Pierre deklare Kris se Sovè tout moun

Pierre deklare pou premye fwa Kris se Sovè tout moun ki kwè nan li, menm etranje ki pa Jwif yo.

anviwon 40 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Travay 10:34–43

34 Lè l louvri bouch li, Pierre te di: “Vrèman, mwen konprann koulye a, ke Bondye se pa youn ki fè patipri pou pèsòn, 35 men nan tout nasyon yo, sila a ki gen lakrent Li, e ki fè sa ki bon, byen resevwa devan Li menm. 36 Pawòl ke Li te voye a fis Israël yo, pou preche lapè atravè Jésus Kri a—Ke Li se Senyè a tout moun.

37 “Nou menm nou konnen bagay ki te pase nan tout Judée a, ki te kòmanse nan Galilée, apre batèm ke Jean te pwoklame a; 38 sou Jésus de Nazareth la, jan Bondye te bay li onksyon avèk Lespri Sen an, e avèk pwisans, Li te ale toupatou e t ap fè byen, jan Li te geri tout moun ki te oprime pa dyab la, paske Bondye te avè L.

39 “Nou se temwen a tout bagay ke Li te fè nan peyi Jwif yo, ak nan Jérusalem. Anplis yo te mete Li a lanmò lè yo te pann Li sou yon kwa. 40 Bondye te fè l leve nan twazyèm jou a, e te pèmèt ke Li te vin vizib 41 pa a tout pèp la, men a temwen ki te chwazi oparavan pa Bondye yo; a nou menm ki te manje e bwè avèk Li apre Li te leve soti nan lanmò a. 42 Konsa, Li te kòmande nou pou preche a pèp la, epi solanèlman, temwaye ke Li se Sila a ki te nome pa Bondye, kòm Jij a vivan e a mò yo.

43 “A Li menm, tout pwofèt yo pote temwayaj, ke selon non Li tout moun ki kwè nan Li resevwa padon pou peche yo.”

Corneille ak zanmi l yo resevwa Lespri a

Corneille ak zanmi l yo resevwa Lespri Sen an epi yo resevwa batèm.

Travay 10:44–48

44 Pandan Pierre te toujou ap pale pawòl sa yo, Lespri Sen an te tonbe sou tout sila yo ki t ap koute mesaj la.

45 Tout kwayan sikonsi ki te vini avèk Pierre yo te etone paske don Lespri Sen an te vèse sou etranje yo tou. 46 Paske yo te tande yo pale an lang, e egzalte Bondye.

Alò, Pierre te reponn: 47 “Èske pèsòn kapab refize dlo pou sa yo ta kapab batize, sila ki te resevwa Lespri Sen an, menm jan ak nou?” 48 Epi li te kòmande yo pou batize nan non Jésus Kri.

Alò, yo te mande li pou rete la avèk yo pandan kèk jou.

Pierre defann desizyon pou batize Corneille la

Pierre defann sa li te fè lè li te vizite Corneille epi li te batize l.

Travay 11:1–18

1 Alò, apòt yo ak frè fidèl yo ki te nan tout Judée te tande ke pèp etranje yo osi te resevwa pawòl Bondye a. 2 Men lè Pierre te vin monte Jérusalem, sila ki te sikonsi yo te vin pa dakò avèk li. 3 Yo t ap di: “Ou te ale kote moun ensikonsi yo, e te manje avèk yo.”

4 Konsa, Pierre te kòmanse eksplike yo istwa a nan lòd ke tout bagay te rive yo. Li te di: 5 “Mwen te nan vil Joppé, e mwen te nan lapriyè. Nan yon pwofon somèy mwen te fè yon vizyon; yon sèten objè ki te vin desann kon yon gwo dra ki kenbe nan kat kwen soti nan syèl la, e li te vini tou dwat devan mwen. 6 Lè m te fikse zye m sou li, e t ap gade l, mwen te wè bèt latè a kat pye, bèt sovaj, reptil, ak zwazo syèl yo. 7 Konsa, mwen te tande yon vwa ki te di m: ‘Leve Pierre; touye e manje.’

8 “Men mwen te di: ‘Non Senyè, paske anyen ki pa sen, oswa ki pa pwòp pa janm antre nan bouch mwen.’

9 “Men yon vwa ki soti nan syèl la te reponn yon dezyèm fwa: ‘Sa ke Bondye fè pwòp, pa konsidere l ankò pa sen.’ 10 Sa te fèt twa fwa, epi tout bagay yo te rale monte ankò nan syèl la.

11 “Epi gade byen, nan moman sa a, twa mesye ki te voye kote mwen sòti Césarée, te parèt devan kay la kote nou te rete a.

12 “Lespri a te di m ale avèk yo san krent. Sis frè sila yo osi te ale avè m, e nou te antre nan kay mesye a.

13 “Epi li te rapòte kijan li te wè zanj lan kanpe lakay li a, e te di: ‘Voye Joppé pou fè Simon, ke yo rele osi Pierre, vin isit la. 14 Li va pale nou pawòl yo. Ak yo menm nou va sove, nou menm avèk tout lakay nou.’

15 “Epi lè mwen te kòmanse pale Lespri Sen an te vin tonbe sou yo menm jan ke li te fè sou nou nan kòmansman an. 16 Konsa, mwen te sonje pawòl Senyè a, jan Li te konn di a: ‘Jean te batize avèk dlo, men nou va batize avèk Lespri Sen an.’

17 “Donk, si Bondye te bay yo menm don ak nou, lè nou te vin kwè nan Senyè Jésus Kri a, kilès mwen te ye pou m ta kab anpeche Bondye?”

18 Lè yo te tande sa a, yo te vin kalme, e te bay Bondye glwa. Yo te di: “Ebyen konsa, Bondye akòde a lòt nasyon yo tou, repantans ki mennen a lavi a.”

Konvèti ki gaye yo preche etranje ki pa Jwif e ki gen krentif pou Bondye 41 apre Christ

Moun ki te konvèti yo, ki te gaye akoz pèsekisyon apre lanmò Étienne, tande pale de vizyon Pierre la epi yo preche etranje ki pa Jwif e ki gen krentif pou Bondye yo tou.

Travay 11:19–21

19 Answit, moun ki te gaye akoz pèsekisyon ki te leve a, ansanm ak zafè Étienne nan, te fè wout yo pou Phénicie, Chypre, ak Antioche, e yo t ap pale pawòl la a Jwif yo sèlman.

20 Men te gen nan yo, moun Chypre ak Cyrène ki te vini Antioche. E yo te kòmanse pale ak Grèk yo osi, e t ap preche Senyè Jésus a.

21 Men la a Senyè a te avèk yo, e yon gran kantite ki te kwè te vire vè Senyè a.