Pòsyon Tè Benjamin ak Lòt Tribi yo
1444 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
11 Alò, tiraj osò a pou tribi Benjamin an te monte selon fanmi pa yo e tèritwa osò pa yo a te poze antre fis a Juda yo ak fis a Joseph yo. 12 Lizyè pa yo nan kote nò a te soti nan Jourdain an, lizyè a te monte bò kote Jéricho nan nò, li te pase nan peyi ti kolin yo vè lwès e li te fè bout li nan dezè a Beth-Aven an. 13 Soti la, lizyè a te kouri vè Luz nan kote sid a Luz (ki se Béthel) vè sid; epi lizyè a te desann vè Athroth-Addar, toupre ti mòn ki sou kote sid a Ba Beth-Horon an. 14 Lizyè a te lonje rive e te vire won sou kote lwès la vè sid; soti nan ti mòn ki parèt devan Beth-Horon vè sid; epi li te fè bout li nan Kirjath-Baal (sa vle di Kirjath-Jearim), yon vil a fis a Juda yo. Sa se te kote lwès la. 15 Epi kote sid la te soti akote a Kirjath-Jearim e lizyè a te ale vè lwès pou te rive nan fontèn dlo Nephthoach yo. 16 Lizyè a te kouri desann rive akote ti mòn ki nan vale Ben-Hinnom, ki nan vale Rephaïm nan vè nò. Epi li te ale desann a vale Hinnom an, nan pant Jebizyen vè sid e te desann jis nan En-Roguel. 17 Li te lonje vè nò e te rive nan En-Schémesch ak nan Gueliloth, ki anfas pant Adummim nan. Epi li te desann nan wòch Bohan an, fis a Ruben an. 18 Li te kontinye akote pa devan Araba a vè nò e te desann rive nan Araba. 19 Lizyè a te kontinye vè akote Beth-Hogla vè nò; epi lizyè a te fè bout li nan dlo nò a Lamè Sale a, nan pwent sid a Rivyè Jourdain an. Sa se te lizyè sid la. 20 Anplis, Jourdain an te lizyè li nan kote lès. Sa se te eritaj a fis Benjamin yo, selon fanmi pa yo ak selon lizyè li yo toupatou. 21 Alò, vil pou tribi a fis Benjamin yo selon fanmi pa yo se te Jéricho, Beth-Hogla, Émek-Ketsits, 22 Beth-Araba, Tsemaraïm, Béthel, 23 Avvim, Para, Ophra, 24 Kephar-Ammonaï, Ophni, epi Guéba; douz vil yo, avèk bouk pa yo. 25 Gabaon, Rama, Beéroth, 26 Mitspé, Kephira, Motsa, 27 Rékem, Jirpeel, Thareala, 28 Tséla, Éleph, Jebus, ki se Jérusalem, Guibeath ak Kirjath; Sa se eritaj a fis Benjamin yo selon fanmi pa yo.
19:1 Alò, dezyèm tiraj osò a te tonbe a Siméon, a tribi a fis a Siméon yo selon fanmi pa yo e eritaj pa yo te nan mitan eritaj a fis Juda yo. 2 Konsa, yo te gen kòm eritaj yo Beer-Schéba, Schéba ak Molada, 3 avèk Hatsar-Schual, Bala, Atsem, 4 Eltholad, Bethul, Horma 5 Tsiklag, Beth-Marcaboth, Hatsar-Susa, 6 Beth-Lebaoth ak Scharuchen, trèz vil avèk bouk pa yo; 7 Aïn, Rimmon, Éther ak Aschan, kat vil avèk bouk pa yo; 8 epi tout bouk ki antoure vil sa yo, jis rive nan Baalath-Beer, ki se Ramath a Negev la. Sa se te eritaj a tribi fis a Siméon yo selon fanmi pa yo. 9 Eritaj a fis Siméon yo te sòti depi nan pòsyon fis Juda yo, paske pòsyon Juda a te twò gran pou yo. Konsa, fis a Siméon yo te resevwa eritaj nan mitan eritaj Juda a.
10 Alò, twazyèm tiraj osò a te monte pou fis Zabulon yo, selon fanmi pa yo. Epi tèritwa eritaj pa yo a te rive jis Sarid. 11 Lizyè pa yo a te rive nan lwès jis Mareala e te touche Dabbéscheth pou te rive nan ti rivyè ki devan Jokneam nan. 12 Epi li te vire soti nan Sarid vè lès, vè solèy leve, jis rive nan fwontyè Kisloth-Thabor, kouri rive nan Dabrath e monte a Japhia. 13 Soti la, li te kouri vè lès, vè solèy leve, pou rive Guittha-Hépher, a Ittha-Katsin pou kontinye a Rimmon e lonje jis rive Néa. 14 Lizyè a te koube antoure li vè nò rive nan Hannathon e li te fè bout li nan vale Jiphthach-El. 15 Konte ladann tou, se te Katthath, Nahaial, Schimron, Jideala, Bethléem. Douz vil avèk bouk pa yo. 16 Sa se te eritaj a fis Zabulon yo, selon fanmi pa yo, vil sa yo avèk bouk pa yo.
17 Katriyèm tiraj osò a te tonbe a Issacar; pou fis Issacar yo avèk fanmi pa yo. 18 Tèritwa pa yo a te rive Jizreel, avèk Kesulloth ak Sunem, 19 Hapharaïm, Schion, Anacharath, 20 Rabbith, Kischjon, Abets, 21 Rémeth, En-Gannim, En-Hadda, avèk Beth-Patsets: 22 Lizyè a te rive nan Thabor, nan Schachatsima, nan Beth-Schémesch e te fè bout li nan Jourdain an. Sèz vil avèk bouk pa yo. 23 Sa se te eritaj a tribi a fis Issacar yo selon fanmi pa yo, vil yo avèk bouk pa yo.
24 Alò senkyèm tiraj osò a te tonbe a tribi a fis Aser yo selon fanmi pa yo. 25 Tèritwa pa yo a se te Helkath, Hali, Béthen, Acschaph, 26 Allammélec, Amead avèk Mischeal; li te touche Carmel avèk Schichor-Libnath nan lwès. 27 Li te vire vè lès a Beth-Dagon pou te rive a Zabulon, ak nan vale Jiphthach-El vè nò a Beth-Émek avèk Neïel e kontinye vè Cabul, 28 avèk Ébron, Rehob, Hammon, ak Cana, jis rive nan Gran Sidon. 29 Lizyè a te vin vire vè Rama ak vil fòtifye ki rele Tyr la; epi li vin vire nan Hosa e li te fè bout li nan lanmè vè zòn Aczib. 30 Osi, ladann se te Umma, Aphek, avèk Rehob. Venn-de vil avèk bouk pa yo. 31 Sa se te eritaj a tribi fis Aser yo, selon fanmi pa yo, vil sa yo avèk bouk pa yo.
32 Sizyèm tiraj osò a te tonbe pou fis Nephtali yo, selon fanmi pa yo. 33 Lizyè pa yo a te soti nan Héleph, soti nan chèn a Tsaannim nan, Adami-Nékeb ak Jabneel, jis rive nan Lakkum pou li fin fè bout li nan Jourdain an. 34 Epi lizyè a te vire vè lwès nan Aznoth-Thabor pou te kontinye soti la a Hukkok; epi li te rive nan Zabulon vè sid, li te touche Aser sou lwès e Juda bò kote Jourdain an vè lès. 35 Vil fòtifye yo se te Tsiddim, Tser, Hammath, Rakkath, Kinnéreth, 36 Adama, Rama, Hatsor, 37 avèk Kédesch, Édréï, En-Hatsor, 38 Jireon, Migdal-El, Horem, Beth-Anath, Beth-Schémesch. Dis-nèf vil avèk bouk pa yo. 39 Sa se te eritaj a tribi a fis Nephtali yo, selon fanmi pa yo, vil yo avèk bouk pa yo.
40 Setyèm tiraj osò a te tonbe a tribi fis a Dan yo selon fanmi pa yo. 41 Tèritwa a eritaj pa yo a se te Tsorea, Eschthaol, Ir-Schémesch, 42 avèk Schaalabbin, Ajalon, Jithla, 43 epi Élon, Thiminatha, Ékron, 44 Eltheké, Guibbethon, Baalath, 45 Jehud, Bené-Berak, Gath-Rimmon, 46 Mé-Jarkon ak Rakkon, avèk tèritwa ki anfas Japho a. 47 Tèritwa a fis a Dan yo te ale pi lwen pase yo; paske fis a Dan yo te monte pou te goumen avèk Léschem e te pran li. Epi yo te frape li avèk lam nepe, yo te posede li e te vin abite ladann; epi yo te rele Léschem Dan menm non a Dan, papa pa yo. 48 Sa se te eritaj a tribi fis a Dan yo selon fanmi pa yo, vil sila yo avèk bouk pa yo.