Legliz Jérusalem nan voye Barnabas

Legliz ki nan Jérusalem nan voye Barnabas al egzamine kesyon sa a.

41 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Travay 11:22–24

22 Nouvèl yo te rive nan zòrèy a legliz la nan Jérusalem, e yo te voye Barnabas Antioche.

23 Konsa, lè l rive, e te wè gras Bondye a, li te rejwi. Li te kòmanse ankouraje yo tout, pou yo avèk yon sèl panse, ta rete fidèl a Senyè a. 24 Paske li te yon bon moun. Li te ranpli ak Lespri Sen an, ak lafwa. Konsa, anpil moun te adisyone a Senyè a.

Barnabas mennen Saul soti Tarse pou ale Antioche 42 apre Christ

Barnabas ale Tarse chèche Saul epi li mennen l Antioche, kote moun ki te konvèti yo t ap preche etranje ki pa Jwif e ki gen krentif pou Bondye yo.

Travay 11:25–26

25 Barnabas te kite Tarse pou ale jwenn Saul. 26 Lè li te twouve li, li te mennen l Antioche. Pandan yon ane antye yo te reyini avèk legliz la, e yo te enstwi anpil moun.

Disip yo te premyèman rele “Kretyen” la a, nan Antioche.

Hérode kondane Jacques epi li mete Pierre nan prizon 43 apre Christ

Hérode Agrippa kondane Jacques, frè Jean an, amò epi li mete Pierre nan prizon. Yon mirak libere Pierre, epi li prezante tèt li devan lòt Jacques la, ki te vin evèk Jérusalem.

Travay 12:1–19

1 Alò, vè lè sila a, Wa Hérode te mete men l sou kèk moun ki te apatyen a legliz la pou l maltrete yo. 2 Li te mete Jacques, frè a Jean a lanmò avèk yon nepe.

3 Lè l te wè ke sa te fè Jwif yo kontan, li te avanse pou l arete Pierre tou. Sa se te pandan jou Pen San Ledven yo. 4 Lè l te sezi li, li te mete l nan prizon, e te livre li a kat ekip sòlda pou yo te veye l, avèk entansyon apre Pak la, pou mennen l devan pèp la.

5 Yo te kenbe Pierre nan prizon an, men legliz Bondye a t ap priye fò pou li.

6 Nan menm nwit lan lè Hérode te prèt pou mennen l devan l, Pierre t ap dòmi antre de sòlda. Li te byen anchene avèk de chenn, e jandam yo devan pòt la t ap veye prizon an.

7 Epi vwala yon zanj Senyè a te parèt sibitman, e yon limyè te briye nan kacho a. Li te frape bò kote Pierre. Li fè l leve, e te di l: “Leve vit!”

Konsa, chenn yo te tonbe kite men l.

8 Zanj lan te di l: “Mare senti ou e mete sapat ou”. Li te fè sa, epi li te di li: “Vlope ou ak manto a e swiv mwen.”

9 Konsa, li te ale deyò e te kontinye swiv li. Li pa t fin konnen si sa ki t ap fèt pa zanj lan te vrè, men te sipoze ke se te yon vizyon ke li t ap fè. 10 Lè yo te fin pase premye ak dezyèm gad yo, yo te rive a yon pòtay an fè ki te mennen nan lantre vil la. Li te ouvri pou yo pou kont li. Yo te pase ale deyò, e te desann nan yon ri. Imedyatman zanj lan te kite li.

11 Lè Pierre te vin reflechi klè, li te di: “Koulye a mwen konnen san dout ke Senyè a te voye zanj Li pou te delivre m nan men Hérode, ak tout sa ke pèp Jwif la t ap atann.”

12 Lè li te fin konprann sa, li te ale lakay Marie, manman a Jean ki osi te rele Marc. La, anpil moun te reyini ansanm e t ap priye. 13 Lè l te frape nan pòtay la, yon sèvant kay la ki te rele Rhode te vin reponn. 14 Lè l te rekonèt vwa Pierre a akoz kè kontan li, li pa t ouvri pòt la, men te kouri anndan, e te anonse ke Pierre te kanpe devan pòtay la.

15 Yo te di li: “Ou fin pèdi tèt ou!” Men li te kontinye ensiste ke se te konsa. Yo t ap di: “Se zanj li”.

16 Men Pierre te kontinye frape sou pòtay la. Lè yo te louvri pòt la, yo te wè li. Yo te etone. 17 Men li te fè yon sinyal avèk men l, pou yo fè silans, e te eksplike yo jan Senyè a te mennen li sòti nan prizon an. Li te di: “ Fè Jacques ak frè yo konnen bagay sa yo.” Konsa, li te pati e te ale yon lòt kote.

18 Lè jounen an te rive, se pa ti kras tenten ki te genyen pami sòlda yo sou sa ki te rive Pierre a.

19 Lè Hérode te chache li e li pa t twouve l, li te egzamine gad yo e te kòmande pou yo te egzekite. Li te desann, soti Judée pou ale Césarée e t ap pase tan an la.

Antioche voye sekou bay Jérusalem anviwon 44 apre Christ

Konvèti ki nan Antioche yo, apre Agabus te avèti yo davans, voye sekou bay frè yo nan Jérusalem pa men Barnabas ak Saul.

Travay 11:27–30

27 Alò nan tan sa a, kèk pwofèt te sòti Jérusalem pou rive Antioche.

28 Youn nan yo ke yo te rele Agabus te kanpe. Li te kòmanse endike pa Lespri a, ke an verite, t ap gen yon gwo grangou nan tout mond lan. Epi se sa menm ki te rive sou règn Claude la.

29 Epi selon mwayen ke nenpòt disip te genyen, yo chak te detèmine pou voye asistans pou sekou a frè yo nan Judée. 30 Se konsa yo te fè, e te voye l pa men Barnabas ak Saul pou livre bay ansyen yo.

Lanmò Hérode Agrippa 44 apre Christ

Travay 12:20–23

20 Alò, Hérode te byen fache avèk moun Tyr ak Sidon yo. Men yo te vin kote l ansanm lè yo te fin fè zanmi avèk Blaste, asistan pèsonèl a wa a, yo t ap fè demann lapè, akoz ke peyi pa yo te resevwa, manje nan men a peyi wa a.

21 Nan jou apwente a, Hérode te mete sou li tout rad wayal yo. Li te pran chèz li sou twòn nan, e te kòmanse livre yon diskou piblik a yo menm.

22 Konsa, pèp la t ap kriye: “Se vwa a yon dye, pa a yon moun!” 23 Imedyatman yon zanj Senyè a te frape l paske li pa t bay Bondye glwa. Konsa li te vin manje pa vè, e te mouri.

Legliz yo kontinye grandi

Travay 12:24

24 Men pawòl Senyè a te kontinye grandi e te vin miltipliye.

Saul retounen Antioche avèk Barnabas 45 apre Christ

Saul te wè yon vizyon nan tanp lan kote li te resevwa lòd pou l kite Jérusalem epi pou l preche etranje ki pa Jwif yo. Li retounen Antioche avèk Barnabas.

Travay 12:25

25 Barnabas ak Saul te retounen Jérusalem lè yo te fin akonpli misyon pa yo a. Yo te pran Jean avèk yo ki te osi rele Marc.