Alyans ak Abraham nan renouvle

Alyans lan renouvle.

1897 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Jenèz 17:1–8

1 Alò, lè Abram te gen laj katre-ven-sèz ane, SENYÈ a te parèt a Abram. Li te di li: “Mwen menm se Bondye Toupwisan an. Mache devan mwen, e rete san fot. 2 Mwen va etabli akò Mwen antre Mwen ak Ou, e Mwen va miltipliye ou anpil, anpil.”

3 Abram te tonbe atè sou figi li. Bondye te pale avèk li, e te di: 4 “Pou Mwen, koute byen, akò Mwen avè ou a. Ou va papa a yon gran kantite nasyon. 5 Yo p ap rele ou Abram ankò, men non ou va Abraham, paske Mwen ap fè ou papa a yon gran kantite nasyon.

6 “M ap fè ou bay anpil fwi, Mwen va fè nasyon yo avè w, e wa yo va soti nan ou menm.

7 “Mwen va etabli akò Mwen antre Mwen ak ou, e desandan ou yo selon tout jenerasyon pa yo kòm yon akò k ap pou tout tan, pou M rete kòm Bondye pou ou ak desandan apre ou yo. 8 “Mwen va ba ou avèk desandan ou yo peyi kote nou vwayaje yo, tout tè Canaan an, kòm yon posesyon k ap pou tout tan, epi Mwen va Bondye pa yo.”

Sikonsizyon etabli

Jenèz 17:9–27

9 Bondye te di anplis a Abraham: “Koulye a pou ou, ou va kenbe akò Mwen an, ou menm avèk desandan apre ou yo pou tout jenerasyon. 10 Sa se akò Mwen, ke nou va kenbe antre Mwen ak nou menm, e desandan apre nou yo: chak mal pami nou va vin sikonsi.

11 “ “Nou va sikonsi nan chè sou avan chè nou, e sa ap sèvi kòm sign akò antre Mwen ak nou. 12 Epi chak mal antre nou ki gen uit jou va sikonsi selon tout jenerasyon nou yo, e osi yon sèvitè ki fèt lakay ou, oswa ki achte avèk lajan a nenpòt etranje ki pa sòti nan desandan pa nou yo. 13 Yon sèvitè ki fèt lakay nou, oswa ki te achte avèk lajan nou va asireman vin sikonsi; konsa akò Mwen va nan chè nou, yon akò pou tout tan. 14 Men yon mal ki pa sikonsi nan avan chè li, moun sila a va vin retire de pèp li a. Li vyole akò Mwen an.”

15 Epi Bondye te di a Abraham: “Konsènan madanm ou, Saraï, ou pa pou rele li Saraï, men Sarah va non li. 16 Mwen va beni li, Mwen va bay ou yon fis pa li. Alò, Mwen va beni li, e li va yon manman pou anpil nasyon. Wa a pèp yo va sòti nan li.”

17 Nan moman sa a, Abraham te tonbe sou figi li. Li te ri e li te di nan kè l: “Èske yon pitit va fèt a yon nonm santan? Epi èske Sarah, ki gen katre-ven-diz ane va fè yon pitit?” 18 Konsa, Abraham te di a Bondye: “O ke Ismaël kapab viv devan Ou!”

19 Men Bondye te di: “Non, men Sarah, madanm ou an va fè yon fis, e ou va rele non li Isaac. Mwen va etabli akò Mwen an avèk li pou yon akò pou tout tan pou desandan apre li yo.

20 “Pou Ismaël, Mwen te tande ou. Gade byen, Mwen va fè li bay anpil fwi, e li va miltipliye li anpil, anpil. Li va vin papa a douz prens yo, e Mwen va fè li vin yon gran nasyon.

21 “Men akò Mwen an, Mwen va etabli li avèk Isaac, ke Sarah va fè pou ou nan menm sezon sa a, lane pwochèn.”

22 Lè Li te fin pale avèk li, Bondye te monte kite Abraham.

23 Alò, Abraham te pran Ismaël, fis li a, tout sèvitè ki te fèt nan kay li, tout ki te achte avèk lajan li, chak mal pami mesye lakay Abraham yo, e li te sikonsi prepis yo nan menm jou sa a jan Bondye te di li a.

24 Alò, Abraham te gen katre-ven-diz ane lè li te sikonsi nan chè pwen pye li. 25 Epi Ismaël, fis li a te gen trèz ane lè li te sikonsi nan chè pwen pye li.

26 Nan menm jou sa a, Abraham te sikonsi, ansanm ak fis li, Ismaël. 27 Tout gason lakay li yo, ki te fèt lakay li, ki te achte avèk lajan nan men moun etranje, te sikonsi avèk li.

Yo pwomèt Abraham yon pitit gason 1899 anvan Christ

Jenèz 18:1–15

1 Alò, SENYÈ a te parèt a li nan bwadchenn Marmré yo pandan li te chita akote pòt tant lan nan chalè jounen an. 2 Lè li te leve zye li pou te gade, men twa mesye ki te kanpe anfas li. Lè li te wè yo li te kouri sòti nan pòt tant lan pou rankontre yo, e li te bese tèt li atè. 3 Li te di: “SENYÈ mwen, si koulye a mwen vin twouve favè nan zye nou, souple, pa pase lwen sèvitè nou an. 4 Souple, kite yon ti dlo ta pote pou lave pye nou, e repoze nou anba pyebwa a. 5 Konsa, mwen va pote yon mòso pen, pou nou kapab rafrechi nou menm; apre sa nou kapab kontinye, depi nou fin vizite sèvitè nou an.”

Epi yo te di: “Fè sa ke ou di a.”

6 Epi Abraham te kouri antre nan tant lan vè Sarah, e te di: “Fè vit, prepare twa mezi farin fen, byen bat li, e fè gato pen.”

7 Abraham osi te kouri nan pak bèf, li te pran yon jenn bèf byen mou, byen chwazi, e li te bay li a sèvitè li, ki te fè vit pou prepare li. 8 Li te pran bòl lèt kaye yo avèk lèt fre ak jèn bèf ke li te prepare, e te plase li devan yo; epi li te kanpe bò kote yo anba pyebwa a pandan yo t ap manje.

9 Alò, yo te di li: “Kote Sarah, madanm ou?”

Epi li te di: “Nan tant lan”.

10 Epi li te di: “Anverite, mwen va retounen bò kote ou nan lè sa ane pwochèn; epi gade byen, Sarah, madanm ou va gen tan gen yon fis.”

Epi Sarah t ap koute bò kote pòt la, ki te dèyè li a. 11 Alò, Abraham ak Sarah te vye, byen avanse nan laj. Sarah te depase laj pou fè pitit. 12 Sarah te ri a tèt li, e te di: “Lè m gen tan fin vye a, èske m ap gen plezi, e mari mwen ki vye tou?”

13 Epi SENYÈ a te di Abraham: “Poukisa Sara te ri, e t ap di: ‘Èske vrèman mwen va fè yon pitit lè mwen fin vye a?’

14 “Èske gen anyen ki twò difisil pou SENYÈ a? Nan lè chwazi a, mwen va retounen a nou menm, nan lè sa a, lane pwochèn, e Sarah va gen yon fis.”

15 Sarah te demanti sa, e te di: “Mwen pa t ri non”; paske li te pè. Epi Li te di: “Non, men ou te ri.”