Yo pran Aï
1451 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Men fis Israël yo te aji avèk movèz fwa nan bagay ki te dedye anba ve yo; paske Acan, fis a Carmi a, fis a Zabdi, fis a Zérach, nan tribi Juda a, te pran kèk nan bagay ki te dedye anba ve yo. Pou sa, chalè SENYÈ a te brile kont fis Israël yo.
2 Alò, Josué te voye mesye sòti Jéricho yo vè Aï, ki toupre Beth-Aven an, nan lès a Bethel la. Li te di yo: “Ale monte e fè espyonaj peyi a.” Konsa, mesye yo te monte pou te fè espyonaj Aï.
3 Yo te retounen a Josué e te di li: “Pa kite tout pèp la monte; sèlman de oswa twa mil mesye bezwen monte Aï. Pa fè tout pèp la fòse fè efò a, paske yo pa anpil.” 4 Konsa, anviwon twa mil mesye ki sòti nan pèp la te monte; men yo te sove ale devan mesye Aï yo. 5 Mesye Aï yo te frape yo, mete ba anviwon trann-sis nan mesye yo. Yo te kouri dèyè yo soti nan pòtay la jis rive Schebarim pou te frape yo, mete yo ba pandan yo t ap desann, jiskaske kè pèp la te fonn e te vin tankou dlo.
6 Josué te chire rad li, e te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a, jis rive nan aswè, ni li menm avèk ansyen a Israël yo. Epi yo te mete pousyè sou tèt yo. 7 Josué te di: “Ay, O SENYÈ Bondye, poukisa Ou te janmen mennen pèp sila a travèse Jourdain an pou livre yo nan men a Amoreyen yo, pou detwi nou? Si sèlman, nou ta dakò rete lòtbò Jourdain an! 8 O SENYÈ, kisa mwen kapab di lòske Israël te vire do yo devan lènmi yo? 9 Paske Canaran avèk tout abitan peyi a va tande sa. Yo va antoure nou e efase non nou sou tè a. Epi kisa Ou va fè pou lonè gran non Ou?”
10 Konsa, SENYÈ a te di a Josué: “Leve ou menm! Poukisa ou te tonbe sou figi ou? 11 Israël te peche. Yo te anplis, fè transgresyon akò ke Mwen te kòmande yo a. Wi, yo te menm pran kèk nan bagay ki te dedye anba ve yo. Yo te vòlè ak twonpe. Anplis, yo te mete yo pami pwòp afè pa yo. 12 Pou sa, fis Israël yo pa kapab kanpe devan lènmi yo. Yo vire do yo devan lènmi yo, paske yo te vin modi. Mwen p ap avèk nou ankò amwenske nou detwi bagay ki anba ve soti nan mitan nou yo.
13 “Leve ou menm! Konsakre pèp la e di: ‘Konsakre nou menm pou demen. Paske konsa, SENYÈ a, Bondye Israël la te di: “Gen bagay ki anba ve a nan mitan nou, O Israël. Ou pa kapab kanpe devan lènmi ou yo jiskaske ou retire bagay ki anba ve yo soti nan mitan ou.”’”
14 “Nan maten, alò, ou va vin toupre tribi ou yo. Epi li va fèt ke tribi ke SENYÈ a pran pa tiraj osò a va apwoche pa fanmi. Epi fanmi ke SENYÈ a pran an va apwoche pa kay yo. Epi kay ke SENYÈ a pran an va pwoche moun pa moun. 15 Li va fèt ke sila ki pran bagay ki anba ve a va brile avèk dife, li menm avèk tout sa ki pou li, akoz li te transgrese akò SENYÈ a, e akoz li te fè yon gwo wont an Israël.”
16 Konsa, Josué te leve bonè nan maten e te fè Israël pwoche pa tribi. Tribi Juda a te pran. 17 Li te fè fanmi Juda pwoche; li te pran fanmi Zérarit yo. Li te fè fanmi Zérarit la pwoche moun pa moun e Zabdi te pran. 18 Li te fè fanmi lakay li pwoche, moun pa moun, epi Acan, fis a Carmi, fis a Zabdi, fis a Zérach, nan tribi Juda a te pran.
19 Epi Josué te di Acan: “Fis mwen, souple, bay glwa a SENYÈ a, Bondye a Israël la, epi konfese a Li menm. Di mwen koulye a sa ou te fè a. Pa kache li de mwen.”
20 Konsa, Acan te reponn Josué e te di: “Anverite, mwen te peche kont SENYÈ a, Bondye a tout Israël la; men sa mwen te fè a: 21 Lè mwen te wè nan piyaj la yon bèl manto ki sòti Schinear ak de san sik ajan, yon ba lò a pèz senkant sik, alò, mwen te anvi yo e te pran yo. Epi gade byen, yo kache nan tè anndan tant mwen an avèk ajan an anba li.”
22 Konsa, Josué te voye mesaje yo. Yo te kouri vè tant lan, epi veye byen, li te kache nan tant li an avèk ajan an anba li. 23 Yo te pran yo soti anndan tant lan, epi yo te pote yo vè Josué avèk tout fis Israël yo pou yo te vide yo devan SENYÈ a.
24 Epi Josué ak tout Israël avèk li te pran Acan, fis a Zérach la, ajan an, manto a, ba lò a, fis li yo, fi li yo, bèf li yo, bourik li yo, mouton li yo, tant li ak tout sa ki te pou li; epi yo te mennen yo monte nan vale Acor a.
25 Josué te di: “Poukisa ou te twouble nou? Jodi a, SENYÈ a va twouble ou.”
Konsa, tout Israël te lapide yo avèk kout wòch. Epi yo te brile yo avèk dife lè yo te fin lapide yo avèk kout wòch. 26 Yo te fè leve sou li yon gwo pil wòch ki kanpe jis rive jodi a. Epi SENYÈ a te vire kite gwo chalè kòlè Li a. Pou sa, non a plas sa a te vin rele Vale Acan jis rive jodi a.
8:1 Alò, SENYÈ a te di a Josué: “Pa pè, ni dekouraje. Pran tout moun lagè yo avèk ou e leve, monte vè Aï. Ou wè, Mwen te mete nan men ou wa Aï a, pèp li a, vil li a ak peyi li a. 2 Ou va fè a Aï ak tout wa li a menm jan ke ou te fè Jéricho avèk wa li a. Sèlman, ou va pran pou ou menm kòm piyaj, bèt li yo kòm byen nou sezi pou nou menm. Òganize yon anbiskad pou vil la pa dèyè li.”
3 Epi Josué te leve avèk tout moun lagè yo pou monte Aï. Josué te chwazi trant mil mesye, gèrye vanyan, e li te voye yo sòti nan lannwit lan. 4 Li te kòmande yo, e te di: “Gade, nou ap fè anbiskad vil la soti pa dèyè li. Pa sòti lwen vil la men nou tout, mete nou touprè.
5 “Mwen menm avèk tout moun ki avè m yo, nou va apwoche vil la. Epi lè yo sòti deyò pou rankontre nou kòm yon premye fwa, nou va sove ale devan yo. 6 Yo va sòti pou kouri dèyè nou jiskaske nou pati kite vil la, paske yo va di: ‘Y ap sove ale devan nou tankou premye fwa a.’ Konsa, nou va sove ale devan yo. 7 Epi nou va leve anbiskad nou e pran posesyon vil la; paske SENYÈ a, Bondye nou an, va livre li nan men nou. 8 Alò, li va rive lè nou fin sezi vil la, ke nou va mete dife nan vil la. Nou va fè li selon pawòl SENYÈ a. Nou wè, mwen te kòmande nou an.”
9 Konsa, Josué te voye yo ale. Yo te ale nan plas anbiskad la, e yo te rete antre Béthel avèk Aï, nan lwès a Aï; men Josué te pase nwit lan pami moun yo.
10 Alò, Josué te leve bonè nan maten, e li te rasanble pèp la, epi li te monte avèk ansyen Israël yo devan pèp la pou ale Aï. 11 Tout moun lagè ki te avèk li yo te monte vin toupre. Yo te rive devan vil la, e te fè kan an sou akote nò toupre Aï a. Koulye a te gen yon vale antre yo menm avèk Aï. 12 Li te pran anviwon senk mil mesye, e li te plase yo an anbiskad antre Béthel avèk Aï nan kote lwès vil la. 13 Konsa, yo te pozisyone moun yo, tout lame ki te nan kote nò vil la ak gad an aryè nan kote lwès vil la. Josué te antre pandan nwit sa a nan mitan vale a.
14 Li te vin rive ke lè wa Aï a te wè sa, mesye lavil yo te kouri leve bonè pou sòti rankontre Israël nan batay la, li menm avèk tout pèp li a nan plas chwazi a devan plèn dezè a. Men li pa t konnen ke te gen yon anbiskad kont li dèyè vil la. 15 Josué avèk tout Israël te fè pòz kòmsi yo te fin bat devan yo e yo te sove ale pa chemen dezè a. 16 Tout pèp ki te nan vil la te rele ansanm pou kouri dèyè yo. Konsa, yo te kouri dèyè Josué e li te rale yo soti kite vil la. 17 Konsa, pa t gen yon gason ki rete nan Aï ni Béthel, yo te kite vil la san gade pou te kouri dèyè Israël.
18 Epi SENYÈ a te di a Josué: “Lonje lans ki nan men ou an vè Aï; paske Mwen va ba ou li.”
Konsa, Josué te lonje lans ki te nan men l lan vè vil la. 19 Mesye nan anbiskad yo te leve vit nan plas yo, epi lè li te lonje men l, yo te kouri antre nan vil la pou te kaptire li. Byen vit, yo mete dife nan vil la.
20 Lè mesye Aï yo te gade an aryè, vwala, lafimen vil la te vin leve rive jis nan syèl la. Konsa, yo pa t gen kote pou sove ale, ni isit, ni la, paske moun ki t ap sove ale vè dezè yo te vire kont sila ki t ap swiv yo.
21 Lè Josué avèk tout Israël te wè ke fòs anbiskad la te kaptire vil la, e ke lafimen te monte, yo te vire retounen pou touye mesye Aï yo. 22 Lòt yo nan vil la te sòti pou rankontre yo. Men yo te kwense nan mitan Israël, yon pati bò isit ak yon pati bò laba, epi yo te touye yo jis pèsòn pa t rete nan sila ki te chape sove ale yo. 23 Yo te pran wa Aï a vivan e yo te mennen li kote Josué.
24 Alò, lè Israël te fin touye tout abitan Aï yo nan chan dezè a kote yo te kouri dèyè yo, e yo tout te tonbe pa lam nepe jiskaske yo te detwi nèt, alò, tout Israël te retounen Aï pou te frape li avèk lam nepe. 25 Tout moun ki te tonbe nan jou sa a, ni lòm ni fanm te douz mil—tout se moun Aï. 26 Paske Josué pa t desann men l ki te toujou lonje ak lans lan jiskaske li te fin detwi nèt tout moun ki rete Aï yo. 27 Israël te pran sèlman bèt avèk byen sezi a kòm piyaj pa yo, selon pawòl ke SENYÈ a te kòmande Josué a.
28 Konsa, Josué te brile Aï. Li te fè li tounen yon pil ranblè jis pou tout tan, yon kote ki dezole jis rive jodi a. 29 Li te pann wa Aï a sou yon bwa jis rive nan aswè. Lè solèy la te kouche , Josué te bay lòd pou yo te retire kò li nan bwa a pou te jete li nan antre pòtay vil la, e leve sou li yon gwo pil gwo wòch ki kanpe jis jodi a.