Sodome kondane epi detwi
1899 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
16 Alò, mesye yo te leve la e yo te gade pi ba vè Sodome; epi Abraham t ap mache avèk yo pou voye yo ale.
17 SENYÈ a te di: “Èske Mwen kab kache Abraham sa ke M prè pou M fè a, 18 paske Abraham va anverite vin yon gran nasyon byen fò, e nan li, tout nasyon yo va beni? 19 Paske Mwen te chwazi li pou l kapab kòmande pitit li yo avèk lakay li, pou kenbe chemen SENYÈ a, pou fè ladwati avèk jistis, pou SENYÈ a kapab fè rive sou Abraham, sa ke Li te pale de li a.”
20 Epi SENYÈ a te di: “Gwo kri kont Sodome avèk Gomorrhe a byen gran, e peche pa yo grav depase. 21 Mwen va desann koulye a, pou wè si yo te fè tout bagay selon gwo kri sa a, ki te vin jwenn Mwen an; epi si se pa sa, m ap konnen.”
22 Alò, mesye yo te vire kite la, e te ale vè Sodome, pandan Abraham toujou kanpe devan SENYÈ a.
23 Abraham te vin pwoche, e te di L: “Èske Ou vrèman va fè disparèt moun dwat yo ansanm avèk mechan yo? 24 Sipoze ke gen senkant moun ki dwat nan vil la; èske vrèman Ou va fè l disparèt, e pa prezève kote a pou koz a senkant moun dwat ki ladann yo?
25 “Se lwen Ou pou Ou ta fè yon bagay konsa, pou touye moun dwat yo avèk mechan yo pou dwat yo avèk mechan yo vin trete menm jan. Se lwen Ou menm! Èske Jij sou tout latè a p ap aji avèk jistis?”
26 Epi SENYÈ a te di: “Si Mwen twouve nan Sodome, senkant moun dwat nan vil la, alò, Mwen va prezève tout pou koz a yo menm.”
27 Epi Abraham te reponn: “Alò gade byen, mwen te tante pale ak SENYÈ a, malgre mwen pa plis ke pousyè avèk sann. 28 Vin sipoze ke senkant dwat yo manke senk, èske Ou va detwi tout vil la akoz senk lan?” Epi li te di: “Mwen p ap detwi li si Mwen twouve karant-senk ki la.”
29 Epi li te pale ankò, e te di: “Sipoze ke gen karant ki twouve la?” Epi li te di: “Mwen p ap fè li pou koz a karant lan.”
30 Alò li te di: “O ke SENYÈ a pa vin fache avè m, e mwen va pale; sipoze se trant ki twouve la?” Epi Li te di: “Mwen p ap fè li si Mwen twouve trant lan.”
31 Epi li te di: “Koulye a byen gade, mwen te tante pale avèk SENYÈ a; sipoze se ven ki twouve la?” Epi li te di: “Mwen p ap detwi li pou koz a ven yo.”
32 Alò li te di: “O ke Senyè a pa vin fache avè m! M ap pale sèl fwa sa; sipoze ke se dis ki twouve la?” Epi li te di: “Mwen p ap detwi li pou koz a dis yo.”
33 Depi lè ke li fin pale ak Abraham nan, SENYÈ a te pati, e Abraham te retounen nan kote pa li.
19:1 Alò, de zanj te vini Sodome nan aswè lè Lot te chita nan pòtay Sodome nan.
Lè Lot te wè yo, li te leve pou rankontre yo. Li te bese ba avèk figi li atè. 2 Epi li te di: “Koulye a, gade byen, frè m yo, souple vire akote nan kay sèvitè ou a, pou pase nwit lan. Lave pye nou, pou nou kapab leve bonè pou fè wout nou.” Malgre sa, yo te di: “Non, men nou va pase nwit lan nan lari a.”
3 Men li te plede avèk yo avèk fòs. Konsa yo te vire akote vè li e te antre lakay li a, e li te prepare yon gwo manje pou yo. Anplis li te kwit pen san ledven a, e yo te manje.
4 Avan yo gen tan kouche, mesye Sodome yo te antoure kay la, ni jèn, ni vye, tout moun ki te sòti nan tout katye yo. 5 Konsa, yo te rele Lot e te di li: “Kote mesye sa yo ki te vin kote ou aswè a? Mennen yo bannou pou nou kapab antre an relasyon avèk yo.”
6 Men Lot te sòti kote yo nan pòtay la, e te fèmen pòt la dèyè l. 7 Li te di: “Souple, frè m yo, pa aji avèk mechanste. 8 Byen gade, mwen gen de fi ki pa janm antre an relasyon avèk yon gason. Souple, kite m mennen yo deyò pou nou, e fè avèk yo sa ke nou pito, men pa fè anyen avèk mesye sa yo, akoz se anba pwotèj twati mwen yo gen tan vini.”
9 Men yo te di: “Mete ou akote.” Anplis ke sa yo te di: “Sila te antre tankou etranje, e deja l ap aji kòm jij. Pou sa a, nou va trete ou pi mal pase yo.” Epi yo te peze rèd kont Lot, e yo te prèt pou kraze pòt la.
10 Men mesye yo nan kay la te lonje men yo rale Lot anndan avèk yo, e yo te fèmen pòt la.
11 Yo te frape mesye ki te nan pòtay kay la pou yo vin avèg, ni piti ni gran, pou yo fatige kò yo e pou yo pa t ka twouve pòt la.
12 Konsa, de mesye yo te di Lot: “Kilès ankò ke ou gen isit la? Yon bofis, fis ou yo, e nenpòt moun ou gen nan vil la, mennen yo sòti kite plas sa a, 13 paske nou prèt pou detwi plas sila a, akoz plent pa yo gen tan vin tèlman gran devan SENYÈ a, ke SENYÈ a te voye nou pou detwi li.”
14 Lot te ale deyò pou te pale avèk bofis li yo, ki te prèt pou marye avèk fi li yo, e li te di: “Leve sòti kite plas sila a, paske SENYÈ a va detwi vil la.” Men li te sanble a bofis li a ke se yon blag ke li t ap fè.
15 Lè maten an te rive, zanj yo te bourade Lot. Yo te di l: “Leve, pran madanm ou avèk de fis ou yo ki isit la, oswa ou va vin disparèt nan pinisyon vil la.” 16 Men li te fè reta. Pou sa, mesye sa yo te sezi men l avèk men madanm li avèk men a de fi li yo, paske konpasyon SENYÈ a te sou li. Yo te mennen li deyò, e yo te mete l deyò vil la.
17 Lè yo te mennen yo deyò, youn nan yo te di: “Sove ale pou lavi ou! Pa gade dèyè, e pa rete nan okenn kote nan vale a. Sove ale nan mòn yo, oswa ou va detwi nèt.”
18 Men Lot de di yo: “Alò, li pa konsa, mèt mwen yo! 19 Koulye a gade byen, sèvitè nou an gen tan twouve favè nan zye nou, nou te montre jan mizerikòd nou gran nan sove vi m, men mwen p ap kapab chape nan mòn yo, paske malè a va gen tan rive sou mwen, e mwen va mouri. 20 Gade byen, vil sila a ase pre pou m sove ale ladann, e li piti. Souple, kite mwen chape pa la. Èske li pa piti? Konsa vi m kapab sove.”
21 Li te di li: “Gade byen, mwen ba ou demann sa a tou, pou pa detwi vil la sou sila ou te pale a. 22 Fè vit, chape rive la, paske mwen pa kapab fè anyen jiskaske ou rive la.” Pou sa yo te rele vil la Tsoar.
23 Solèy la te gen tan fin leve sou tè a lè Lot te rive Tsoar. 24 Epi SENYÈ a te fè souf avèk dife ki sòti nan syèl la, tonbe tankou lapli sou Sodome avèk Gomorrhe. 25 Li te detwi vil sila yo, ak tout vale a, ak tout moun ki te rete nan vil yo, ansanm ak sa ki te grandi nan tè a. 26 Men madanm li ki te dèyè li te gade dèyè, e li te tounen yon pilye sèl.
27 Alò, Abraham te leve granmmaten. Li te ale nan plas kote li te kanpe devan SENYÈ a, 28 epi li te gade anba vè Sodome avèk Gomorrhe, vè tout tèren nan vale a. Li te wè, e gade byen, lafimen te monte tankou lafimen ki sòti nan founo.
29 Se konsa li rive ke lè Bondye te detwi vil yo nan vale a, ke Li te sonje Abraham. Li te voye Lot deyò dega a, lè li te boulvèse vil yo nan sila Lot te rete yo.