Lanmò Samson
Lanmò Samson, ak lòt bagay ankò.
1117 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Alò, Samson te desann Gaza, e li te wè yon pwostitiye. Li te antre nan li. 2 Lè sa li te pale pami moun Gaza yo: “Samson vin isit la!” Yo te antoure kote a e yo te kache tann li tout lannwit vè pòtay lavil la. Yo te rete an silans tout nwit lan e yo te di: “Annou tann jis li fè klè maten e nou va touye li.” 3 Alò, Samson te kouche jis minwi e a minwi, li te leve pran pòtay lavil yo avèk de poto yo. Li te rale fè yo monte, ansanm avèk ba travès pa yo. Epi li te mete yo sou zepòl li, e li te pote yo monte pou rive anwo tèt mòn ki anfas Hébron an.
4 Apre sa, li te vin rive ke li te renmen yon fanm nan vale Sorek la, ke yo te rele Delila. 5 Prens Filisten yo te ale kote li e te di fanm nan: “Mennen li ak dousè e twouve kote gran fòs li a sòti, e kijan nou kapab vin genyen l pou nou kapab mare li pou aflije li. Epi nou chak va ba ou onz-san pyès ajan.”
6 Konsa, Delila te di a Samson: “Souple, pale m kote gran fòs ou a ye ak kijan ou kapab vin mare pou ou ta aflije.”
7 Samson te di li: “Si yo mare m avèk sèt kòd nèf ki poko sèch; alò, mwen va devni fèb e mwen va vin tankou nenpòt lòt gason.”
8 Epi prens Filisten yo te mennen ba li sèt kòd nèf ki potko sèch e li te mare li avèk yo. 9 Alò, te gen moun ki te kache ap tann nan chanm anndan an. Epi li te di li: “Men Filisten yo rive sou ou, Samson!” Konsa li te pete kòd yo tankou fisèl pit chire lè l touche dife. Konsa, fòs li a pa t revele.
10 Epi Delila te di a Samson: “Gade byen, se twonpe ou twonpe m, ou ban m yon bann manti; alò, koulye a, souple, di m kijan ou kab mare.”
11 Li te di li: “Si yo mare m byen di ak kòd nèf ki pa t janm sèvi; alò, mwen va devni fèb tankou nenpòt lòt gason.”
12 Konsa, Delila te pran kòd nèf e li te mare li avèk yo e te di li: “Men Filisten yo sou ou, Samson!” Paske gason yo t ap tann nan chanm anndan an. Men li te pete kòd yo nan bra li tankou fisèl pou koud.
13 Epi Delila te di a Samson: “Jis koulye a, ou te twonpe m e ban m bann manti; di mwen kijan ou kapab mare.”
Epi li te di li: “Si ou trese sèt très cheve m nan ansanm très la, epi tache l avèk gwo epeng tout très la, m ap vin fèb tankou nenpòt lòt gason.”
14 Konsa, pandan li t ap dòmi, Delila te pran sèt très a cheve li yo, li te trese yo nan ansanm très la. Li te tache li avèk epeng lan, e li te di li: “Men Filisten yo sou ou, Samson!” Men li te leve nan dòmi li, li te rale fè epeng lan sòti nan ansanm très la e li te rale cheve l nan griyaj très la.
15 Alò li te di li: “Kijan ou kapab di, ‘Mwen renmen ou,’ lè kè ou pa avè m? Ou te twonpe m twa fwa sila yo e pa t di mwen kote gran fòs ou a ye.”
16 Li te vin rive ke lè li te toumante li chak jou avèk pawòl li yo e te bourade li, ke nanm li te vin twouble jiska lanmò. 17 Konsa, li te fè l konnen tout sa ki te nan kè li e li te di li: “Yon razwa pa t janm vini nan tèt mwen; paske mwen se te yon Nazareyen a Bondye soti nan vant manman m. Si cheve m vin taye; alò, fòs mwen an va kite mwen e mwen va devni tankou nenpòt lòt gason.”
18 Lè Delila te wè ke li te di li tout sa ki te nan kè li, li te rele prens a Filisten yo e li te di yo: “Vini yon fwa ankò; paske li fin di mwen tout sa ki te nan kè li.” Epi prens a Filisten yo te vin kote li, e yo te pote lajan pou li a nan men yo. 19 Li te fè li dòmi sou jenou li, li te rele yon mesye pou te fè l pase razwa retire tout sèt très cheve li yo. Alò, li te kòmanse aflije li e fòs li a te vin kite l. 20 Li te di: “Men Filisten yo sou ou, Samson!”
Li te leve soti nan dòmi li, e te di: “Mwen va sòti tankou lòt fwa yo e souke kò m pou m vin lib.” Men li pa t konnen ke SENYÈ a te gen tan kite li. 21 Alò, Filisten yo te sezi li. Yo te kreve rete zye li, epi yo te mennen li Gaza. Yo te mare l avèk chenn fèt an bwonz ki te konn vire moulen nan prizon an. 22 Men cheve tèt li t ap grandi ankò lè l te fin koupe yo.
23 Alò, prens Filisten yo te rasanble pou ofri yon gran sakrifis a Dagon, dye pa yo a e pou rejwi yo, paske yo te di: “Se dye pa nou an ki livre Samson, lènmi nou an, nan men nou.” 24 Lè pèp la te wè li, yo te fè lwanj a dye pa yo a, paske yo te di: “Se dye pa nou an ki te livre lènmi nou an, nan men nou, menm destriktè a peyi nou an, ki te touye anpil nan nou.”
25 Li te vin rive ke pandan yo te ranpli avèk kè kontan, ke yo te di: “Rele Samson pou l kapab amize nou.” Konsa, yo te rele Samson soti nan prizon an pou li te amize yo. Epi yo te fè l kanpe antre pilye yo. 26 Alò, Samson te di a gason ki te kenbe men l lan: “Kite mwen manyen pilye kote kay la kanpe yo pou m kab apiye sou yo.” 27 Alò, kay la te ranpli avèk gason ni fanm e tout prens a Filisten yo te la. Epi anviwon twa-mil gason avèk fanm te anba twati a e yo t ap gade Samson pandan li t ap amize yo. 28 Konsa, Samson te rele SENYÈ a e te di: “O Senyè BONDYE, souple, sonje mwen, e souple, ranpli fòs mwen pou sèl fwa sa a, O Bondye pou m kapab jwenn vanjans sou Filisten yo pou de zye mwen yo.” 29 Samson te kenbe byen di de pilye mitan yo sou sila kay la te poze yo, li te ranfòse li sou yo, youn avèk men dwat li e youn avèk men goch li. 30 Epi Samson te di: “Kite mwen mouri avèk Filisten yo!” Epi li te koube avèk tout fòs li jiskaske kay la te vin tonbe sou tout prens yo ak tout moun ki te ladann yo. Konsa, kantite moun ke li te touye lè l te mouri an te plis ke sila ke li te touye pandan tout vi li yo.
31 Alò, frè li yo avèk tout lakay papa li te desann pran li, mennen li monte e te antere li antre Tsorea ak Eschthaol nan tonm Manoach la, papa li. Konsa, li te jije Israël pandan ventan.
20 Epi li te jije Israël pandan ventan nan jou a Filisten yo.
Lanmò Éli 1116 anvan Christ
1 Konsa, pawòl a Samuel te rive a tout Israël.
Alò, Israël te sòti pou rankontre Filisten yo nan batay. Yo te fè kan akote Ében-Ézer pandan Filisten yo te rete Aphek. 2 Filisten yo te parèt nan ranje batay yo pou rankontre Israël. Lè batay la te gaye, Israël te vin bat devan Filisten yo ki te touye anviwon kat-mil òm sou chan batay la. 3 Lè pèp la te antre nan kan an, ansyen a Israël yo te di: “Poukisa SENYÈ a bat nou konsa jodi a devan Filisten yo? Annou pran pou nou menm lach akò a pou l soti Silo. Konsa, li kapab vini pami nou e livre nou sòti anba pouvwa lènmi nou yo.”
4 Epi pèp la te voye Silo e soti la, yo te pote lach akò SENYÈ dèzame a, ki chita anwo cheriben yo. Epi de fis a Éli yo: Hophni avèk Phinées, te la avèk lach akò Bondye a. 5 Pandan lach akò SENYÈ a te antre nan kan an, tout Israël te kriye avèk yon gwo kri, jiskaske tè a te vin sone. 6 Lè Filisten yo te tande gwo kri sila a, yo te di: “Kisa sa vle di? Gwo kri sila a nan kan Ebre yo?” Epi yo te vin konprann ke lach SENYÈ a te antre nan kan an. 7 Filisten yo te krent, paske yo te di: “Bondye vin antre nan kan an.” Konsa, yo te di: “Malè a nou menm! Paske anyen parèy a sa pa t konn fèt avan. 8 Malè a nou menm! Kilès k ap delivre nou nan men a dye pwisan sa yo? Sila yo se dye ki te frape Ejipsyen yo avèk tout kalite fleyo nan dezè a. 9 Pran kouraj e mete gason sou nou, O Filisten yo, oswa nou va devni esklav a Ebre yo jis jan ke yo te esklav nou an. Pou sa, mete gason sou nou pou nou goumen!” 10 Konsa, Filisten yo te goumen e Israël te bat. Tout mesye yo te sove ale rive nan pwòp tant yo. Masak la te byen gwo, e te vin tonbe an Israël trant-mil sòlda a pye. 11 Anplis, lach Bondye a te sezi pran; epi de fis Éli yo, Hophni avèk Phinées te mouri.
12 Konsa yon mesye a Benjamin te kouri sòti nan chan batay yo pou te parèt Silo nan menm jou a avèk rad li chire ak pousyè sou figi li. 13 Lè li te vini, vwala, Éli te chita sou chèz li akote wout la pou veye tann, akoz kè li t ap tranble pou lach SENYÈ a. Konsa, mesye a te vin pale sa nan vil la e tout vil la te kriye fò. 14 Lè Éli te tande bri kriye a, li te di: “Kisa bri kriye sa a vle di?”
Epi mesye a te vini avèk vitès e li te pale Éli. 15 Alò, Éli te gen laj a katrevendizuit ane, zye li te fikse epi li pa t kab wè. 16 Mesye a te di a Éli: “Mwen se sila ki te sòti nan chan batay la. Vrèman, mwen te chape sòti nan chan batay la jodi a.”
Epi Éli te mande: “Kijan tout bagay te mache, fis mwen?”
17 Konsa, sila ki te pote nouvèl la te reponn: “Israël te sove ale devan Filisten yo, e te genyen osi, yon gwo masak pami pèp la. Anplis, de fis ou yo, Hophni avèk Phinées mouri, e lach Bondye a te kaptire.”
18 “Lè li te mansyone lach Bondye a, Éli te tonbe sou chèz li pa dèyè akote pòtay la. Kou li te kase, e li te mouri, paske li te fin granmoun e li te gra.” Konsa, li te jije Israël pandan karant ane.
19 Alò, bèlfi li, madanm a Phinées te ansent e prèt pou akouche. Lè li te tande nouvèl ke lach Bondye a te pran an kaptivite e ke bòpè li avèk mari li te mouri, li te bese sou jenou li e te akouche, paske doulè li te vin rive sou li. 20 Epi nan lè li t ap mouri an, fanm ki te kanpe akote li a te di li: “Pa pè, paske ou te bay nesans a yon fis.” Men li pa t reponn li ni li pa t okipe li. 21 Konsa, li te rele gason an I-Kabod, e te di: “Laglwa Israël pati!” akoz lach Bondye a te pran an kaptivite e akoz bòpè li avèk mari li. 22 Li te di: “Laglwa gen tan pati soti an Israël; paske lach Bondye a te pran an kaptivite.”