Pati 6: Rèy Saül
Yo Mete Saül Wa sou Israël
1095 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Alò, te gen yon mesye nan Benjamin ki te rele Kis ki te fis Abiel la, fis Tseror, fis Becorath, fis Aphiach, ki te fis a yon Benjamit. Se te yon nonm fò e plen kouraj. 2 Li te gen yon fis ki te rele Saül, yon jennonm ki te byen bèl. Pa t gen yon moun ki te pi bèl pami fis Israël yo. Depi zepòl li monte, li te piwo pase tout moun nan pèp la.
3 Alò, bourik ki te pou Kis yo, papa a Saül te pèdi. Epi Kis te di a Saül: “Alò, pran koulye a avè w youn nan sèvitè yo; leve, al chache bourik yo.” 4 Li te pase nan peyi ti kolin Éphraïm nan e te pase nan Schalisha, men yo pa t jwenn yo. Alò, yo te pase nan peyi Schaalim, men yo pa t twouve anyen. Alò, li te pase nan peyi Benjamin yo, men yo pat jwenn anyen.
5 Lè yo te rive nan peyi Tsuph, Saül te di a sèvitè ki te avèk li a: “Vini! Annou retounen, oswa papa m va sispann okipe afè bourik pou enkyete pou nou menm.”
6 Li te di li: “Gade byen konsa, genyen yon nonm Bondye nan vil sila a, yon nonm onore. Tout sa ke li konn di anverite vin pase. Alò, annou ale la. Petèt li kapab pale nou sou vwayaj ke nou kòmanse fè a.”
7 Alò Saül te di a sèvitè li a: “Men gade byen, si nou ale, kisa nou va pote pou nonm sa a? Paske pen an fini nan sak nou e nanpwen kado pou pote bay nonm Bondye a. Kisa nou genyen?”
8 Sèvitè a te reponn Saül ankò e te di: “Gade byen, mwen gen nan men m yon ka sik ajan ke mwen va bay a nonm Bondye a, e li va pale nou chemen nou an.” 9 (Lontan an Israël, lè yon nonm te monte pou konsilte Bondye li te konn di: “Vini, annou ale kote divinò a”, paske sila ki, koulye a, yo rele yon pwofèt la, lontan, te konn rele divinò.)
10 Saül te reponn a sèvitè a: “Byen pale! Vini, annou ale.” Konsa, yo te ale nan vil kote nonm Bondye a te ye a. 11 Pandan yo te monte pant vè vil la, yo te twouve jenn fanm yo ki te sot rale dlo. Yo te mande yo: “Èske divinò a isit la?”
12 Yo te reponn yo e te di: “Li la! Gade devan nou an! Fè vit, paske li fenk antre nan vil la jodi a. Pèp la gen yon sakrifis nan wo plas la jodi a. 13 Depi nou antre nan vil la, nou va jwenn avèk li avan li monte nan wo plas pou manje, paske pèp la p ap manje jiskaske li vini, akoz li oblije beni sakrifis la. Apre sa, sila ki envite yo va manje. Pou sa, monte, paske nou va jwenn li talè.”
14 Konsa, yo te monte lavil la. Pandan yo te antre nan vil la, vwala, Samuel t ap sòti bò kote yo pou monte nan wo plas la.
15 Alò, yon jou avan Saül te vini, Senyè a te montre sa a Samuel e te di: 16 “Vè lè sa a demen Mwen va voye yon mesye ki sòti nan peyi Benjamin yo kote ou menm. Konsa, ou va onksyone li kòm chèf sou pèp Mwen an, Israël, e li va delivre pèp Mwen an anba men a Filisten yo. Paske Mwen te gade sou pèp mwen an, akoz kri pa yo gen tan rive kote Mwen.”
17 Lè Samuel te wè Saül, SENYÈ a te di li: “Gade byen, men mesye ke m te pale ou a! Sila a va renye sou pèp Mwen an, Israël.”
18 Saül te vin pwoche Samuel nan pòtay la e te di: “Souple, di m kote kay a divinò a ye.”
19 Samuel te reponn Saül e te di: “Se mwen menm ki divinò a. Monte devan mwen nan wo plas la, paske w ap manje avè m jodi a. Epi nan demen, mwen va kite ou ale e mwen va fè ou konnen tout sa ki nan lespri ou. 20 Pou afè bourik ou yo ki te pèdi twa jou pase yo, pa okipe yo, paske yo gen tan twouve. Epi se kilès ke tout Israël pito? Èske se pa ou ak pou tout lakay papa ou?”
21 Saül te reponn: “Èske mwen pa yon Benjamit? Pi piti nan tout tribi Israël yo? Fanmi pa m nan ki pi piti ke tout fanmi nan tribi Benjamin an? Poukisa ou pale mwen konsa?”
22 Alò, Samuel te pran Saül avèk sèvitè li a. Li te mennen yo antre nan gran sal la, e li te ba yo yon plas devan, nan tèt sila ki te envite yo, ki te anviwon trant mesye. 23 Samuel te di chèf kwizin nan: “Mennen pòsyon ke m te di ou a, sila ke m te di ou a, Mete li akote.” 24 Alò chèf kwizin nan te pran janm nan avèk sa ki te sou li a e li te plase li devan Saül. Konsa, Samuel te di: “Men sa ki te sere! Mete li devan ou e manje paske li te kenbe pou ou jis rive nan lè apwente a, akoz mwen te di ou ‘mwen te envite moun yo.’” Konsa, Saül te manje avèk Samuel nan jou sa a.
25 Lè yo te kite plas anwo a pou antre nan vil la, Samuel te pale avèk Saül anwo twati a. 26 Yo te leve bonè. Lè li fenk jou, Samuel te rele Saül sou twati a. Li te di: “Leve pou m kab voye ou ale.” Konsa, Saül te leve, e li menm ansanm ak Samuel te ale nan lari. 27 Pandan yo t ap desann pou prèske fin kite vil la, Samuel te di Saül: “Pale sèvitè a pou l ale avanse devan nou. Men ou menm, rete kanpe koulye a pou m kapab fè ou tande pawòl Bondye a.”
10:1 Konsa, Samuel te pran poban lwil la. Li te vide li sou tèt li. Li te bo li e te di: “Èske SENYÈ a pa t onksyone ou kòm prens sou eritaj Li a? 2 Lè ou kite mwen jodi a, alò ou va jwenn de moun toupre tonm Rachel la, nan tèritwa Benjamin nan Tseltsach. Yo va di ou: ‘Bourik ke ou t ap chache yo gen tan twouve. Alò, gade byen, papa ou pa twouble tèt li ankò sou bourik yo, men li twouble pou ou menm. L ap mande: “Kisa mwen va fè konsènan pitit mwen an?”’”
3 Alò, ou va ale pi lwen soti la, e ou va parèt jis nan chèn Thabor a. La, twa mesye k ap monte vè Bondye Béthel yo va rankontre avè w. Youn k ap pote twa jenn kabrit, yon lòt k ap pote twa mòso pen, e yon lòt k ap pote yon po diven. 4 Yo va di ou: “Bonjou”, e yo va ba ou de mòso pen, ke ou va aksepte nan men yo.
5 Apre, ou va vini nan ti mòn Bondye a kote ganizon lame Filisten an ye a. Konsa, li va fèt ke depi ou vini la, kote vil la, ou va rankontre yon gwoup pwofèt k ap desann soti nan plas anwo a avèk gita, tanbouren, flit ak bandyo devan yo, e yo va pwofetize. 6 Epi Lespri Bondye a va vini sou ou avèk gwo fòs. Ou va pwofetize avèk yo, e ou va chanje pou vin yon lòt moun. 7 Li va rive ke lè sign sa yo parèt sou ou, ou va fè pou kont ou sa ke okazyon an mande, paske Bondye avèk ou.
8 “Epi ou va desann devan mwen Guilgal. Gade byen, m ap desann kote ou pou ofri ofrann brile avèk sakrifis lapè yo. Ou va tann sèt jou jiskaske mwen vin kote ou pou montre ou kisa ou ta dwe fè.” 9 Alò, li te rive ke lè li te vire do li pou kite Samuel, Bondye te chanje kè li, epi tout sign sa yo te rive nan jou sa a. 10 Lè yo te rive la, nan kote ti mòn nan, yon gwoup pwofèt te rankontre li. Epi Lespri Bondye a te vini sou li avèk fòs, jiskaske li te pwofetize pami yo. 11 Li vin rive ke lè tout moun ki te rekonèt li oparavan yo te wè ke koulye a li pwofetize avèk pwofèt yo, ke pèp la te di youn ak lòt: “Kisa ki rive a fis a Kish la? Èske Saül osi pami pwofèt yo?”
12 Yon mesye nan plas sa a te di: “Alò, kilès ki papa yo?” Konsa, sa te devni yon pwovèb: “Èske Saül, osi pami pwofèt yo?” 13 Lè li te fin pwofetize li te vini nan plas anwo a.
14 Alò, tonton Saül te di li avèk sèvitè li a: “Kote ou te ale?”
Epi li te di: “Pou chache bourik yo. Men lè nou vin wè yo p ap kab twouve, nou te ale kote Samuel.”
15 Tonton Saül te di li: “Souple, di m sa ke Samuel te di ou a.”
16 Konsa Saül te di tonton li: “Li te pale nou byen klè ke bourik yo gen tan twouve.” Men li pa t pale li afè wayòm ke Samuel te pale a.
17 Apre sa Samuel te konvoke pèp la ansanm vè SENYÈ a nan Mitspa. 18 Li te di a fis Israël yo: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Mwen te mennen Israël monte soti Égypte. Mwen te delivre nou soti nan men Ejipsyen yo, e nou te soti de men a tout wayòm ki t ap oprime nou yo.’ 19 Men jodi a, nou te rejte Bondye nou an, ki delivre nou de tout malè nou yo ak detrès nou yo. Malgre sa nou vin di: ‘Non, men mete yon wa sou nou!’ Pou sa, prezante nou menm devan SENYÈ a pa tribi nou yo ak gran fanmi nou yo.”
20 Konsa, Samuel te mennen tout tribi Israël yo vin toupre li, e tribi Benjamin an te pran pa tiraj osò. 21 Alò, li te mennen tribi Benjamin an vin toupre pa fanmi li yo, e yo te pran fanmi Matri a. Konsa, Saül, fis a Kish la te vin pran. Men lè yo vin chache li, yo pa t kab twouve l. 22 Pou sa, yo vin mande plis a SENYÈ a: “Èske nonm nan gen tan rive isit la deja?”
Pou sa, Bondye te di: “Gade byen, l ap kache kò li kote pwovizyon yo.”
23 Konsa yo te kouri pran li soti la, e lè li te kanpe pami pèp la, li te pi wo pase tout lòt moun nan pèp la soti nan zepòl li. 24 Samuel te di a tout pèp la: “Èske nou wè sila ke SENYÈ a te chwazi a? Anverite, nanpwen lòt moun ki tankou li pami tout pèp la.”
“Konsa, tout pèp la te rele fò. Yo te di: “Viv Wa a!”
25 Alò, Samuel te pale pèp la règleman a wayòm nan. Li te ekri yo nan liv la, e li te plase li devan SENYÈ a. Konsa, Samuel te voye tout pèp la ale, yo chak nan pwòp kay pa yo. 26 Anplis Saül te ale lakay li Guibea. Epi mesye vanyan yo avèk kè ki te touche pa Bondye te ale avèk li. 27 Men sèten sanzave ki te di: “Kijan mesye sila a kapab delivre nou?” Yo te meprize li e pa t pote okenn kado pou li. Men li te rete an silans.