Lach la Apre yo Fin Pran Li
1116 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Alò, Filisten yo te pran lach Bondye a e yo te mennen li soti Ében-Ézer pou rive Asdod. 2 Filisten yo te pran lach Bondye a, yo te mennen li lakay Dagon e yo te poze li akote Dagon. 3 Lè Asdodyen yo te leve granmmaten an, veye byen, Dagon te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a. Konsa, yo pran Dagon e mete li nan plas li ankò. 4 Men lè yo te leve bonè granmmaten, vwala, Dagon te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a. Konsa, tèt Dagon an avèk toude pla men l te koupe atè sou papòt la; se sèl twòn kò Dagon an ki te rete sou li. 5 Akoz sa, ni prèt Dagon yo ni tout moun ki antre lakay Dagon nan Asdod jis rive jodi a, pa janm foule pye yo nan papòt Dagon an. 6 Alò men SENYÈ a te lou sou Asdodyen yo. Li te fè yo vin dezole e te frape yo avèk gwo boul bouton, ni Asdod, ni tèritwa li yo.
7 Lè Mesye Asdod yo te wè ke sa te konsa, yo te di: “Fòk lach Bondye Israël la pa rete pami nou. Paske men Li lou sou nou ak sou Dagon, dye pa nou an.” 8 Konsa, yo te voye ranmase tout prens Filisten yo kote yo, e te di: “Kisa nou dwe fè avèk lach Bondye Israël la?”
Yo te reponn: “Kite lach Bondye Israël la pote rive ozanviwon Gath.” Konsa, yo te pote lach Bondye Israël la rive. 9 Lè yo te fin pote li rive, men SENYÈ a te vin kont vil la avèk gwo boulvèsman. Li te frape Mesye lavil yo, ni jenn, ni granmoun jiskaske gwo boul bouton yo te vin pete sou yo. 10 Konsa yo te voye lach Bondye a nan Ékron.
Epi pandan lach Bondye a te rive nan Ékron, Ekwonyen yo te kriye fò. Yo te di: “Yo vin pote Bondye Israël la bò kote nou pou touye nou avèk pèp nou an.” 11 Pou sa, yo te voye rasanble tout prens a Filisten yo, e te di: “Voye lach Bondye Israël la ale. Kite li retounen nan pwòp plas li, pou li pa touye nou avèk pèp nou an.” Paske te genyen yon gwo boulvèsman ki t ap mennen lanmò toupatou nan vil la. Men SENYÈ a te lou kote sa a. 12 Epi Mesye ki pa t mouri yo te frape avèk gwo boul bouton yo, e gwo kri lavil la te monte jis rive nan syèl la.
6:1 Alò, lach SENYÈ a te nan peyi Filisten yo pandan sèt mwa. 2 Konsa, Filisten yo te rele prèt yo avèk divinò yo, e te di yo: “Kisa pou nou fè avèk lach SENYÈ a? Di nou kijan nou dwe voye li nan plas li.”
3 Yo te di: “Si ou voye lach Bondye Israël la ale, pa voye li vid, men ou va anverite, remèt Li yon ofrann koupab. Konsa nou va geri e li va vin konprann poukisa men L poko retire sou nou.”
4 Yo te reponn: “Kisa nou dwe voye kòm ofrann koupab pou remèt Li a?”
Epi yo te di: “Senk imaj boul bouton fèt an lò avèk senk imaj sourit fèt an lò nan non prens Filisten yo. Paske se te yon sèl fleyo ki te vini sou nou tout ak sou prens nou yo. 5 Konsa nou va fè yo sanblab a boul bouton nou yo, e sanblab a sourit ki anvayi peyi nou an, epi nou va bay glwa a Bondye Israël la. Petèt Li kab lache men l sou nou. 6 Poukisa nou fè kè di tankou Ejipsyen yo avèk Farawon te fè kè yo di a? Lè li te fin aji sevèman avèk yo, èske li pa t kite pèp la ale e yo te ale?
7 “Pou sa, ale fè yon kabwèt nèf avèk de vach nouris ki pa t janm rale chaj. Fè vach yo rale chaj sou kabwèt la e retire ti bèf yo mennen yo lakay, lwen yo. 8 Pran lach SENYÈ a e mete li sou kabwèt la, epi mete bagay an lò ke nou ap retounen bay kòm ofrann koupab la nan yon bwat akote li. Alò, voye li ale pou li kapab ale. 9 Veye, si li monte pa chemen Béth-Schémesch. Konsa n a konnen se Li menm ki fè nou gwo malè sila a. Men si se pa konsa; alò, nou va konnen ke se pa men Li menm ki te frape nou an, men sa te vin rive pa aza.”
10 Se konsa mesye yo te fè. Yo te pran de vach nouris, yo te fè yo rale chaj nan kabwèt la e te fèmen ti bèf yo lakay. 11 Yo te mete lach SENYÈ a sou kabwèt la e bwat la avèk sourit an lò ak imaj gwo boul bouton yo. 12 Epi vach yo te pran wout dwat nan direksyon Beth-Schémesch. Yo te fè wout nan gran chemen an. Yo te rele fò pandan yo nan wout la, e yo pa t vire akote ni adwat, ni agoch. Prens Filisten yo te swiv yo jis rive nan lizyè Beth-Schémesch la. 13 Alò, Beth-Schémesch t ap fè rekòlt ble pa yo nan vale a. Yo te leve zye yo, yo te wè lach la, e yo te kontan wè li. 14 Kabwèt la te vini nan chan Josué a, moun Beth-Schémech, e li te kanpe la kote ki te gen yon gwo wòch. Konsa, yo te fann bwa kabwèt la e yo te ofri vach yo kòm ofrann brile a SENYÈ a. 15 Levit yo te desann lach SENYÈ a ak bwat ki te avèk li a. Andedan te gen tout bagay an lò yo e yo te mete yo sou gwo wòch la. Epi mesye Beth-Schémech yo te ofri ofrann brile e yo te fè sakrifis nan jou sa a bay SENYÈ a. 16 Lè senk prens Filisten yo te fin wè li, yo te retounen Ékron menm jou a. 17 Sa yo se imaj gwo boul bouton an lò ke Filisten yo te remèt kòm yon ofrann koupab bay SENYÈ a: youn pou Asdod, youn pou Gaza, youn pou Askalon, youn pou Gath e youn pou Ékron; 18 anplis ak sourit an lò yo, selon kantite a tout vil Filisten ki te pou senk prens yo, vil fòtifye yo ak bouk andeyò yo. Gwo wòch kote yo te mete lach SENYÈ a se yon temwen jis rive jodi a nan chan Josué a, moun Beth-Schémech la. 19 Li te frape e fè mouri kèk mesye Beth-Schémech akoz yo te gade anndan lach SENYÈ a. Li te frape pami tout pèp la, senkant-mil-swasann-dis òm e pèp la te vin dezole akoz SENYÈ a te frape yo avèk yon gwo masak. 20 Mesye Beth-Schémech yo te di: “Se kilès ki kab kanpe devan SENYÈ Bondye sen sila a? Epi a kilès pou Li ta monte kite nou?”
21 Konsa, yo te voye mesaje yo vè moun Kirjath-Jearim yo e te di: “Filisten yo te pote lach SENYÈ a retounen. Vin desann pran li monte kote nou an.”
7:1 Epi mesye nan Kirjath-Jearim yo te vin pran lach SENYÈ a e te pote li antre lakay Abinadab sou ti mòn nan, epi yo te konsakre Éléazar, fis li a, pou okipe lach SENYÈ a.