Pati 2: Yo preche levanjil la bay etranje ki pa Jwif e ki gen krentif pou Bondye

Kounye a, yo fin preche levanjil la bay Jwif yo nan Jérusalem, Juda, Samarie ak pwovens yo. Lè a rive pou konvèsyon etranje ki pa Jwif e ki gen krentif pou Bondye yo, sa vle di pwozelit pòtay yo.

Yon vizyon voye Pierre al jwenn yon etranje ki pa Jwif

Pierre wè yon vizyon kote li resevwa lòd pou l al vizite yon etranje ki pa Jwif, ki te resevwa enstriksyon pa mwayen yon mirak pou l voye chèche Pierre.

anviwon 40 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Travay 10:1–16

1 Alò, te gen yon sèten nonm nan Césarée ke yo te rele Corneille, yon santenye nan kowòt Italyen an. 2 Li te yon mesye fidèl ki te gen lakrent Bondye avèk tout lakay li, ki te bay anpil charite a pèp Jwif la, e li te priye Bondye kontinyèlman.

3 Anviwon nevyèm è nan jounen an, li te wè byen klè nan yon vizyon, yon zanj Bondye ki te vin kote li e te di l: “Corneille!”

4 Ak zye l fikse sou li, e gwo laperèz, e te di: “Kisa li ye, Senyè?”

Zanj la te di li: “Priyè ou avèk charite ou kon yon rekèt, gen tan monte devan Bondye. 5 Koulye a, voye kèk moun Joppé e mande pou yon mesye yo rele Simon, ki rele osi Pierre. 6 Li rete lakay a yon bòs tanè yo rele Simon ki rete bò lanmè a.”

7 Lè zanj ki t ap pale avè l la te ale, li te rele de nan sèvitè li yo, avèk yon sòlda fidèl nan lafwa ki te sèvi li tout tan. 8 Lè l te fin eksplike yo tout bagay, li te voye yo Joppé.

9 Nan jou apre a, pandan yo te nan chemen yo, ap pwoche vil la Pierre te ale sou do kay la nan anviwon sizyèm è pou priye. 10 Men li te vin grangou, e li te vle manje. Men pandan yo t ap fè preparasyon an, li te tonbe nan yon rèv. 11 Konsa, li te wè syèl la louvri, epi yon bagay tankou yon gwo dra te lonje desann bò kat kwen li yo jiska atè. 12 Ladann l te gen tout kalite bèt kat pye ak kreyati ki rale atè ak zwazo syèl yo. 13 Yon vwa te vini sou li: “Leve, Pierre, touye e manje!”

14 Men Pierre te di: “Sa p ap janm fèt, Senyè, paske Mwen pa janm manje anyen ki pa sen e pwòp.”

15 Ankò yon vwa te vini a li menm, pou dezyèm fwa: “Sa ke Bondye gen tan fè pwòp, pa konsidere l ankò pa sen.”

16 Sa te rive twa fwa; epi imedyatman, bagay la te vin remonte nan syèl la.

Pierre vizite Corneille, yon santiryon Women

Travay 10:17–33

17 Alò, Pierre te byen twouble nan lespri li sou sa vizyon li te wè a te siyifi. Epi konsa mesye ki te voye pa Corneille yo, lè yo te fin mande tout direksyon pou kay Simon, te parèt nan pòtay la. 18 Yo te rele anlè, pou mande si Simon, ke yo rele osi Pierre a te rete la.

19 Pandan Pierre t ap reflechi sou vizyon an Lespri a te di l: “Gade, gen twa mesye k ap chache ou. 20 Alò, leve desann eskalye a pou akonpanye yo san doute anyen. Paske se Mwen menm ki voye yo.”

21 Pierre te desann vè moun yo. Li te di yo: “Se mwen menm nou ap chache a. Se pou ki rezon nou vini an?”

22 Yo te di: “Corneille, yon sòlda santenye, yon nonm dwat e ki krent Bondye, e ki byen pale pa tout nasyon Jwif la, te dirije pa yon zanj pou voye kote ou pou vini lakay li pou tande yon mesaj de ou menm.”

23 Konsa, li te envite yo antre, e li te bay yo lojman.

Nan jou swivan an, li te leve. Li te sòti avèk yo, e kèk nan frè Joppé yo te akonpanye li.

24 Nan yon jou pita, li te antre Césarée.

Alò, Corneille t ap tann yo. Li te rele ansanm fanmi ak zanmi ki pwòch li yo. 25 Lè Pierre te antre, Corneille te rankontre li, e te tonbe nan pye li pou adore li.

26 Men Pierre te leve l e te di: “Kanpe non, mwen menm se sèlman yon moun.”

27 Pandan li t ap pale avèk li, li te antre, e te twouve anpil moun deja reyini. 28 Pierre te di yo: “Nou menm nou konnen kijan sa kont lalwa pou yon nonm ki se yon Jwif vin asosye avèk yon etranje, ni pou vizitè li. Men Bondye te deja montre m ke mwen pa dwe rele pèsòn pa sen oubyen pa pwòp. 29 Se pou rezon sa ke m te vini menm san okenn objeksyon lè yo te fè mwen vini an. Konsa, mwen mande pou ki sa nou fè mwen vini an?”

30 Corneille te di: “Kat jou pase jis nan menm lè sa a, mwen t ap fè jèn e priye lakay mwen nan nevyèm è a; epi vwala yon nonm te kanpe devan mwen avèk vètman ki t ap briye. 31 Li te di: ‘Corneille, priyè ou gen tan tande e ofrann ou yo gen tan sonje devan Bondye. 32 Pou sa, voye Joppé pou envite Simon, ke yo rele osi Pierre, pou vin kote nou. Li rete lakay Simon, ki se bòs tanè bò lanmè a.’ 33 Pou sa, mwen te fè ou vin touswit, e ou tèlman emab, ke ou vini. Alò, koulye a, nou tout isit la, prezan devan Bondye pou tande tout sa ke ou kòmande pa Senyè a.”