Nesans Samuel

1155 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

I Samuel 1:1–2:21

1 Alò te genyen yon sèten mesye ki te soti nan Ramathaïm-Tsophim nan peyi ti kolin Éphraïm yo, non li se te Elkana, fis a Jeroham la, fis a Élihu a, fis a Thohu, fis a Tsuph, Efratyen an. 2 Li te gen de madanm: youn te rele Anne e lòt la te Peninna. Peninna te fè pitit, men Anne pa t fè pitit. 3 Alò, mesye sa a te konn monte soti nan vil li a chak ane pou adore ak fè sakrifis a SENYÈ dèzame yo nan Silo. Epi de fis Éli yo, Hophni avèk Phinées te prèt SENYÈ a nan kote sa a. 4 Lè jou a te vini pou Elkana te fè sakrifis yo, li ta bay yon pòsyon a Peninna, madanm li an e a tout fis li yo avèk fi li yo. 5 Men a Anne, li ta bay yon pòsyon doub, paske li te renmen Anne; men SENYÈ a te fèmen vant li. 6 Men lòt madanm nan avèk kè anmè te konn chache pwovoke l pou fè l fache akoz SENYÈ a te fèmen vant li. 7 Li te rive ane aprè ane, otan ke li te monte vè lakay SENYÈ a, li ta pwovoke li. Konsa, li te kriye e li te vin refize manje. 8 Epi Elkana te di li: “Anne, poukisa ou kriye konsa? Poukisa ou pa manje e poukisa kè ou tris? Éske mwen pa pi bon pase dis fis?”

9 Konsa, Anne te leve lè l te fin manje ak bwè nan Silo. Alò Éli, prèt la, te chita sou chèz akote poto pòt tanp SENYÈ a. 10 Anne te twouble anpil. Li te priye a SENYÈ a e te kriye byen anmè. 11 Li te fè yon ve; li te di: “O SENYÈ dèzame, si Ou va vrèman gade afliksyon sèvant Ou an e sonje mwen an, sonje mwen e pa bliye sèvant Ou an, men konsa Ou va bay sèvant Ou an yon fis, epi mwen va bay li a SENYÈ a pou tout jou lavi li yo, e yon razwa p ap janm touche tèt li.”

12 Alò, li te vin rive ke pandan li t ap priye devan SENYÈ a, Éli t ap gade bouch li. 13 Selon Anne, li t ap priye nan kè l, men se sèl lèv li ki t ap mache, e vwa li pa t fè bwi. Konsa, Éli te sipoze ke li te sou. 14 Alò Éli te di li: “Pou konbyen de tan ou va rete sou konsa? Mete diven sa a lwen ou.”

15 Men Anne te reponn: “Non, mèt mwen! Mwen se yon fanm oprime nan lespri. Mwen pa t bwè diven, ni bwason fò, men mwen t ap debarase nanm mwen devan SENYÈ a. 16 Pa konsidere sèvant ou kòm yon fanm san valè; paske jis koulye a, mwen te pale akoz gran doulè avèk chagren mwen.”

17 Alò, Éli te reponn e te di: “Ale anpè. Epi ke Bondye Israël la kapab ba ou sa ou mande L la.”

18 Anne te reponn: “Ke sèvant ou twouve favè nan zye ou.” Konsa, fanm nan te al fè wout li. Li te vin manje e figi li pa t tris ankò.

19 Alò, yo te leve granmmaten pou te adore SENYÈ a, epi te retounen lakay yo nan Rama. Konsa, Elkana te antre an relasyon avèk Anne, madanm li an, e SENYÈ a te sonje li.

20 Li te vin rive nan pwòp lè li, apre Anne te vin ansent lan, ke li te bay nesans a yon gason. Epi li te bay li non Samuel. Li te di: “Akòz mwen te mande SENYÈ a pou li.”

21 Nonm nan, Elkana te monte avèk tout lakay li pou fè ofrann sakrifis bay SENYÈ a ak pou peye ve li a. 22 Men Anne pa t monte, paske li te di a mari li: “Mwen p ap monte jiskaske pitit la sevre. Epi mwen va pote li pou l kapab parèt devan SENYÈ a pou l rete la nèt.”

23 Elkana, mari li te di li: “Fè sa ki sanble bon a ou menm. Rete jiskaske ou sevre li; sèlman ke SENYÈ a kapab acheve pawòl li.”

Konsa, fanm nan te rete pran swen pitit la jiskaske li te vin sevre. 24 Alò, lè li te fin sevre li, li te pran li monte avè l ansanm avèk yon towo twazan, yon efa farin, ak yon boutèy diven. Li te mennen li lakay a SENYÈ a nan Silo, malgre pitit la te tèlman piti. 25 Konsa, yo te touye towo a e te mennen gason an bay Éli. 26 Anne te di: “O mèt mwen! Tankou nanm ou viv la, mèt mwen, mwen se fanm ki te kanpe la bò kote ou a, ki t ap priye a SENYÈ a. 27 Se pou gason sila a ke m te priye a, e SENYÈ a te ban mwen demand ke m te fè Li a. 28 Konsa, mwen te konsakre li bay SENYÈ a. Pou tout tan ke li ta viv li konsakre a SENYÈ a.” Konsa, Samuel te adore SENYÈ a la sou plas.

2:1 Anne te priye e te di:

“Kè mwen vin leve wo nèt nan SENYÈ a!

Kòn mwen leve wo nan SENYÈ a.

Bouch mwen pale kouraj kont lènmi mwen yo,

akoz mwen rejwi nan delivrans Ou.

2 Nanpwen pèsòn ki sen tankou SENYÈ a.

Anverite, nanpwen lòt sof ke Ou menm,

ni nanpwen okenn wòch tankou Bondye pa nou an.

3 “Pa pale kè anfle ankò,

pa kite awogans sòti nan bouch ou.

Paske SENYÈ a se yon Bondye avèk konesans,

e avèk Li, tout zak yo peze nan balans.

4 “Banza a pwisan yo vin fann, kraze nèt,

men fèb yo vin gen fòs.

5 Sila ki te gen vant plen yo

vin vann tèt yo pou achte pen,

men sila ki te grangou vin satisfè.

Menm sila ki te esteril la fè sèt pitit,

men Sila ki te fè anpil pitit la vin sispann.

6 “Se SENYÈ a ki detwi e ki fè viv.

SENYÈ a rale desann nan sejou lanmò yo, e Li leve wo.

7 SENYÈ a fè pòv ak rich.

Li abese e anplis, Li leve.

8 Li leve malere sòti nan pousyè.

Li leve sila ki nan bezwen an

soti nan pil sann nan,

pou yo chita avèk prens yo,

e jwenn yon chèz donè kòm eritaj.

Paske pilye tè yo se pou SENYÈ a yo ye.

Li te plase lemond sou yo.

9 L ap pwoteje pye a sen Li yo;

men, mechan yo va jwenn silans nan tenèb la;

paske se pa pa lafòs ke yon nonm vin reyisi.

10 Sila ki fè lènmi avèk SENYÈ a va kraze nèt.

Kont yo Li va gwonde depi nan syèl yo.

SENYÈ a ki va jije,

jis rive nan tout ekstremite latè yo.

Konsa, Li va bay kouraj a wa Li;

Li va fè leve wo kòn onksyon pa Li a.”

11 Elkana te ale lakay li Rama. Men gason an te fè sèvis SENYÈ a devan Éli, prèt la.

12 Alò, fis a Éli yo te vagabon. Yo pa t konnen SENYÈ a, 13 ni koutim prèt yo avèk pèp pa yo. Lè yon moun t ap ofri yon sakrifis, sèvitè a prèt la te konn vini pandan vyann nan t ap bouyi avèk yon fouch twa pwent nan men l. 14 Konsa, li te konn fonse l nan kivèt ak chodyè a, oswa bonm nan, oswa po a. Epi tout sa ke fouch la fè leve, prèt la ta pran l pou kont li. Konsa yo te fè tout Izrayelit yo ki parèt nan Silo. 15 Anplis, avan yo te brile grès la, sèvitè prèt la te vini e te di a mesye ki t ap fè sakrifis la: “Bay prèt la vyann pou boukannen; paske li p ap pran vyann bouyi nan men nou, sèl sa ki poko kwit.”

16 Si mesye a ta di li: “Fòk yo brile grès la avan e apre, ou kab pran sa ou pito,” Alò, li ta di: “Non, men se koulye a, pou ou ban mwen li. Si se pa konsa, m ap sezi l pa lafòs.” 17 Konsa, peche jennonm yo te trè gran devan SENYÈ a, paske moun te meprize ofrann SENYÈ a. 18 Alò Samuel te fè sèvis devan SENYÈ a tankou yon jenn gason abiye ak yon efòd fèt ak len. 19 Epi manman li ta fè pou li yon ti manto pou pote ba li chak ane lè l te monte avèk mari li pou ofri sakrifis la. 20 Alò, Éli ta beni Elkana avèk madanm li e di: “Ke SENYÈ a ba ou pitit pa fanm sa a pou ranplase sila ke li te konsakre bay SENYÈ a.” Epi yo te ale lakay yo. 21 SENYÈ a te vizite Anne. Li te vin ansent e te bay nesans a twa fis ak de fi. Epi gason Samuel la te grandi devan SENYÈ a.