Samuel Gouvène Israël
1116 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
2 Soti nan jou ke lach la te rete Kirjath-Jearim nan, tan ekoule a te byen long—paske li te pran ventan avan tout lakay Israël te fè lamantasyon devan SENYÈ a. 3 Konsa Samuel te pale a tout lakay Israël la, e te di: “Si nou retounen vè SENYÈ a avèk tout kè nou, si nou retire dye etranje yo avèk Asheroth soti nan mitan nou, si nou dirije kè nou vè SENYÈ a, e sèvi Li sèl, Li va delivre nou soti nan men a Filisten yo.” 4 Konsa, fis Israël yo te retire Baal yo ak Astarté yo pou te sèvi sèl SENYÈ a. 5 Alò, Samuel te di: “Rasanble tout Israël nan Mitspa e mwen va priye a SENYÈ a pou nou.” 6 Yo te rasanble nan Mitspa; yo te rale dlo pou te vide devan SENYÈ a, e yo te fè jèn nan jou sila a. Yo te di nan plas sa a: “Nou te peche kont SENYÈ a.” Konsa, Samuel te jije fis Israël yo nan Mitspa.
7 Alò, lè Filisten yo te tande ke fis Israël yo te rasanble nan Mitspa, e prens a Filisten yo te vin monte kont Israël. Lè fis Israël yo te tande sa, yo te krent Filisten yo. 8 Pou sa a, fis Israël yo te di a Samuel: “Pa sispann kriye a SENYÈ Bondye nou an pou nou, pou Li kapab sove nou soti nan men a Filisten yo.” 9 Samuel te pran yon ti mouton ki potko sevre e li te ofri tout li kòm yon ofrann brile bay SENYÈ a. Samuel te kriye a SENYÈ a pou Israël e SENYÈ a te reponn li. 10 Pandan Samuel t ap ofri ofrann brile a, Filisten yo te rapwoche pou fè batay kont Israël. Men SENYÈ a te gwonde nan jou sa a kont Filisten yo. Li te fè yon malkonprann antre yo, e Li te boulvèse yo devan Israël. 11 Mesye Israël yo te sòti nan Mitspa pou te kouri dèyè Filisten yo e yo te frape yo ba jis rive piba Beth-Car.
12 Alò, Samuel te pran yon gwo wòch, e li te poze li antre Mitspa ak Schen e li te ba li non a Ében-Ézer. Li te di: “Jis rive la, SENYÈ a te ede nou.” 13 Konsa, Filisten yo te vin soumèt, e yo pa t vin ankò anndan fwontyè Israël la. Konsa, men SENYÈ a te kont Filisten yo pandan tout jou a Samuel yo.
14 Vil ke Filisten yo te sezi soti an Israël yo te restore a Israël, soti Ékron jis rive Gath. Epi Israël te rachte tèritwa yo nan men a Filisten yo. Konsa, te gen lapè antre Israël ak Amoreyen yo.
15 Alò, Samuel te jije Israël pandan tout jou lavi li yo. 16 Li te konn ale chak ane fè yon tou Béthel avèk Guilgal, ak Mitspa, e li te jije Israël tout kote sa yo. 17 Alò vwayaj retou li sete nan Rama; paske se la lakay li te ye. Se la li te jije Israël; epi li te bati la yon lotèl bay SENYÈ a.
8:1 Li te vin rive ke lè Samuel te vin granmoun ke li te apwente fis li yo kòm jij sou Israël. 2 Alò, non a premye ne a se te Joël e dezyèm nan, Abija. Yo t ap jije nan Beer-Schéba. 3 Malgre sa, fis li yo pa t mache nan tras pa li yo, men yo te vire akote pou reyisi avantaj malonèt, e yo te nan patipri.
4 Alò, tout ansyen Israël yo te rasanble, e yo te vin kote Samuel nan Rama. 5 Yo te di li: “Gade byen, ou fin granmoun e fis ou yo pa mache nan vwa pa w yo. Alò, chwazi yon wa pou nou pou jije nou tankou tout nasyon yo.” 6 Men bagay la te degoutan nan zye Samuel lè yo te di: “Bannou yon wa pou jije nou.”
Samuel te priye a SENYÈ a. 7 SENYÈ a te di a Samuel: “Koute vwa a pèp la selon tout sa ke yo di ou, paske yo pa t rejte ou, men yo te rejte Mwen kòm wa sou yo. 8 Menm jan ak tout zak ke yo te fè soti nan jou ke M te mennen yo monte soti an Égypte la, jis jodi a—-ke yo te rejte Mwen pou te sèvi lòt dye yo——konsa, y ap fè ou tou. 9 Alò pou sa, koute vwa pa yo. Malgre, ou va avèti yo solanèlman e fè yo konnen prensip a wa ki va renye sou yo a.”
10 Konsa Samuel te pale tout pawòl a SENYÈ yo a pèp la ki te mande li pou yon wa a. 11 Li te di: “Men prensip a wa ki va renye sou nou an. Li va pran fis nou yo pou sèvi yo pou li menm. Nan cha li e pami chevalye li yo, yo va kouri devan cha li. 12 Li va chwazi pou li menm kòmandan sou dè milye ak dè senkantèn, ak kèk pou raboure tè a, pou fè rekòlt pa li, pou fè zam lagè li yo, avèk tout bagay pou cha li yo. 13 Li va osi pran fi nou yo pou fè pafen, fè kwizin e kòm bòs boulanje. 14 Li va pran pi bon kilti nan chan kiltive nou yo avèk chan rezen nou yo ak chan doliv nou yo pou ba yo a sèvitè pa li yo. 15 Li va pran yon dizyèm nan semans nou yo ak nan chan rezen nou yo pou bay a ofisye li yo ak sèvitè li yo. 16 Anplis li va pran sèvitè nou yo avèk sèvant nou yo ak meyè nan jennonm yo avèk bourik nou yo pou sèvi yo pou travay pa li. 17 Li va pran yon dizyèm nan bann mouton nou yo e nou menm, nou va devni sèvitè li. 18 Konsa nou va kriye nan jou sa a, akoz wa ke nou te chwazi pou nou an, men SENYÈ a p ap koute nou nan jou sa a.”
19 Sepandan, pèp la te refize koute vwa Samuel. Yo te di: “Non, kareman fòk nou gen yon wa sou nou, 20 pou nou menm tou kapab tankou tout lòt nasyon yo, pou wa nou kapab jije nou e sòti devan nou pou batay pou nou.”
21 Konsa, lè Samuel fin tande tout pawòl a pèp la, li te repete yo nan zòrèy a SENYÈ a. 22 SENYÈ a te di a Samuel: “Koute vwa yo e chwazi pou yo yon wa.” Konsa, Samuel te di a mesye Israël yo: “Nou chak, ale nan vil pa nou.”