Samson Marye epi li Goumen ak Filisten yo (continued)

Maryaj Samson ak gwo aksyon li fè kont Filisten yo.

1136 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Jij Yo 15:1–19

1 Men pita, pandan rekòlt ble a, Samson te vizite madanm li avèk yon jenn kabrit. Li te di: “Mwen va antre vè madanm mwen nan chanm li.”

Men papa li pa t kite li antre. 2 Papa li te di li: “Mwen te konnen ke ou te tèlman rayi li; epi pou sa, mwen te bay li a zanmi ou an. Èske pi jenn sè li a pa pi bèl pase li? Souple, kite li vin pou ou nan plas li.”

3 Samson te di a yo: “Fwa sa a, mwen p ap gen tò anvè Filisten yo lè m fè yo mal.” 4 Samson te ale kenbe twa-san rena. Li te pran tòch yo, e te vire yo mare ke a ke, e li te mete yon tòch nan mitan chak de ke yo. 5 Lè l te fin limen tòch yo, li te lage rena yo nan chan sereyal Filisten yo, e te brile pakèt sereyal yo ak ble, ansanm avèk chan rezen avèk lòt chan bwa fwi.

6 Konsa, Filisten yo te di: “Kilès ki te fè sa?”

Yo te reponn: “Samson, bofi a Timnyen an, akoz li te pran madanm li pou te bay li a konpanyen li.” Pou sa, Filisten yo te monte e te brile ni madanm nan, ni papa li avèk dife.

7 Samson te di yo: “Akoz n ap aji konsa, mwen va vrèman pran vanjans sou nou, men apre sa, m ap sispann.” 8 Li te frape yo byen di avèk yon gwo masak; epi li te desann pou te viv nan krevas wòch la nan Étam. 9 Alò, Filisten yo te monte fè kan nan Juda e te vin gaye nan Léchi.

10 Mesye Juda yo te di: “Poukisa nou vin monte kont nou?”

Yo te di: “Nou te monte pou mare Samson dekwa ke nou kab fè l menm bagay ke li te fè nou an.”

11 Epi twa-mil lòm Juda te desann vè krevas wòch la nan Étam, e yo te di Samson: “Èske ou pa konnen ke Filisten yo gen tout fòs sou nou? Poukisa, konsa, ou vin fè nou sa?”

Epi li te di yo: “Menm jan yo te fè m nan, se konsa mwen te fè yo.”

12 Yo te di li: “Nou te vin isit la pou mare ou pou nou kapab livre ou nan men Filisten yo.” Epi Samson te di yo:

“Sèmante a mwen ke nou p ap touye mwen.”

13 Yo te di li: “Non, men nou va mare ou nèt e livre ou nan men yo; men anverite, nou p ap touye ou.” Yo te mare li avèk de kòd nèf e te mennen li monte soti nan wòch la.

14 Lè li te rive nan Léchi, Filisten yo te rele fò pandan yo t ap rankontre li. Epi Lespri SENYÈ a te vini sou li avèk pouvwa, jiskaske kòd sou bwa li yo te vin tankou pay len ki brile ak dife e kòd yo te tonbe sòti nan men li. 15 Li te twouve yon zo a machwè bourik fre. Konsa, li te lonje pran l e li te touye mil lòm avèk li. 16 Alò, Samson te di: “Avèk machwè a yon bourik, pil sou pil; avèk machwè a yon bourik, mwen te touye yon milye moun.” 17 Lè l te fin pale, li te jete machwè a sòti nan men l; epi plas sa a te rele Ramath-Léchi.

18 Alò, li te vin swaf. Li te rele a SENYÈ a e li te di: “Ou te bay delivrans pa men sèvitè Ou e, koulye a, mwen va mouri ak swaf e tonbe nan men a ensikonsi yo?”

19 Men Bondye te fann kote vid ki nan Léchi a, e dlo te sòti ladann. Lè li te bwè, fòs li te retounen e li te reprann fòs. Pou sa, li te rele kote sa a En-Hakkoré, ki nan Léchi jis rive jodi a.

Yo Voye yon Pwofèt Bò Kote Éli 1117 anvan Christ

I Samuel 2:22–36

22 Alò Éli te vin trè vye. Li te tande tout sa ke fis li yo t ap fè a tout Israël la ak jan yo te kouche avèk fanm ki te sèvi nan pòtay tant asanble a. 23 Li te di yo: “Poukisa nou konn fè bagay parèy sa yo, bagay mechan ke m tande tout moun sa yo pale yo? 24 Non, fis mwen yo, rapò ke m tande sikile pami pèp la pa bon. 25 Si yon nonm vin peche kont yon lòt, Bondye va entèsede pou li. Men si yon nonm peche kont SENYÈ a, se kilès ki kab entèsede pou li?” Men yo pa t koute vwa a papa yo, paske SENYÈ a te vle mete yo a lanmò.

26 Alò, gason Samuel t ap grandi nan wotè ak nan favè avèk SENYÈ a e avèk tout moun.

27 Alò, yon nonm Bondye te vin kote Éli e te di li: “Men konsa SENYÈ a pale: ‘Èske Mwen pa t vrèman revele Mwen menm a kay zansèt ou yo lè yo te an Égypte nan esklavaj lakay Farawon an? 28 Èske Mwen pa t chwazi yo soti nan tout tribi Israël yo pou devni prèt Mwen, pou monte vè lotèl Mwen, pou brile lansan, pou pote yon efòd devan Mwen? Epi èske Mwen pa t bay lakay zansèt nou yo tout ofrann dife fis Israël yo? 29 Poukisa ou voye pye kont sakrifis Mwen ak sou ofrann ke M te kòmande nan kay abitasyon Mwen an, e bay onè a fis ou yo plis ke Mwen menm lè nou fè nou menm gra avèk pi bèl chwa a chak ofrann pèp Mwen an, Israël?’ 30 Pou sa, SENYÈ a, Bondye Israël la deklare: ‘Mwen te vrèman di ke lakay ou ak lakay zansèt ou yo ta dwe mache devan Mwen pou tout tan.’ Men koulye a SENYÈ a deklare: ‘Ou lwen de sa a — paske sila ki onore Mwen yo, Mwen va onore yo. Men sila ki meprize Mwen yo, Mwen va meprize yo. 31 Gade byen, jou yo ap vini ke Mwen va kase fòs ou ak fòs lakay zansèt nou yo jiskaske pa gen yon granmoun lakay nou. 32 Ou va wè twoub nan abitasyon Mwen, malgre tout byen ke m va fè pou Israël. Se pa pou tout tan ou ap gen yon granmoun lakay ou. 33 Moun pa w ke M pa koupe retire nèt tout sou lotèl Mwen an, jiskaske zye nou manje, e fè kè w tris nèt. Tout desandan lakay nou yo va vin mouri ak gwo fòs jenès yo toujou sou yo. 34 Sa va yon sign pou nou menm ki va vini konsènan de fis ou yo, Hophni avèk Phinées: Nan menm jou a, yo toude va mouri. 35 Men Mwen va fè leve pou kont Mwen yon prèt fidèl ki va fèt selon sa ki nan kè M ak nan nanm Mwen. Epi Mwen va bati pou li yon kay k ap dire e li va mache toujou devan onksyon Mwen. 36 Tout sila ki rete lakay ou yo va vin bese ba a li menm pou yon pyès ajan, oswa yon mòso pen. Yo va di: “Souple, ban m yon plas nan youn nan pozisyon prèt yo pou m kab manje yon mòso pen.”’”