Lagè Saül yo

1095 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

I Samuel 11–13

1 Alò Nachasch, Amonit la te vin monte pou te fè syèj sou Jabès nan Galaad; epi tout mesye Jabès yo te di a Nachasch: “Fè yon akò avèk nou e nou va sèvi ou.”

2 Men Nachasch, Amonit la, te di yo: “Mwen va fè l avè w sou yon sèl kondisyon; pou mwen kreve zye dwat a nou chak! Konsa mwen va fè li yon repwòch sou tout Israël.”

3 Ansyen nan Jabès yo te di a li: “Bay nou sèt jou, pou nou kapab voye mesaje yo toupatou nan tèritwa Israël la. Alò, si nanpwen moun pou delivre nou, nou va sòti deyò kote ou.” 4 Alò mesaje yo te vini Guibea kote Saül e te pale pawòl sa yo nan zòrèy a pèp la, e tout pèp la te leve vwa yo pou te kriye.

5 Alò gade byen, Saül t ap sòti nan chan an dèyè bèf kabwèt yo. Li te di: “Kisa ki gen avèk pèp la pou y ap kriye la a?” Konsa, yo te pataje avèk li pawòl a mesye Jabès yo. 6 Konsa Lespri Bondye te vini sou Saül avèk gran fòs lè li te tande pawòl sa yo, e li te vin fache anpil. 7 Li te pran yon pè bèf k ap rale chaj, e li te koupe yo an mòso. Li te voye yo toupatou nan tèritwa Israël la nan men mesaje yo. Li te di: “Nenpòt moun ki pa vin parèt apre Saül, e apre Samuel, se konsa l ap rive pou bèf pa li yo.” Konsa, lakrent SENYÈ a te tonbe sou pèp la e yo te sòti tankou yon sèl moun. 8 Li te konte yo nan Bézek e fis Israël yo te twa-san-mil e mesye Juda yo te trant-mil. 9 Yo te di a mesaje ki te vini yo: “Konsa nou va pale a mesye a Jabès-Galaad la: ‘Demen, soti nan lè solèy la fè cho, ou va genyen delivrans ou.’” Konsa mesaje yo te ale pale mesye Jabès yo; epi yo te kontan. 10 Alò, mesye a Jabès yo te di: “Demen nou va parèt vè nou e nou va kapab fè avèk nou sa ki sanble bon pou nou menm.” 11 Nan pwochen maten an, Saül te divize pèp la an twa konpayi. Epi yo te vin antre nan mitan kan an nan lè maten pou te frape Amonit yo jiskaske chalè joune a te vin rive. Sila ki te siviv yo te gaye jiskaske pa t gen de nan yo ki te rete ansanm.

12 Alò, pèp la te di a Samuel: “Se kilès ki te di nou: ‘Èske Saül va renye sou nou?’ Mennen mesye yo pou nou kab mete yo a lanmò.”

13 Men Saül te di: “Nanpwen yon moun k ap mete a lanmò nan jou sa a; paske jodi a, SENYÈ a te acheve delivrans Israël la.”

14 Alò, Samuel te di a pèp la: “Vini, annou ale Guilgal pou renouvle wayòm nan la.” 15 Epi tout moun te monte Guilgal e la, yo te fè Saül Wa devan SENYÈ a nan Guilgal. La osi, yo te ofri sakrifis lapè devan SENYÈ a. Epi la Saül avèk tout mesye Israël yo te rejwi anpil.

12:1 Samuel te di a tout Israël: “Gade byen, mwen te koute vwa nou nan tout sa ke nou te di m yo e mwen te chwazi yon wa sou nou. 2 Alò, men wa a k ap mache devan nou. Men mwen fin granmoun, cheve m blanch e gade byen fis mwen yo avèk nou. Mwen te mache devan nou soti nan jenès mwen jis rive jodi a. 3 Men mwen! Temwaye kont mwen devan SENYÈ a avèk moun onksyone pa Li yo. Se bèf a ki moun mwen konn vòlè, oswa bourik a kilès mwen te konn pran, oswa se kilès mwen te konn twonpe? Ki moun mwen te konn oprime, oswa nan men a kilès mwen te touche anba tab pou zye m pa wè? Si mwen te fè bagay sa yo, M ap repare sa.”

4 Yo te di: “Ou pa janm te twonpe nou, ni oprime nou ni pran anyen nan men a pèsòn.”

5 Li te di yo: “SENYÈ a se temwen kont nou e onksyone pa Li yo se temwen nan jou sa a ke nou pa t twouve anyen nan men m nan.”

Epi yo te di: “Li se temwen.” 6 Epi Samuel te di a pèp la: “Li se SENYÈ a ki te chwazi Moïse avèk Aaron, e ki te mennen zansèt nou yo monte soti nan peyi Égypte la. 7 Alò koulye a, kanpe pou m kab plede avèk nou devan SENYÈ a konsènan tout zèv ladwati ke SENYÈ a te fè pou nou avèk zansèt pa nou yo.

8 “Lè Jacob te antre an Égypte, zansèt nou yo te kriye fò a SENYÈ a. Konsa, SENYÈ a te voye Moïse avèk Aaron ki te mennen zansèt nou yo sòti an Égypte, e Li te fè yo vin rete nan plas sa a. 9 Men yo te bliye SENYÈ a, Bondye pa yo a, e pou sa, Li te vann yo nan men Sisera, kapitèn a lame Hatsor a, nan men a Filisten yo, nan men wa Moab la, e yo te goumen kont yo. 10 Yo te kriye fò a SENYÈ a e yo te di: ‘Nou te peche akoz nou te kite SENYÈ a pou te sèvi Baal yo avèk Astarté; men koulye a, delivre nou nan men a lènmi nou yo e nou va sèvi Ou.’ 11 Alò apre, SENYÈ a te voye Jerubbaal avèk Bedan, Jephthé ak Samuel pou te delivre nou nan men a lènmi nou yo toupatou, pou nou viv ansekirite.

12 “Lè nou te wè ke Nachasch, wa a fis Ammon yo, te vini kont nou, nou te di m: ‘Non, men se yon wa k ap renye sou nou’, malgre sa, SENYÈ Bondye nou an te wa nou. 13 Alò pou sa, men wa ke nou te mande a. Epi gade byen, SENYÈ a te mete yon wa sou nou. 14 Si nou va gen lakrent SENYÈ a, sèvi Li, koute vwa Li, e pa fè rebèl kont lòd SENYÈ a; alò, ni nou, ni wa ki renye sou nou an va swiv SENYÈ Bondye nou an. 15 Si nou pa koute vwa SENYÈ a, men fè rebèl kont lòd SENYÈ a, alò men a SENYÈ a va kont nou, jan li te ye kont zansèt nou yo.

16 “Menm koulye a, kanpe la pou nou wè gwo bagay sa a ke SENYÈ a va fè devan zye nou. 17 Èske se pa rekòlt ble li ye kounye a? M ap fè apèl SENYÈ a, pou Li kapab voye tonnè avèk lapli. Konsa, nou va konnen e wè mechanste ke nou te fè nan zye SENYÈ a gran, lè nou te mande pou nou yon wa.”

18 Konsa, Samuel te rele a SENYÈ a, e SENYÈ a te voye tonnè avèk lapli nan jou sa a. Epi tout pèp la te gen gwo lakrent SENYÈ a ak Samuel.

19 Alò, tout pèp la te di a Samuel: “Priye pou sèvitè ou yo a SENYÈ a, Bondye ou a, pou nou pa mouri; paske nou te ogmante sou peche nou yo, mal sila a, ke nou te mande yon wa pou kont nou an.”

20 Samuel te di a pèp la: “Pa pè Nou te fè tout mechanste sa a. Men pa vire akote pou pa swiv SENYÈ a, men sèvi SENYÈ a avèk tout kè nou. 21 Fòk nou pa vire akote. Paske konsa, nou ta swiv bagay san valè ki pa kab fè benefis ni delivre, paske yo san valè. 22 Paske SENYÈ a p ap abandone pèp Li a akoz gran non Li, paske sa te fè SENYÈ a plezi pou fè nou yon pèp ki te pou Li menm. 23 Anplis, pou mwen menm, lwen de mwen ke m ta peche kont SENYÈ a e sispann fè lapriyè pou nou; men mwen va enstwi nou nan chemen ki bon e ki dwat la. 24 Sèlman, gen lakrent Bondye e sèvi Li anverite, avèk tout kè nou. Paske kalkile ki kalite gwo zafè Li te fè pou nou. 25 Men si nou toujou fè mal, ni nou menm ni wa nou an va peri.”

13:1 Saül te gen trant ane lè l te kòmanse renye, e li te renye pandan karann-de ane sou Israël.

2 Alò, Saül te chwazi pou li menm twa mil mesye an Israël. Pami sila yo, de-mil te avèk Saül nan Micmasch ak nan peyi ti mòn Béthel la, pandan mil te avèk Jonathan nan Guibea pou Benjamin an. Men li te voye ale tout lòt moun yo, yo chak nan pwòp tant pa yo. 3 Jonathan te frape pòs militè a Filisten ki te nan Guéba yo e Filisten yo te tande Koze sa a. Alò, Saül te soufle twonpèt la atravè tout peyi a, e li te di: “Kite Ebre yo tande.” 4 Tout Israël te tande nouvèl ke Saül te frape pòs a Filisten yo, e osi ke Israël te vin rayisab a Filisten yo. Konsa pèp la te resevwa lòd pou rasanble Guilgal. 5 Filisten yo te rasanble pou goumen avèk Israël; trant-mil cha avèk si-mil chevalye ak kantite moun ki te tankou sab ki bò lanmè. Anpil konsa, e yo te vin monte pou te fè kan nan Micmasch, nan lès a Beth-Aven. 6 Lè mesye Israël yo te vin wè ke yo te kwense (paske moun yo te vini sou yo anpil); alò, pèp la te kache kò yo nan gwòt yo, nan raje a, nan falèz yo, nan chanm anba tè yo ak nan sitèn yo. 7 Anplis, kèk nan Ebre yo te travèse Jourdain an pou antre nan peyi Gad avèk Galaad. Men pou Saül, li te toujou Guilgal, e tout pèp la te swiv li avèk kò yo tou ap tranble. 8 Alò li te tann pandan sèt jou, selon tan fikse pa Samuel la; men Samuel pa t vini Guilgal, e pèp la t ap gaye kite li. 9 Konsa, Saül te di: “Mennen ban mwen ofrann brile avèk ofrann lapè.” Epi li te ofri ofrann brile yo.

10 Lè li te fin ofri ofrann brile yo, men vwala, Samuel te vini. Epi Saül te parèt deyò pou rankontre li e salye li. 11 Men Samuel te di: “Kisa ou te fè?”

Epi Saül te di: “Akoz mwen te wè ke pèp la t ap gaye kite m, ke ou pa t vini nan jou apwente a, e ke Filisten yo t ap rasanble nan Micmasch, 12 pou sa, mwen te di: ‘Alò Filisten yo va vin desann kont mwen Guilgal, epi mwen poko mande favè SENYÈ a.’ Pou sa, mwen te fòse mwen menm pou te ofri ofrann brile yo.”

13 Samuel te di a Saül: “Ou te aji nan foli. Ou pa t kenbe kòmandman ke SENYÈ a te kòmande ou a. Paske SENYÈ a t ap vin etabli wayòm ou a sou Israël jis pou tout tan. 14 Men koulye a, wayòm ou an p ap dire. SENYÈ a te chache pou kont Li yon nonm selon pwòp kè li e SENYÈ a te chwazi li kòm chèf sou pèp Li a, akoz ou pa t kenbe sa ke SENYÈ a te kòmande ou a.”

15 Epi Samuel te leve monte soti Guilgal pou rive Guibea nan Benjamin. Saül te konte moun ki te prezan avè l yo, yo te anviwon sis-san mesye. 16 Alò Saül avèk fis li a, Jonathan avèk moun ki te prezan avèk yo te rete Guéba nan Benjamin pandan Filisten yo te fè kan Micmasch. 17 Epi ravajè yo te sòti nan kan Filisten yo an twa konpayi yo. Yon konpayi te vire nan sid vè Ophra vè peyi Schual. 18 Yon lòt konpayi te vire vè Beth-Horon, e yon lòt konpayi te vire vè lizyè ki kouri anwo vale a nan Tseboïm vè dezè a. 19 Alò, nanpwen bòs fòjewon ki ta kab twouve nan tout peyi Israël la, paske Filisten yo te di: “Otreman Ebre yo va fè nepe yo oswa frenn yo.” 20 Konsa, tout Israël te desann vè Filisten yo, yo chak pou file pwòp cha li, pikwa li, rach li, ak wou li. 21 Frè sèvis la te de tyè sik pou lam cha a, pou pikwa a, fochèt la, rach la e pou ranje wou yo. 22 Konsa sa te rive ke nan jou batay la ke ni nepe, ni fwenn pa t twouve nan men a okenn nan moun ki te avèk Saül ak Jonathan yo. Men yo te twouve sèlman nan men Saül ak Jonathan.

23 Epi ekip pòs militè a Filisten yo te sòti rive nan pasaj Micmasch.