Pòsyon Tè Joseph

1444 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Josué 16–17

1 Tiraj osò fis a Joseph yo te sòti nan Jourdain vè Jéricho pou rive nan dlo a Jéricho yo, vè lès nan dezè a. Yo te monte soti Jéricho pou pase nan peyi ti kolin yo pou rive Béthel. 2 Li te sòti Béthel vè Luz pou te kontinye rive jis nan fwontyè Akiyen yo nan Atharoth. 3 Li te kouri desann vè lwès nan tèritwa a Jafletyen yo, jis rive nan tèritwa pati Beth-Horon ki piba a, jis rive nan Guézer; epi li te fè bout li nan lanmè.

4 Fis a Joseph, Manassé avèk Éphraïm te resevwa eritaj pa yo. 5 Men tèritwa fis a Éphraïm yo selon fanmi pa yo: lizyè a eritaj pa yo, vè lès se te Atharoth-Addar, pou rive nan Wo Beth-Horon. 6 Epi lizyè a te vire nan lwès nan Micmethath nan nò; epi lizyè a te vire vè lès pou Thaanath-Silo e te kouri depase li nan lès a Janoach. 7 Li te vin desann soti nan Janoach a Ataroth, a Naaratha, li te rive nan Jéricho e te sòti nan Jourdain an. 8 Soti nan Tappuach, lizyè a te kontinye vè lwès nan ti rivyè Kana a e te fè bout li nan lanmè. Sa se te eritaj a tribi fis Éphraïm yo selon fanmi pa yo, 9 avèk vil ki te mete apa pou fis Éphraïm yo nan mitan eritaj a fis Manassé yo, tout vil yo avèk bouk pa yo. 10 Men yo pa t chase fè sòti Kananeyen ki te rete Guézer yo; epi pou sa, Kananeyen yo rete pami Éphraïm jis jodi a. Konsa, yo te vin ouvriye yo nan travay fòse.

17:1 Alò, sa se tiraj osò a pou Manassé, paske li te premye ne a Joseph. Pou Makir, premye ne a Manassé a, papa a Galaad ak Basan, paske li te yon nonm lagè. 2 Epi tiraj osò a te fèt pou lòt fis Manassé yo selon fanmi pa yo: pou fis a Abiézer a, pou fis a Hélek la, pou fis a Asriel yo, e fis a Sichem yo, pou fis a Hépher yo ak pou fis a Schemida yo; sa yo se te desandan mesye a Manassé yo, fis a Joseph la selon fanmi pa yo. 3 Men Tselophchad, fis a Hépher a, fis a Galaad la, fis a Makir a, fis a Manassé a, pa t gen fis, men sèlman fi. Sila yo se non a fi li yo: Machla, Noa, Hogla, Milca ak Thirtsa. 4 Yo te vin pwoche Éléazar, prèt la, ak devan Josué, fis a Nun nan, ak devan chèf yo, e yo te di: “SENYÈ a te kòmande Moïse pou bannou yon eritaj pami frè nou yo.” Konsa, selon kòmand a SENYÈ a, li te ba yo yon eritaj pami frè a papa pa yo. 5 Pou sa, te vin tonbe dis pòsyon tè a Manassé, anplis, tout tè a Galaad ak Basan ki lòtbò Jourdain an, 6 akoz fi a Manassé yo te resevwa yon eritaj pami fis li yo. Epi tè Galaad la te apatyen a lòt fis Manassé yo. 7 Lizyè Manassé a te kouri soti Aser a Micmethath, ki nan lès a Sichem. Epi lizyè a te kouri vè sid pou rive kote pèp En-Tappuach yo. 8 Tè Tappuach la te apatyen a Manassé; men Tappuach nan lizyè Manassé a te pou fis a Éphraïm yo. 9 Lizyè a te kouri desann rive nan ti rivyè Kana a, bò kote sid a rivyè a (vil sa yo se te pou Éphraïm pami vil a Manassé yo). Epi lizyè a Manassé a te nan kote nò a ti rivyè a e li te fè bout li nan lanmè. 10 Kote sid la se te pou Éphraïm e kote nò a se te pou Manassé, lanmè a te lòt lizyè a. Yo te rive vè Aser nan nò e vè Issacar nan lès. 11 Nan Issacar ak nan Aser, Manassé te gen Beth-Schean avèk bouk li yo, Jibleam avèk bouk li yo, pèp a Dor yo avèk bouk li yo, pèp a En-Dor yo avèk bouk li yo, pèp a Thaanac yo avèk bouk li yo, pèp a Meguiddo yo avèk bouk li yo e twazyèm nan se Napheth. 12 Men fis Manassé yo pa t kab pran posesyon a vil sa yo akoz Kananeyen yo te pèsiste viv nan peyi sa a.

13 Li te rive ke lè fis Israël yo te vin gen fòs, yo te mete Kananeyen yo nan travo fòse; men yo pa t chase yo deyò nèt. 14 Alò, fis Joseph yo te pale avèk Josué e te di: “Poukisa mwen te resevwa yon sèl tiraj osò ak yon sèl pòsyon kòm eritaj, paske nou menm se yon pèp ki anpil ke jis koulye a SENYÈ a te beni anpil?”

15 Josué te di yo: “Si nou se yon pèp ki anpil, ale monte nan forè a pou netwaye yon plas pou nou la nan peyi Ferezyen avèk Rephaïm yo; akoz peyi ti kolin Éphraïm nan twò etwat pou nou.”

16 Epi fis Joseph yo te reponn: “Peyi ti kolin nan pa kont pou nou e tout Kananeyen yo ki rete nan plèn nan gen cha ki fèt an fè, ni sila ki nan Beth-Schean avèk bouk pa li yo ak sila ki nan vale Jizreel la.”

17 Josué te pale avèk lakay Joseph, a Éphraïm avèk Manassé e te di: “Nou se yon pèp ki anpil e ki gen gran pouvwa. Nou p ap gen yon sèl tiraj osò, 18 men peyi ti kolin yo va vin pou nou. Men se yon forè ke li ye, nou va eklèsi li e lizyè ki pi lwen nan li yo va vin pou nou; paske nou va chase met deyò Kananeyen yo, malgre yo gen cha ki fèt an fè e malgre yo gen fòs.”

Yo Monte Tabènak la

Josué 18:1–10

1 Alò, fis Israël yo te vin rasanble yo menm nan Silo e te monte tant asanble a. Peyi a te vin soumèt devan yo. 2 Te rete pami fis Israël yo sèt tribi ki potko divize eritaj yo. 3 Konsa, Josué te di a fis Israël yo: “Konbyen de tan nou va mete ankò pou nou pa antre pran posesyon peyi a ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, te bannou an? 4 Bay a tèt nou twa mesye ki sòti nan chak tribi, pou m kapab voye yo e pou yo kab mache nan peyi a, pou ekri yon plan detaye a yo menm selon pwòp eritaj pa yo; epi yo va retounen bò kote mwen. 5 Yo va divize li an sèt pòsyon; Juda va rete nan tèritwa pa li nan sid e lakay Joseph la va rete nan tèritwa pa yo nan nò. 6 Nou va fè apantaj peyi a an sèt pòsyon e mennen li ban mwen. Mwen va tire yo osò pou nou isit la devan SENYÈ a, Bondye nou an. 7 Paske Levit yo pa gen pòsyon pami nou, akoz pozisyon prèt SENYÈ a se eritaj pa yo. Gad avèk Ruben avèk mwatye tribi Manassé a, osi, te resevwa eritaj vè lès, lòtbò Jourdain an, ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te ba yo.”

8 Konsa, mesye yo te leve ale. Josué te kòmande sila ki te ale yo: “Ale mache nan tèren an, e founi yon plan apantaj detaye de li e retounen kote mwen. Alò, mwen va tire li osò pou nou soti isit la nan Silo.”

9 Konsa, mesye yo te sòti e te pase nan peyi a, yo te fè plan apantaj detaye a. Yo te ekri yon deskripsyon selon vil li yo, sèt divizyon yo nan yon liv. Konsa, yo te retounen vè Josué nan kan an Silo. 10 Epi Josué te tire yo osò pou yo nan Silo devan SENYÈ a e la, Josué te divize peyi a pou fis Israël yo selon divizyon pa yo.