Apèl Samuel
1143 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Alò, Samuel te sèvi SENYÈ a devan Éli. Yon pawòl soti nan SENYÈ a te ra nan jou sa yo, e vizyon yo pa t fèt souvan. 2 Li te rive nan lè sa a ke pandan Éli te kouche nan plas li, (alò, vizyon li te kòmanse febli; li pa t kab wè byen), 3 epi lanp Bondye a potko etenn e Samuel te kouche nan tanp SENYÈ a kote lach Bondye a te ye a, 4 ke SENYÈ a te rele Samuel. Li te reponn: “Men mwen isit la!”
5 Alò, li te kouri vè Éli e te di: “Men mwen, paske ou te rele m.”
Men Éli te di: “Mwen pa t rele ou. Ale kouche ankò.”
Konsa, li te retounen kouche. 6 Senyè a te rele ankò: “Samuel!”
Konsa, Samuel te leve, li te ale vè Éli. Li te di: “Men mwen, paske ou te rele m.” Men li te reponn: “Mwen pa t rele ou, fis mwen, ale kouche ankò.” 7 Alò, Samuel potko konnen SENYÈ a, ni pawòl SENYÈ a potko revele a li. 8 Alò, SENYÈ a te rele Samuel ankò pou yon twazyèm fwa. Epi li te leve ale vè Éli. Li te di: “Men mwen, paske ou te rele mwen.”
Konsa, Éli te vin apèsi ke SENYÈ a t ap rele gason an. 9 Epi Éli te di a Samuel: “Ale kouche e li va fèt ke si Li rele ou, ke ou va di: ‘Pale, SENYÈ a, paske sèvitè ou ap koute ou.’” Konsa, Samuel te ale kouche nan plas li. 10 Alò SENYÈ a te vin kanpe e Li te rele tankou lòt fwa yo: “Samuel! Samuel!” Epi Samuel te di: “Pale, paske sèvitè ou ap koute ou.”
11 SENYÈ a te di a Samuel: “Veye byen, Mwen prèt pou fè yon bagay an Israël k ap fè zòrèy tout moun an Israël vin toudi. 12 Nan jou sa a, Mwen va pote kont Éli tout sa ke M te pale selon lakay li, soti nan kòmansman, jiska lafen. 13 Paske Mwen te di li ke Mwen prèt pou jije lakay li pou tout tan pou inikite ke li te konnen yo. Akoz fis li yo te mennen yon madichon sou pwòp tèt yo, e li pa t repwoche yo. 14 Pou sa, mwen te fè temwen anvè lakay Éli ke inikite lakay Éli p ap padone, ni avèk ofrann, ni avèk sakrifis.”
15 Konsa, Samuel te kouche jis rive nan maten. Li te ouvri pòt lakay SENYÈ a. Men li te krent pou pale Éli vizyon an. 16 Alò, Éli te rele Samuel e te di: “Samuel, fis mwen.”
Epi li te di: “Men mwen.”
17 Li te di: “Ki pawòl ke Li te pale ou a? Souple, pa kache l pou mwen. Ke Bondye fè l konsa a ou menm, e menm plis osi, si ou kache yon bagay a mwen nan tout pawòl ke li te pale ou yo.”
18 Konsa, Samuel te di li tout bagay. Li pa t kache anyen a li menm.
Epi li te di: “Li se SENYÈ a; kite Li fè sa ki sanble bon pou Li menm.”
19 Konsa, Samuel te grandi, SENYÈ a te avèk li e Li pa t kite okenn nan pawòl li yo manke reyisi. 20 Tout Israël soti nan Dan jis rive menm Beer-Schéba te konnen ke Samuel te konfime kòm yon pwofèt a SENYÈ a. 21 Epi SENYÈ a te vin parèt ankò nan Silo, paske SENYÈ a te revele Li menm a Samuel nan Silo selon pawòl Bondye a.
Samson Marye epi li Goumen ak Filisten yo 1136 anvan Christ
Maryaj Samson ak gwo aksyon li fè kont Filisten yo.
1 Samson te desann Thimna. La li te wè yon fanm Thimna; youn nan fi Filisten yo. 2 Konsa, li te retounen pou te di papa l avèk manman l: “Mwen te wè yon fanm Thimna, youn nan fi Filisten yo. Alò pou sa, al chache li pou mwen kòm madanm.”
3 Papa l avèk manman l te di li: “Èske pa gen okenn fanm pami fi a fanmi ou yo, oswa pami tout pèp nou an, pou ou alepran yon madanm pami Filisten ensikonsi sa yo?”
Samson te di a papa l: “Ale pran li pou mwen; paske selon mwen menm, li byen bèl.”
4 Alò, papa li avèk manman li pa t konnen ke sa se te yon bagay a SENYÈ a; paske Li t ap chache yon okazyon kont Filisten yo. Alò, nan tan sa a, Filisten yo t ap domine sou Israël.
5 Epi Samson te desann Thimna avèk papa l avèk manman l e yo te avanse rive jis nan chan rezen a Thimna yo; epi vwala, yon jenn lyon tou ap gwonde te vin lonje sou li. 6 Lespri SENYÈ a te vin monte byen fò sou li e li te chire li tankou yon moun ta chire yon jenn kabrit, malgre anyen pa t nan men li. Men li pa t pale ni papa l ni manman l sa li te fè a. 7 Konsa, li te desann pale avèk fanm nan, epi li te fè kè l kontan. 8 Lè l te retounen pita pou pran l, li te vire akote pou gade kadav lyon an. Epi vwala, yon desen myèl te nan kò lyon an. 9 Konsa, li te fè yon grate lasi ak siwo myèl nan men li e li te fè wout li pandan li t ap manje. Lè li te vin kote papa l avèk manman l, li te bay yo, e yo te manje. Men li pa t di yo ke li te grate siwo a sòti nan kò lyon an. 10 Alò, papa li te desann vè fanm nan; epi Samson te fè yon fèt la, paske jennonm yo te konn fè sa kòm koutim pa yo. 11 Lè yo te wè li, yo te mennen trant zanmi parèy a yo pou yo ta kab la avèk li.
12 Samson te di yo: “Kite m bannou yon kont pou nou kab devine l. Si nou kab vrèman reponn pandan sèt jou ki ekoule nan fèt la pou twouve bout li, alò, mwen va bannou trant gwo manto fèt an len avèk trant echanj vètman. 13 Men si nou pa kab reponn mwen, alò, nou va ban mwen trant echanj vètman.”
Yo te di li: “Bannou kont lan pou nou kab koute li.”
14 Konsa, li te di yo:
“Sòti nan sila ki konn manje, te parèt yon bagay pou manje.
Sòti nan sila ki gen fòs, te parèt yon bagay ki dous.”
Men nan twa jou, yo pa t kab ba li repons lan. 15 Alò, li te vin rive ke nan katriyèm jou a, ke yo te di a madanm Samson an: “Mennen mari ou pou l kab bannou repons kont lan, oswa nou va brile ou menm avèk kay papa ou avèk dife. Èske se pou fè nou vin pòv ke ou te envite nou? Se pa sa w ap fè la a?”
16 Madanm a Samson te kriye devan li e te di: “Se sèlman ke ou rayi mwen e ou pa renmen m. Ou te prezante yon kont a fis pèp mwen yo e ou pa t pale m de sa.”
Li te di li: “Gade byen, mwen pa t pale l ni a manman m, ni a papa m. Èske se a ou menm pou m ta pale li?”
17 Men li te kriye devan li pandan sèt jou pandan fèt yo a t ap pase. Epi nan setyèm jou a, li te pale li kont lan, akoz li menm (fanm nan) te peze li rèd. Alò konsa, li al pale istwa a fis pèp li yo. 18 Konsa, mesye lavil yo te di a li nan setyèm jou a avan solèy la te kouche: “Se kisa ki pi dous ke siwo myèl? Epi kisa ki pi fò pase yon lyon?”
Li te reponn yo:
“Si nou pa t raboure avèk gazèl bèf mwen,
nou pa t ap dekouvri kont mwen an.”
19 Lespri SENYÈ a te vini sou li byen fò, e li te desann Askalon pou te touye trant nan Filisten yo. Li te pran piyaj pa yo e te bay echanj rad yo a sila ki te reponn kont lan. Epi kòlè li te monte, e li te monte vè lakay papa l. 20 Men madanm a Samson an te vin bay a yon konpanyen li ki te bon zanmi li.