Eritaj Josué

1444 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Josué 19:49–51

49 Lè yo te fin divize tèren an kòm eritaj selon lizyè li, fis a Israël yo te bay yon eritaj nan mitan yo a Josué, fis a Nun nan. 50 An akò avèk kòmand SENYÈ a, yo te ba li vil ke li te mande a, Thimnath-Sérach nan peyi ti mòn a Éphraïm nan. Konsa, li te bati vil la e li te abite ladann. 51 Sila yo se te eritaj ke Éléazar, prèt la, ak Josué, fis a Nun nan, ak chèf an tèt kay a tribi yo pou fis Israël yo te separe pa tiraj osò nan Silo devan SENYÈ a, nan pòtay tant asanble a. Konsa, yo te fin divize peyi a.

Vil Refij ak Vil pou Levit yo

Josué 20:1–21:42

1 Alò, SENYÈ a te pale a Josué e te di: 2 “Pale a fis Israël yo e di: ‘Etabli vil azil ke M te pale ou pa Moïse yo, 3 pou moun ki touye nenpòt moun san li pa fè eksprè, san reflechi yo, pou yo kapab sove ale rive la. Yo va vin yon azil kont vanjè san an. 4 Li va sove ale rive nan youn nan vil sila yo. Yo va kanpe nan antre pòtay a vil sa a pou pwononse ka li a pou ansyen yo nan vil la tande. Konsa, yo va fè l antre nan vil kote yo a, yo va ba li yon kote pou li kapab rete pami yo. 5 Alò, si vanjè san an vin kouri dèyè li, yo pa pou livre moun ki touye moun nan nan men yo, akoz li te frape vwazen li an san reflechi e li pa t rayi li avan lè. 6 Li va rete nan vil sa a jiskaske li kanpe devan asanble a pou jijman, jiska lanmò a wo prèt la nan jou epòk sa a. Epi moun ki te touye moun nan va retounen nan pwòp vil pa li ak pwòp kay pa li, nan vil sila li te sove ale a.’”

7 Konsa, yo te mete akote Kédesh nan Galilée nan peyi ti kolin yo a Nephtali, Sichem nan peyi ti kolin yo a Éphraïm ak Kirjath-Arba (sa vle di, Hébron) nan peyi ti kolin Juda a. 8 Lòtbò Jourdain an, sòti Jéricho vè lès, yo te dezinye Betser nan dezè a sou plèn nan pou tribi Ruben an, Ramoth nan Galaad pou tribi Gad la ak Golan nan Basan pou tribi Manassé a. 9 Sila yo se te vil yo chwazi pou tout fis Israël yo, pou etranje ki demere pami yo, pou nenpòt moun ki touye yon moun san eksprè, kapab sove ale rive la e pa mouri pa men a vanjè san an jiskaske li vin kanpe devan asanble a.

21:1 Epi chèf lakay a Levit yo te pwoche Éléazar, prèt la, ak Josué, fis a Nun nan, ak tèt lakay a tribi fis Israël yo. 2 Yo te pale avèk yo Silo, nan peyi Canaan an, e te di: “SENYÈ a te kòmande pa Moïse pou bannou vil pou viv ladann, avèk patiraj pou bèt nou yo.”

3 Konsa, fis Israël yo te bay Levit yo soti nan eritaj pa yo vil sila yo avèk tè patiraj yo selon kòmand SENYÈ a. 4 Epi tiraj osò a te sòti pou fanmi a Keatit yo. Epi fis a Aaron yo, prèt la, ki te apatyen a Levit yo, te resevwa trèz vil pa tiraj osò soti nan tribi Juda, nan tribi Siméon, ak nan tribi Benjamin. 5 Rès nan fis Keatit yo te resevwa dis vil pa tiraj osò soti nan fanmi a tribi a Éphraïm yo, soti nan tribi a Dan lan ak nan mwatye tribi a Manassé a. 6 Fis a Guerschon yo te resevwa trèz vil pa tiraj osò soti nan fanmi a tribi Issacar a, nan tribi Aser a, nan tribi Nephtali a ak nan mwatye tribi Manassé a nan Basan. 7 Fis a Merari yo selon fanmi pa yo te resevwa douz vil soti nan tribi Ruben, soti nan tribi Gad ak soti nan tribi Zabulon. 8 Alò fis Israël yo te bay selon tiraj osò a Levit yo, vil sila yo avèk tèren patiraj pa yo, jan SENYÈ a te kòmande pa Moïse la. 9 Yo te bay vil sila ki mansyone pa non soti nan tribi a fis Juda yo e soti nan tribi a fis Siméon yo; 10 epi yo te pou fis Aaron yo, youn nan fanmi a Keatit yo, nan fis Levi yo; paske premye tiraj osò a se te pou yo. 11 Konsa, yo te ba yo Kirjath-Arba, Arba ki te papa a Anak (ki vle di Hébron), nan peyi ti kolin yo nan Juda, avèk tèren patiraj ki te antoure li yo. 12 Men chan a vil avèk bouk li yo, yo te bay yo a Caleb, fis a Jephunné a, kòm posesyon pa l. 13 Konsa, a fis Aaron yo, prèt la, yo te bay Hébron, vil azil pou moun ki touye moun yo, avèk tèren patiraj pa li yo ak Libna avèk tèren patiraj pa li, 14 epi Jatthir avèk tèren patiraj pa li, Eschthemoa avèk tèren patiraj pa li, 15 epi Olon avèk tèren patiraj pa li, Debir avèk tèren patiraj pa li, 16 epi Aïn avèk tèren patiraj pa li, Jutta avèk tèren patiraj pa li, Beth- Schémesch avèk tèren patiraj pa li; nèf vil soti nan de tribi sila yo. 17 Soti nan tribi Benjamin an, Gabaon avèk tèren patiraj pa li ak Guéba avèk tèren patiraj pa li, 18 Anathoth avèk tèren patiraj pa li ak Almon avèk tèren patiraj pa li; kat vil. 19 Tout vil a fis Aaron yo, prèt yo, te trèz vil avèk tèren patiraj pa yo.

20 Epi vil yo soti nan tribi Éphraïm nan te sòt tonbe pou fanmi a Kehath yo, Levit yo, jis rive nan lòt fis a Kehath yo. 21 Yo te bay yo Sichem, vil azil pou moun ki touye moun yo, avèk tèren patiraj pa li, nan peyi ti kolin yo a Éphraïm ak Guézer avèk tèren patiraj pa li, 22 epi Kibtsaïm avèk tèren patiraj pa li, Beth-Horon avèk tèren patiraj pa li, Guibbethon avèk tèren patiraj pa li; kat vil. 23 Soti nan tribi Dan nan, Eltheke avèk tèren patiraj pa li, Guibbethon avèk tèren patiraj pa li, 24 Ajalon avèk tèren patiraj pa li, Gath-Rimmon avèk tèren patiraj pa li; kat vil. 25 Soti nan mwatye tribi Mannassé a, Thaanac avèk tèren patiraj pa li ak Gath-Rimmon avèk tèren patiraj pa li; de vil. 26 Tout vil yo avèk tèren patiraj pa yo pou fanmi a lòt fis a Kehath yo te dis.

27 A fis Guerschon yo, youn nan fanmi a Levit yo soti nan mwatye tribi Manassé a, te tonbe Golan nan Basan, vil azil pou moun ki touye moun yo, avèk tèren patiraj pa li ak Beeschthra avèk tèren patiraj pa li; de vil. 28 Soti nan tribi Issacar, Kischjon avèk tèren patiraj pa li, Dabrath avèk patiraj pa li, 29 Jarmuth avèk patiraj pa li, En-Gannim avèk patiraj pa li; kat vil. 30 Soti nan tribi Aser, Mischal avèk tèren patiraj pa li ak Abdon avèk tèren patiraj pa li, 31 Helkath avèk tèren patiraj pa li ak Rehob avèk patiraj pa li; kat vil. 32 Soti nan tribi Nephtali, Kédesch nan Galilée, vil azil pou moun ki touye moun yo, avèk patiraj pa li ak Hammoth-Dor avèk patiraj pa li; twa vil. 33 Tout vil a Gèchonit yo, selon fanmi pa yo te trèz vil avèk tèren patiraj pa yo.

34 A fanmi a fis Merari yo, rès nan Levit yo, soti nan tribi Zabulon, Jokneam avèk patiraj pa li ak Kartha avèk patiraj pa li. 35 Dimna avèk patiraj pa li, Nahalal avèk patiraj pa li, kat vil. 36 Soti nan tribi Ruben an, Betser avèk patiraj pa li ak Jahtsa avèk patiraj pa li, 37 Kedémonth avèk tèren patiraj pa li ak Méphaath avèk tèren patiraj pa li; kat vil. 38 Soti nan tribi Gad la, Ramoth nan Galaad, vil azil la ak Mahanaïm avèk tèren patiraj pa li, 39 Hesbon, avèk tèren patiraj pa li, Jaezer avèk tèren patiraj pa li; kat vil antou. 40 Tout sila yo te vil a fis Merari yo selon fanmi pa yo, rès a fanmi a Levit yo. Tiraj osò pa yo a te douz vil.

41 Tout vil a Levit ki te nan mitan posesyon a fis Israël yo te karann-tuit vil avèk tèren patiraj pa yo. 42 Chak nan vil sila yo te gen tèren patiraj pa li ki te antoure li. Se konsa li te ye avèk tout vil sila yo.