Abram ak Lot separe
1996 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
5 Alò, Lot, ki te ale avèk Abram, osi te gen bann mouton, twoupo, avèk tant.
6 Epi tè a pa t kapab sipòte yo toude pou rete ansanm, paske byen yo te tèlman gran ke yo pa t kab rete ansanm. 7 Epi te gen konfli antre bèje bèt Abram, ak bèje bèt Lot yo. Epi te gen Kanaaneyen yo avèk Ferezyen yo ki te rete nan peyi a.
8 Alò, Abram te di a Lot: “Silvouplè, pa kite gen konfli antre ou avèk mwen, ni antre bèje pa m ak bèje pa w, paske se frè nou ye. 9 Èske se pa tout tè a ki pou ou? Silvouplè, annou separe. Si se vè agoch, mwen menm, mwen va ale adwat. Oswa si se adwat, mwen menm, mwen va ale agoch.”
10 Lot te leve zye li, e li te wè tout vale Jourdain an ke li te byen wouze. Sa se te avan SENYÈ a te detwi Sodome avèk Gomorrhe. Li te tankou jaden SENYÈ a, tankou peyi Égypte la lè ou ale vè Zoar. 11 Konsa, Lot te chwazi pou li menm tout vale Jourdain an, e Lot te vwayaje vè lès. Konsa yo te separe youn ak lòt.
12 Abram te vin rete nan tè Canaan an, pandan Lot te vin rete nan gran vil yo nan vale a, e li te deplase tant li yo jis rive Sodome.
13 Alò, mesye Sodome yo te mechan anpil, e yo te fè peche depase kont SENYÈ a.
Pwomès yo te fè Abram nan renouvle 1920 anvan Christ
14 SENYÈ a te di a Abram lè Lot fin kite l la: “Koulye a leve zye ou pou gade depi plas la kote ou ye a; vè nò, vè sid, vè lès ak lwès. 15 Paske tout peyi ke ou wè a, Mwen va ba ou li, ak desandan ou yo pou tout tan.
16 “Mwen va fè desandan ou yo peple tankou pousyè tè, pou si okenn moun pa kapab kontwole pousyè tè a, konsa yo p ap kapab osi kontwole desandan ou yo. 17 Leve, mache toupatou nan peyi a nan longè li avèk lajè li; paske Mwen va ba ou li”.
18 Epi Abram te deplase tant li an, li te vin rete akote bwatchenn Mamré yo ki an Hébron, e la li te bati yon lotèl bay SENYÈ a.
Lagè ak senk wa yo 1912 anvan Christ
1 Li te rive nan jou Amraphel yo, wa Schinear a, ke Arjoc, wa Ellasar a, Kedorlaomer, wa Élam nan, avèk Tideal, wa Gojim nan, 2 ke yo te vin fè lagè avèk Béra, wa Sodome nan, e avèk Birscha, wa Gomorrhe a, Schineab, wa Adma a, ak Schémbeébern wa Tseboïm nan, avèk wa a Béla a, ki se Tsoar.
3 Tout sila yo te vini nan yon alyans nan vale Siddim nan (sa vle di Lanmè Sèl la). 4 Pandan douz ane yo te sèvi Kedorlaomer, men nan trèzyèm ane a, yo te revòlte.
5 Nan katòzyèm ane a, Kedorlaomer ak wa ki te avè l yo, te vin bat Rephaïm nan Ashterothkarnaim, Zuzim lan nan Ham, avèk Émim nan Schavé-Kirjathaïm. 6 Avèk Oryen yo nan mòn pa yo nan Séir jiska distans rive nan Al-Paran, ki touprè dezè a. 7 Epi yo vin retounen rive nan En-Mischpath, (ki se Kadès), e yo te bat Amalesit yo nan tout peyi yo, e osi Amoreyen ki te rete Hatsatson-Thamar yo.
8 Epi wa Sodome nan avèk wa Gomorrhe a avèk wa Adma ak wa Tseboïm nan, e wa Béla a, (ki se Tsoar); te vin parèt. Yo ranje yo pou fè batay kont yo nan vale Siddim nan, 9 kont Kedorlaomer wa Élam nan, Tideal, wa Gojim nan, Amraphel, wa Schinear nan, ak Arjoc, wa Ellasar a; kat wa kont senk.
10 Alò, vale Siddim nan te ranpli avèk fon azfòt yo, epi wa Sodome avèk Gomorrhe yo te sove ale, e kèk tonbe la. Men sila ki te chape yo te sove ale, rive nan tèt mòn yo.
11 Yo te pran tout byen Sodome avèk Gomorrhe yo avèk tout manje yo te genyen, e yo te pati. 12 Anplis, yo te pran Lot, neve a Abram nan avèk tout byen li, e yo te pati, paske li t ap viv Sodome.
13 Alò, yon moun ki te sove ale te vin di Abram, Ebre a, tout sa. Alò, li t ap viv bò kote chenn Mamré yo, Amoreyen sila a, frè Eschcol e frè Aner, ki te fè yon alyans avèk Abram.
14 Lè Abram te tande ke moun fanmi li te pran an kaptivite, li te Mennen dèzòm ki te enstwi, twa-san-diz-uit òm ki te elve nan kay li pou te pouswiv yo jis rive nan Dan. 15 Li te divize ekip li yo kont yo nan lannwit. Epi li avèk sèvitè li yo te bat yo, e yo te kouri dèyè yo jis rive Choba, ki nan nò Damas la. 16 Li te mennen fè retounen tout byen yo. Anplis, li te mennen tounen moun fanmi li an, Lot, avèk byen pa l, fanm, avèk lòt moun yo.
17 Apre Abram te sòti nan masak Kédorlaomer ak wa ki te avè l yo, wa Sodome nan te sòti pou rankontre l nan vale Schavé a, (sa vle di Vale a Wa a).
Melchisédek beni Abram
18 Konsa, Melchisédek, wa Salèm nan te mennen pote pen avèk diven. Alò li menm se te yon prèt a Bondye Pi Wo a. 19 Li te beni li, e te di: “Beni, se Abram a Bondye Pi Wo a, Mèt Syèl la ak tè a. 20 Beniswa Bondye Pi Wo a, ki te lage lènmi yo nan men ou.”
Abram te bay li yon dim de tout bagay.
21 Wa Sodome nan te di Abram: “Ban mwen moun yo, e ou mèt pran byen yo pou ou menm.”
22 Abram te di a Wa Sodome nan: “Mwen te sèmante a Senyè Bondye Pi Wo a, Mèt sou syèl la avèk tè a, 23 ke mwen p ap pran menm yon fisèl oswa yon sandal, ni yon las, ni anyen ki pou ou, akoz laperèz ke ou ta di ‘se ou ki fè Abram vin rich’. 24 Mwen p ap pran anyen sof ke sa ke jennonm yo te manje, ak pòsyon pou mesye ki te ale avè m yo, Aner, Eschcol, avèk Mamré; kite yo pran pòsyon pa yo.”