Travèse Jourdain

1451 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Josué 1:10–18

10 Konsa, Josué te kòmande ofisye pèp yo. Li te di: 11 “Pase nan mitan kan an e kòmande pèp la pou di yo: ‘Prepare pwovizyon nou. Paske nan twa jou, nou va travèse Jourdain sila a, pou antre pran peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou pou posede a.’”

12 A Ribenit yo avèk Gadit yo ak mwatye tribi Manassé a, Josué te di: 13 “Sonje pawòl ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te kòmande nou, lè l te di: ‘SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou repo, e Li va bannou peyi sa a.

14 “‘Madanm nou yo, pitit nou yo ak bèt nou yo va rete nan peyi ke Moïse te bannou lòtbò Jourdain an; men nou va travèse devan frè nou yo, prepare an lòd batay la, tout sòlda vanyan nou yo e ou va bay yo soutyen, 15 jiskaske SENYÈ a bay frè nou yo repo, tankou nou, epi yo menm tou, yo posede peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bay yo a. Epi nan lè sa a, nou va retounen nan pwòp tèren pa nou an, e posede sa ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bannou lòtbò Jourdain an, vè solèy leve a.’”

16 Yo te reponn Josué e te di: “Tout sa ke ou te kòmande nou, nou va fè l, epi nenpòt kote ke ou voye nou, nou va ale. 17 Jis jan ke nou te obeyi Moïse nan tout bagay la, konsa nou va obeyi ou. Sèlman ke SENYÈ a, Bondye nou an, kapab avèk ou tankou Li te avèk Moïse la. 18 Nenpòt moun ki fè rebèl kont lòd ou, e ki pa obeyi pawòl ou yo nan tout sa ou kòmande li fè yo, li va vin mete a lanmò. Sèlman, kenbe fèm e pran kouraj.”

Josué 3–4

1 Josué te leve bonè nan maten. Li menm avèk tout fis Israël yo te kite Sittim pou te rive nan Jourdain an, e yo te fè kan avan yo te travèse.

2 Nan fen twa jou, ofisye yo te pase nan mitan kan an. 3 Yo te kòmande pèp la e te di: “Lè nou wè lach akò SENYÈ a, Bondye nou an, avèk prèt Levit yo k ap pote li, alò, nou va sòti nan plas nou pou swiv li. 4 Sepandan, va gen antre nou ak li yon distans anviwon de mil koude (3,000 pye) pa mezi. Pa vin pi prè li, pou nou kapab konnen chemen ke nap pran, paske nou pa t janm fè wout sa a avan.”

5 Konsa, Josué te di a pèp la: “Konsakre tèt nou; paske demen SENYÈ a va fè mèvèy yo nan mitan nou.”

6 Josué te pale avèk prèt yo e te di: “Vin leve lach akò a pou travèse lòtbò a avan pèp la.”

7 Alò, SENYÈ a te di a Josué: “Jou sa a, Mwen va kòmanse egzalte ou nan zye tout Israël la, pou yo kapab konnen ke menm jan ke M te avèk Moïse la, Mwen va avèk ou. 8 Anplis, ou va kòmande prèt k ap pote lach akò a e di yo: ‘Lè nou rive arebò dlo yo nan Jourdain an, nou va rete kanpe nan dlo Jourdain an.’”

9 Konsa, Josué te di a fis Israël yo: “Vin la pou koute pawòl a SENYÈ a, Bondye nou an.” 10 Josué te di: “Pa sa nou va konnen ke Bondye vivan an pami nou e ke Li va, anverite, deplase soti devan nou Kananeyen an, Etyen an, Evyen an, Ferezyen an, Gigazyen an, Amoreyen an ak Jebizyen an. 11 Gade byen, lach akò SENYÈ a tout latè a ap travèse devan nou antre nan Jourdain an.

12 “Alò, pou sa, pran pou nou menm douz mesye soti nan tribi Israël la, yon nonm pou chak tribi. 13 Li va rive ke lè pla pye a prèt ki pote lach SENYÈ a, SENYÈ tout latè a, poze nan dlo a Jourdain an, dlo Jourdain an va koupe, e dlo k ap kouri desann soti anwo yo va rete fè yon pil.”

14 Pou sa, lè pèp la kite tant pa yo pou travèse Jourdain an avèk prèt k ap pote lach akò a devan pèp la, 15 epi lè sila ki te pote lach la te antre nan Jourdain an, epi depi pye a prèt k ap pote lach la te tanmen fonse bò dlo a; (paske Jourdain an toujou depase rivaj li yo pandan tout sezon rekòlt la), 16 dlo ki t ap kouri desann soti anwo yo te kanpe, e te leve wo fè yon pil, a yon gran distans de la, nan Adam, vil ki akote Tsarthan an; epi dlo sa yo ki t ap kouri desann vè lanmè Araba a, ak Lamè Sale a, te vin koupe nèt. Konsa pèp la te travèse anfas Jéricho.

17 Prèt yo ki t ap pote lach akò SENYÈ a te kanpe fèm sou tè sèk nan mitan Jourdain an pandan tout Israël t ap travèse sou tè sèk, jiskaske tout nasyon an te fin travèse Jourdain an.

4:1 Alò, lè tout nasyon an te fin travèse Jourdain an, SENYÈ a te pale avèk Josué. Li te di: 2 “Pran pou nou menm douz mesye pami pèp la, yon mesye ki soti nan chak tribi. 3 Kòmande yo e di: ‘Ranmase pou kont nou douz wòch soti isit la nan mitan Jourdain an, soti nan plas kote pye prèt la ap kanpe fèm nan. Pote yo janbe avèk nou, e poze yo nan plas lojman kote nou va dòmi aswè a.’” 4 Konsa, Josué te rele douz mesye ke li te chwazi soti nan fis Israël yo, yon mesye nan chak tribi, 5 epi Josué te di yo: “Travèse ankò vè lach SENYÈ a, Bondye nou an, pou rive nan mitan Jourdain an e nou chak pran yon wòch sou zepòl li, selon nonb a tribi a fis Israël yo. 6 Ke sa sèvi kòm yon sign pami nou, jis pou lè pitit nou yo mande pita e di: ‘Kisa wòch sa yo vle di a nou menm’? 7 Alò nou va di yo: ‘Akoz dlo Jourdain yo te koupe devan lach akò SENYÈ a. Lè lach la te travèse Jourdain an, dlo Jourdain yo te koupe. Pou sa, wòch sa yo va sèvi kòm yon souvni pou fis Israël yo pou tout tan.’” 8 Konsa, fis Israël yo te fè jan Josué te kòmande yo a. Yo te leve pran douz wòch yo nan mitan Jourdain an, jan SENYÈ a te pale a Josué a, selon nonb a tribi a fis Israël yo, epi yo te pote yo janbe avèk yo pou rive nan plas lojman an e te poze yo la. 9 Epi Josué te poze douz wòch yo nan mitan Jourdain an nan plas kote pye a prèt yo ki te pote lach akò a te kanpe. Yo la, jis jodi a. 10 Paske prèt yo ki te pote lach la te kanpe nan mitan Jourdain an jiskaske tout bagay ke SENYÈ a te kòmande Josué pou pale a pèp la te fini, selon tout sa ke Moïse te kòmande Josué yo. Konsa, pèp la te fè vit travèse. 11 Lè tout pèp la te fin travèse, lach SENYÈ a avèk prèt yo te travèse nan prezans a pèp la. 12 Fis Ruben yo ak fis a Gad yo ak mwatye tribi Manassé a te janbe abiye e prepare pou fè lagè devan fis Israël yo, jis jan ke Moïse te pale yo a. 13 Anviwon karant mil mesye, prèt pou batay, te travèse devan SENYÈ a vè plèn dezè a Jéricho a. 14 Nan jou sa a, SENYÈ a te egzalte Josué nan zye a tout Israël; jis pou yo genyen l respè avèk lakrent, jis jan ke yo te gen respè avèk lakrent pou Moïse pandan tout jou ke li te viv yo. 15 Alò SENYÈ a te di a Josué: 16 “Kòmande prèt ki pote lach akò a pou monte kite Jourdain an.” 17 Konsa, Josué te kòmande prèt yo. Li te di: “Monte soti nan Jourdain an.” 18 Li te vin rive ke lè prèt ki te pote lach SENYÈ yo te kite mitan Jourdain an, e pla pye yo te monte sou tè sèk, dlo Jourdain an te retounen nan plas li e te depase rivaj yo kòm avan an. 19 Konsa, pèp la te monte kite Jourdain an nan dizyèm jou a premye mwa a, epi yo te fè kan nan Guilgal akote lès Jéricho. 20 Douz wòch sa yo ke yo te pran nan Jourdain an, Josué te monte nan Guilgal. 21 Li te di a fis Israël yo: “Lè pitit nou yo mande papa yo nan tan k ap vini yo, e di: ‘Kisa wòch sa yo ye?’ 22 Alò, nou va eksplike pitit nou yo pou di: ‘Israël te travèse Jourdain sila a sou tè sèk’. 23 Paske SENYÈ a, Bondye nou an, te seche dlo Jourdain yo devan nou jiskaske nou te fin travèse, jis jan ke Li te fè nan Lamè Wouj la, ke Li te seche devan nou jiskaske nou te fin travèse a, 24 pou tout pèp sou latè yo kapab konnen ke men SENYÈ a pwisan, pou nou kapab gen lakrent SENYÈ a pou tout tan.”