyè li, li te wè m e te rele mwen. Epi mwen te di: ‘Men mwen’. 8 Li te di mwen: ‘Se ki moun ou ye?’ Epi mwen te reponn li: ‘Mwen se yon Amalekit’. 9 Alò li te di mwen: ‘Souple, kanpe akote mwen pou touye mwen; paske gwo doulè gen tan sezi mwen akoz lavi m toujou rete nan mwen.’ 10 Konsa, mwen te kanpe akote li pou te touye li; paske mwen te konnen ke li pa t kab viv lè l te fin tonbe a. Epi mwen te pran kouwòn ki te sou tèt li a, ak braslè ki te nan bra li a, e mwen te mennen yo isit la kote mèt mwen.”
11 Alò, David te sezi rad li, te chire yo, menm jan tout mesye ki te avè l yo te fè. 12 Yo te fè dèy e te kriye fè jèn pou Saül avèk fis li a, Jonathan, pou pèp SENYÈ a e pou lakay Israël jis rive nan aswè, akoz yo te tonbe pa nepe.
13 David te di a jennonm ki te pale li a: “Se kibò ou sòti?”
Epi li te reponn: “Mwen se fis a yon etranje, yon Amalekit.”
14 Alò, David te di li: “Kijan sa ye ke ou pa t pè lonje men ou pou detwi onksyone a SENYÈ a?” 15 Epi David te rele youn nan jennonm yo e te di: “Ale, koupe l fè l desann.” Konsa, li te frape li e li te mouri. 16 David te di li: “San ou sou pwòp tèt pa w; paske bouch ou te fè temwayaj kont ou menm e te di: ‘Mwen te touye onksyone a SENYÈ a.’”
17 Alò, David te chante lamantasyon sila sou Saül avèk fis li a, Jonathan. 18 Epi li te di yo pou montre fis a Juda yo chan ki rele Banza a. Gade byen, li ekri nan liv a Jaschar a.
19 “Bèlte ou, O Israël, detwi sou wo plas ou yo!
O kijan glwa ou yo te tonbe sou wo plas yo!
20 Pa pale sa nan Gath,
ni pwoklame sa nan lari Askalon yo,
sof fi Filisten yo ta rejwi;
fi a ensikonsi yo ta egzalte,
21 O mòn a Guilboa yo,
pa kite lawouze ni lapli vin tonbe sou nou,
ni sou chanm ofrann yo;
paske pwisan yo te tonbe,
paske la, boukliye pwisan an te vin sal.
Boukliye Saül te pèdi lwil onksyon an.
22 Soti nan san a sila ki te mouri yo,
soti nan grès a pwisan yo,
banza a Jonathan an pa t fè bak,
ni nepe a Saül la pa t retounen vid.
23 Saül avèk Jonathan,
byen emab e byeneme pandan vi pa yo,
epi nan mò yo, yo pa t vin separe.
Yo te pi rapid ke èg yo.
Yo te pi pwisan pase lyon yo.
24 O fi Israël yo, kriye pou Saül,
ki te fè nou abiye byen bèl ak twal wouj,
ki te mete òneman an lò sou vètman nou.
25 Kijan pwisan yo vin tonbe nan mitan batay la!
Jonathan vin touye sou wo plas nou yo.
26 Mwen twouble pou ou, frè m Jonathan.
Ou te konn fè m byen kontan.
Lanmou ou te yon bèl bagay.
Lanmou ou te pi presye ke lanmou a yon fanm.
27 Kijan pwisan yo te tonbe
e zam lagè yo te vin peri!”
1 Alò, Filisten yo te goumen kont Israël; epi mesye Israël yo te sove ale devan Filisten yo e te mouri sou Mòn Guilboa. 2 Filisten yo te kouri prese dèyè Saül avèk fis li yo, e Filisten yo te touye Jonathan, Abinadab ak Malki-Schua, fis a Saül yo. 3 Batay la te vin rèd kont Saül e ekip banza yo te rive sou li. Konsa li te blese pa ekip banza yo. 4 Alò, Saül te di a sila ki te pote zam li yo: “Rale nepe ou e frennen m nèt avè l pou ensikonsi sila yo pa vin abize mwen.”
Men pòtè zam li yo pa t fè l, paske li te krent anpil. Pou sa, Saül te pran nepe li e te tonbe sou li. 5 Lè pòtè zam li an te wè ke li te mouri, li menm tou te tonbe sou nepe li e te mouri. 6 Konsa, Saul te mouri avèk twa fis li yo, e tout lakay li te mouri ansanm. 7 Lè tout mesye Israël ki te nan vale yo, te wè ke yo te sove ale, e ke Saül avèk fis li yo te mouri, yo te sove ale kite vil yo. Epi Filisten yo te vin rete ladan yo.
8 Li te vin rive nan pwochen jou a, lè Filisten yo te vini pou depouye mò yo, ke yo te twouve Saül avèk fis li yo tonbe sou Mòn Guilboa a. 9 Konsa, yo te depouye li e te pran tèt li avèk zam avèk boukliye li yo e te voye mesaje antoure tout peyi Filisten yo pou pote bòn nouvèl la rive nan zidòl pa yo avèk pèp la. 10 Yo te mete zam avèk boukliye li yo lakay dye pa yo e te tache kole tèt li lakay Dagon an. 11 Lè tout moun Jabès-Galaad yo te tande tout sa ke Filisten yo te fè a Saül, 12 tout mesye gwo kouraj yo te leve e pran kò a Saül avèk kò a fis li yo pou te pote yo Jabès, yo te antere yo anba chenn nan Jabès e te fè jèn pandan sèt jou.