Yo renouvle alyans lan nan Canaan
Alyans lan renouvle.
1451 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Alò, li te vin rive ke lè tout wa Amoreyen ki te lòtbò Jourdain yo vè lwès ak tout wa Canaran akote lanmè yo, te tande jan SENYÈ a te seche dlo Jourdain an devan fis Israël yo jiskaske yo te travèse, ke kè yo te fonn, e yo pa t gen kouraj nan yo ankò akoz fis Israël yo.
2 Nan tan sa a, SENYÈ a te di a Josué: “Fè pou ou menm kouto avèk silèks e sikonsi ankò fis Israël yo pou dezyèm fwa a.” 3 Konsa, Josué te fè pou kont li kouto avèk silèks e te sikonsi fis Israël yo nan Gilbreath-Araloth.
4 Men rezon pou sila Josué te sikonsi yo a: tout pèp la ki te sòti an Égypte nan gason yo, tout mesye lagè yo, te mouri nan dezè a nan wout lè yo fin kite Égypte. 5 Paske tout mesye ki te sòti yo te sikonsi, men tout mesye ki te fèt nan dezè a nan wout la pandan yo sòti an Égypte la pa t ankò sikonsi.
6 Paske fis Israël yo te mache karantan nan dezè a, jis tout nasyon an, mesye lagè ki te sòti an Égypte yo, te peri akoz yo pa t koute vwa SENYÈ a, a sila SENYÈ a te sèmante ke Li pa t ap kite yo wè peyi ke SENYÈ a te sèmante bay zansèt pa yo pou bannou an, yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl.
7 Timoun ke Li te vin leve pou ranplase yo, Josué te sikonsi yo. Paske yo pa t sikonsi akoz ke yo pa t sikonsi yo nan wout la. 8 Alò, lè yo te fin sikonsi tout nasyon an, yo te rete nan plas yo nan kan an jiskaske yo te fin geri.
9 Epi SENYÈ a te di a Josué: “Jodi a, Mwen te woule fè sòti wont a Égypte la sou nou menm.” Konsa, jis jodi a, yo rele plas sa a Guilgal.
10 Pandan fis Israël yo te rete Guilgal, yo te obsève Pak la nan lannwit katòzyèm jou nan mwa a nan plèn dezè a Jéricho a.
11 Nan jou apre Pak la, nan menm jou sa a, yo te manje kèk nan pwodwi tè yo, gato san ledven ak sereyal griye. 12 Lamàn te sispann nan jou apre yo te manje kèk nan pwodwi tè yo. Konsa, fis Israël yo pa t gen lamàn ankò, men yo te manje nan donn tè Canaran an pandan ane sa a.
Konkèt Jéricho
1 Alò, Jéricho te byen sere pa fis Israël yo. Pèsòn pa t sòti ni antre.
13 Alò, li te rive ke lè Josué te toupre Jéricho, li te leve zye li anwo e te gade, vwala, yon nonm te kanpe anfas li avèk nepe li rale nan men l. Josué te pwoche l, e li te di li: “Èske ou pou nou oswa kont nou?”
14 Li te reponn: “Non; olye de sa, anverite mwen vini koulye a kòm kapitèn a lame SENYÈ a.” Konsa, Josué te tonbe atè sou figi li. Li te adore l e te di li: “Kisa mèt mwen an gen pou di a sèvitè li?”
15 Kapitèn a lame SENYÈ a te di a Josué: “Retire sapat ou nan pye ou, paske plas kote ou kanpe a sen.” Epi Josué te fè l.
2 SENYÈ a te di a Josué: “Gade, Mwen te livre Jéricho nan men ou, avèk wa li ak gèrye vanyan li yo. 3 Mache antoure vil la avèk tout mesye lagè nou yo pou l tou ansèkle li yon fwa. Ou va fè sa pandan si jou. 4 Anplis, sèt prèt va pote sèt twonpèt fèt ak kòn belye devan lach la.
“Konsa, nan setyèm jou a, nou va mache antoure vil la sèt fwa e prèt yo va soufle twonpèt yo. 5 Li va vin rive ke lè yo fè yon gwo son avèk kòn belye a, lè nou tande son twonpèt la, tout pèp la va rele fò avèk yon gwo bri; epi miray vil la va tonbe plat e pèp la va monte, chak moun tou dwat.”
6 Konsa, Josué, fis a Nun nan, te rele prèt yo. Li te di yo: “Pran lach akò a, e kite sèt prèt yo pote sèt twonpèt yo fèt avèk kòn belye yo devan lach SENYÈ a.” 7 Yo te di a pèp la: “Ale devan, mache antoure vil la e kite mesye ak zam yo ale devan lach SENYÈ a.”
8 Li te vin rive ke lè Josué te pale avèk pèp la, sèt prèt ki t ap pote sèt twonpèt a kòn belye yo devan SENYÈ a te avanse, e te soufle twonpèt yo, epi lach akò SENYÈ a te swiv yo. 9 Mesye avèk zam yo te ale devan prèt ki tap soufle twonpèt yo, epi gad aryè a te swiv lach la, pandan yo te kontinye ap soufle twonpèt yo.
10 Men Josué te kòmande pèp la e te di: “Nou pa pou rele, ni kite yo tande vwa nou menm. Ni pa kite yon mo sòti nan bouch nou, jis rive jou ke m di nou: ‘Rele fò!’ Alò, nan moman sa a, nou va rele fò!”
11 Konsa, li te fè lach SENYÈ a antoure vil la ansèkle l yon fwa. Konsa, yo te rantre nan kan an, e yo te pase nwit lan la nan kan an.
12 Alò, Josué te leve granmmaten, e prèt yo te leve pran lach SENYÈ a. 13 Sèt prèt ki te pote sèt twonpèt kòn belye yo devan lach SENYÈ a, te kontinye san rete e te soufle twonpèt yo. Mesye avèk zam yo te ale devan yo, e gad an aryè yo te swiv lach SENYÈ a, pandan yo te kontinye ap soufle twonpèt yo. 14 Konsa, nan dezyèm jou a, yo te mache antoure vil la yon fwa e te retounen nan kan an. Yo te fè konsa pandan si jou.
15 Alò, nan setyèm jou a, yo te leve bonè avan jou, e te mache antoure vil la menm jan an sèt fwa. Sèl nan jou sa a, yo te mache antoure vil la sèt fwa. 16 Nan setyèm fwa a, lè prèt yo te soufle twonpèt yo, Josué te di a pèp la: “Rele fò!” Paske SENYÈ a gen tan bannou vil la.
17 “Vil la va vin dedye anba ve, li menm avèk tout sa ki ladann se pou SENYÈ a. Sèl Rahab, pwostitiye a ak tout moun ki avè l nan kay la va viv, akoz li te kache mesaje ke nou te voye yo.
18 “Men pou nou menm, sèlman kenbe tèt nou apa pou pa fè bagay sa yo ki anba ve pou detwi, pou nou pa anvi yo e pran kèk bagay ki anba ve a, pou fè kay Israël la vin modi pou gwo pwoblèm vin sou li. 19 Men tout ajan avèk lò, zafè an bwonz ak fè, sen a SENYÈ a. Yo va antre nan trezò SENYÈ a.”
20 Alò, pèp la te rele fò, prèt yo te soufle twonpèt yo. Lè pèp la te tande son twonpèt la, yo te rele fò avèk yon gwo kri, epi miray la te tonbe plat. Epi konsa, pèp la te antre nan vil la, tout mesye toudwat pou yo te pran vil la. 21 Yo te detwi tout bagay nan vil la nèt; ni gason, ni fanm, jèn kon granmoun, ni bèf, ni mouton, ni bourik, pa lam nepe.
22 Josué te di a de mesye ki te fè espyonaj peyi yo: “Antre lakay pwostitiye a e mete fanm nan avèk tout sa li genyen deyò, jan nou te pwomèt li a.” 23 Konsa, jennonm ki te espyon yo te antre. Yo te mennen Rahab deyò avèk papa l ak manman l, frè li yo avèk tout sa li te genyen. Anplis, yo te mete deyò tout fanmi li yo e te plase yo deyò kan Israël la.
24 Yo te brile vil la avèk dife ak tout sa ki ladann. Sèlman ajan avèk lò avèk tout bagay ki te fèt an bwonz ak fè, yo te mete yo nan trezò kay SENYÈ a.
25 Sepandan, Rahab, pwostitiye a, avèk tout kay papa l ak tout sa li te genyen, Josué te konsève yo. Epi li te viv nan mitan Israël jis rive jodi a, paske li te kache mesaje ke Josué te voye pou fè espyonaj Jéricho yo.
26 Konsa, Josué te pase lòd sèman an nan lè sa a. Li te di: “Modi devan SENYÈ a se sila ki leve pou rebati vil sa a, Jéricho. Avèk pèt premye ne li yo, li va poze fondasyon li; avèk pèt denyè ne li yo, li va monte pòtay li yo.”
27 SENYÈ a te avèk Josué e li te vin byen rekonèt nan tout peyi a.