Alyans Bondye ak Abram

1912 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Jenèz 15

1 Apre bagay sa yo, pawòl SENYÈ a te vin kote Abram nan yon vizyon. Li te di: “Pa pè, Abram, Mwen se yon pwotèj pou ou. Rekonpans ou va gran.”

2 Abram te di: “O Senyè BONDYE, kisa ou va ban mwen, akoz ke m san pitit, e eritye lakay mwen se Eliézer a Danmas?” 3 Epi Abram te di: “Akoz ke ou pa t ban m pitit pou swiv mwen, pitit ki fèt nan kay mwen an se eritye mwen.”

4 Alò, gade byen, pawòl SENYÈ a te vin kote li. Li te di l: “Se pa nonm sa k ap eritye ou, men youn ki va sòti nan pwòp kò ou, se li ki va eritye ou.”

5 Konsa, li te mennen li deyò, e te di: “Koulye a, gade vè syèl yo, e kontwole zetwal yo, si ou kapab kontwole yo.” Epi Li te di li: “Se konsa desandan w ap ye.”

6 Li te kwè nan SENYÈ a, e SENYÈ a konsa, te konsidere sa kòm ladwati li.

7 Li te di Abram: “Mwen se SENYÈ a ki te mennen ou sòti nan Ur a Kaldeyen yo, pou bay ou peyi sa a pou posede li.”

8 Abram te di: “O Senyè BONDYE, kijan mwen kapab konnen ke m ap genyen l vre?”

9 Alò li te di li: “Pote ban mwen yon gazèl twazan, yon femèl kabrit twazan, yon mal mouton nan twazan, yon toutrèl, avèk yon jenn pijon.”

10 Li te pote bay li tout sa yo, e li te koupe yo an de mòso. Li te poze mwatye yo chak fasafas ak lòt, men li pa t koupe zwazo yo. 11 Zwazo ki manje vyann yo te desann sou kò bèt yo, e Abram te chase yo ale.

12 Alò, lè solèy la t ap desann, yon gran rèv te tonbe sou Abram. Epi gade byen, yon gwo tenèb ak gran perèz te vin tonbe sou li.

13 Bondye te di Abram: “Konnen byen si ke desandan ou yo va etranje nan yon peyi ki pa pou yo, kote yo va vin esklav, e va oprime pandan kat-san ane. 14 Men mwen va osi jije nasyon ke yo va sèvi a, e apre yo va sòti deyò avèk anpil byen. 15 Men pou ou menm, ou va ale vè zansèt ou yo anpè. Ou va antere nan yon laj byen avanse. 16 Alò, nan katriyèm jenerasyon yo va retounen isit la, paske inikite Amoreyen yo poko fini.”

17 Li vin rive ke lè solèy la te fin desann, ke li te fènwa anpil, e gade byen, te parèt yon tòch k ap fè lafimen avèk yon flanbo te pase antre mòso sa yo.

18 Nan jou sa a, SENYÈ a te fè yon akò avèk Abram. Li te di: “A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sa a, depi nan larivyè Égypte la, jis rive nan gran rivyè a, larivyè Euphrate, 19 peyi a Kenyen yo, Kenizyen yo, Kadmonyen yo, 20 Itit yo, Ferezyen yo, Rephaïm yo, 21 Amoreyen yo, Kanaaneyen yo, Gigachyen yo, avèk Jebizyen yo.”

Nesans Ismaël

Jenèz 16

1 Alò, Saraï, madanm Abram nan pa t bay li pitit. Li te gen yon sèvant Ejipsyen ki te rele Agar. 2 Konsa, Saraï te di Abram: “Alò, gade byen, SENYÈ a te anpeche m fè pitit. Souple, al jwenn sèvant mwen an. Petèt mwen kapab vin gen pitit pa li menm.” Epi Abram te koute vwa a Saraï.

3 Apre Abram te viv dis lane nan peyi Canaan, madanm Abram nan, Saraï te pran Agar, sèvant Ejipsyen li an, e te bay li a mari li Abram kòm madanm li. 4 Li te al jwenn Agar, li te vin ansent, epi lè l te wè ke li te ansent, mètrès li a te vin meprize nan zye li.

5 Konsa, Saraï te di Abram: “Se ou ki gen tò nan bagay sa a. Mwen te bay sèvant mwen an pou li antre nan bra ou, e lè l te wè ke li te vin ansent, mwen te vin meprize nan zye li. Ke SENYÈ a jije antre ou menm avèk mwen.”

6 Men Abram te di a Saraï: “Gade byen, sèvant ou anba pouvwa ou. Fè sa ke ou wè ki bon nan zye ou avèk li.”

Pou sa, Saraï te rèd avèk li, e li te pran sove ale kite prezans li.

7 Alò zanj lan te twouve li akote yon sous dlo nan savann nan, vè sous la nan wout chemen ki ale Schur la. 8 Li te di a Agar, sèvant Saraï a, “Kibò ou sòti, e kibò ou prale?”

Epi li te di: “M ap sove ale kite prezans mètrès mwen an, Saraï.”

9 Epi zanj SENYÈ a te di li: “Retounen bò kote mètrès ou, e soumèt ou anba otorite l.” 10 Plis ke sa, zanj SENYÈ a te di li: “Mwen va miltipliye desandan ou yo anpil pou yo vin twòp pou konte.”

11 Zanj SENYÈ a te di li anplis: “Byen gade, ou ansent, e ou va fè yon fis. Epi ou va rele non li Ismaël ki vle di Bondye tande, akoz SENYÈ a te okipe afliksyon ou yo. 12 Li va yon nonm tankou bourik mawon. Men li va kont tout moun, e men a tout moun va kont li. Epi li va viv yon jan ki kont tout frè li yo.”

13 Epi li te rele non SENYÈ a ki te pale avèk li: “Ou se yon Bondye ki wè a”, paske li te di: “Èske m ap vrèman rete vivan isit lè m fin wè Li”? 14 Pou sa, pwi a te rele Lachaï-roi. Gade byen, li la antre Kadès ak Bared.

15 Alò, Agar te fè yon fis pou Abram. E Abram te rele fis li a, ke Agar te fè a, Ismaël. 16 Abram te gen katre-ven-sis ane lè Agar te fè Ismaël pou li a.