Saul resevwa batèm
35 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
10 Alò, te gen yon disip nan Damas ke yo te rele Ananias. Senyè a te di l nan yon vizyon: “Ananias!”
Li te reponn: “Men mwen, Senyè.”
11 Senyè a te di li: “Leve ale nan ri ke yo rele Dwat la, e mande lakay Judas, pou yon mesye Tarse ke yo rele Saul. Paske, gade byen, l ap priye. 12 Li gen tan wè deja nan yon vizyon yon mesye ke yo rele Ananias antre pou poze men l sou li, pou l wè ankò.”
13 Men Ananias te reponn: “Senyè, mwen tande de anpil moun sou mesye sila a; kijan li te fè sen ou yo mal Jérusalem. 14 Isit la menm, li gen otorite ki sòti nan chèf prèt yo pou mare tout sila ki rele Non Ou yo.”
15 Men Senyè a te di li: “Ale paske li menm se yon enstriman ki chwazi pa Mwen pou pote non Mwen devan etranje, wa yo, ak fis Israël yo. 16 Paske Mwen va montre li konbyen li oblije soufri pou non Mwen.”
17 Konsa, Ananias te sòti. Li te antre nan kay la, e lè l fin poze men l sou li, li te di: “Frè Saul, Senyè Jésus a ki te parèt devan ou nan wout la lè ou t ap vini an, Li voye m pou ou kapab wè ankò e pou ou kapab ranpli avèk Lespri Sen an.”
18 Imedyatman bagay tankou kal te sòti tonbe nan zye li, e li vin wè ankò. Li te leve e te batize. 19 Li te pran manje e te reprann fòs li.
Alò, pandan kèk jou, li te avèk disip ki te Damas yo.
Saul preche Jwif yo nan sinagòg yo 38 apre Christ
20 Epi imedyatman, li te kòmanse pwoklame Jésus nan sinagòg yo e t ap di: “Li se Fis Bondye a”.
21 Tout sila ki t ap tande li yo te etone tout tan, e t ap di: “Èske sa se pa sila ki nan Jérusalem te detwi sila yo ki te envoke non sa a, e ki te vini isit la ekspre pou mennen yo mare devan chèf prèt yo?”
22 Men Saul te kontinye ap vin pi fò, e t ap konfonn Jwif ki te rete Damas yo avèk prèv ke Jésus sila a se Kris la.
23 Lè anpil jou te fin pase, Jwif yo te fè konplo ansanm pou yo ta touye li, 24 men konplo yo te vin konnen pa Saul. Yo te veye pòtay yo lajounen kon lannwit pou yo ta kapab mete l a lanmò.
25 Men disip li yo te pran li nan lannwit, e yo te fè l desann sou miray la nan yon gwo panyen.
26 Konsa, lè Saul te vini Jérusalem, li te eseye pran kontak avèk disip yo, men yo te pè l. Yo pa t kwè ke li te yon disip.
27 Men Barnabas te pran li e te mennen l devan apòt yo. Paul te eksplike yo kijan li te wè Senyè a sou wout la. Ke Li te pale avèk li, epi kijan nan Damas li te pale avèk kouraj nan non Jésus.
28 Li te avèk yo pou antre nan Jérusalem. 29 Li t ap pale avèk anpil kouraj nan non Senyè a. Li t ap pale e diskite avèk Jwif Grèk yo men yo t ap eseye mete l a lanmò. 30 Men lè tout frè yo te vin konprann sa, yo te mennen li desann Césarée, e te voye li ale Tarse.
Pierre geri Enée epi li leve Dorcas soti vivan nan lanmò 38 rive 40 apre Christ
Apre Pierre fin preche nan tout Juda, li rive Lydde, kote li geri Enée epi li leve Dorcas soti vivan nan lanmò.
32 Alò pandan Pierre t ap vwayaje nan rejyon sa yo, li te desann osi bò kote fidèl ki te rete nan Lydde yo. 33 La li te twouve yon sèten mesye ke yo te rele Enée, ki pa t kab leve sou kabann li depi uit ane, paske li te paralize.
34 Pierre te di li: “Enée, Jésus Kri geri ou. Leve e fè kabann ou.” Nan menm enstan li te leve.
35 Tout moun ki te rete nan Lydde ak Saron yo te wè l, e yo te vire vè Senyè a.
36 Alò, nan Joppé te gen yon sèten disip ke yo te rele Tabitha (ki tradwi an Grèk kon Dorcas). Fanm sa a te ranpli avèk zèv konpasyon ak charite ke li t ap fè tout tan. 37 Li te rive nan lè sa a ke fanm sila a te tonbe malad e te mouri. Lè yo te lave kò li, yo te fè l kouche nan yon chanm anlè. 38 Lydde te toupre Joppé, e disip yo te tande Pierre te la. Konsa yo te voye de mesye bò kote li pou sipliye l: “Pa fè reta! Vin kote nou”!
39 Pierre te leve e te ale avèk yo. E lè l vini, yo te mennen li nan chanm anlè a. Tout vèv yo te kanpe bò kote li e t ap kriye. Yo te montre li tout vètman ak rad ke Dorcas te konn fè lè l te avèk yo.
40 Men Pierre te voye yo tout deyò, e te mete l sou jenou l pou l priye, e pandan l ap vire bò kote kò a, li te di: “Tabitha, leve.”
Li te louvri zye li, e lè l te wè Pierre, li te chita.
41 Li te bay li men li e te fè l leve. Konsa Pierre te rele tout fidèl yo avèk vèv yo e li te prezante li vivan.
42 Sa te vin konnen toupatou nan Joppé, eanpil moun te kwè nan Senyè a.
43 Apre sa li te rete anpil jou nan Joppé avèk yon bòs tanè ke yo rele Simon.
Legliz yo jwenn yon repo anba pèsekisyon 40 apre Christ
Legliz yo jwenn yon repo anba pèsekisyon, akoz konvèsyon Saul ak konduit Kaligila.
31 Donk legliz la nan tout Juda, Galilée, ak Samarie te vin gen lapè, e te vin fò. Yo te kontinye nan lakrent Senyè a, ak rekonfò Lespri Sen an, e te kontinye grandi.