Pierre ak Jean preche nan anpil bouk Samariten

34 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Travay 8:25

25 Alò, lè yo te fin temwaye solanèlman, e te pale pawòl Senyè a, yo te fè wout yo pou retounen Jérusalem. Konsa, tou, yo te preche bòn nouvèl la nan anpil vilaj Samariten.

Philippe batize trezorye Rèn Candace la

Trezorye larenn Candace la, yon pwozelit jistis, konvèti epi li resevwa batèm nan men Philippe, ki kounye a ap preche nan tout vil Juda yo.

Travay 8:26–40

26 Men yon zanj Senyè a te pale ak Philippe e te di: “Leve, ale nan sid nan wout ki desann soti Jérusalem vè Gaza a.” (Sa se yon wout nan dezè.)

27 Konsa, li te leve ale, epi konsa, te gen yon lenik Etyopyen, yon ofisye atache a Candace, larèn Etyopyen yo. Li te an chaj tout trezò li, e te la nan Jérusalem pou adore Bondye. 28 Li t ap retounen, epi pandan li chita nan cha li, li t ap li liv pwofèt Ésaïe a.

29 Alò Lespri a te di Philippe: “Ale jwenn cha sila a”.

30 Philippe te kouri kote li. Konsa, li te tande ke li t ap li Ésaïe pwofèt la, epi li te mande l: “Èske ou konprann sa w ap li a?”

31 Li te reponn: “Kijan mwen ta kapab, amwenske yon moun gide m?” Li te envite Philippe monte chita avè l.

32 Alò, pòsyon lekriti li t ap li a se te sila a:

“Li te mennen kon yon mouton nan labatwa.

Kon yon jenn mouton an silans

devan sa k ap taye lenn sou do l,

li pa t louvri bouch li.

33 Nan imilyasyon, jistis li te rachte.

Kilès ki va deklare a jenerasyon pa L la?

Paske vi Li retire sou tè a.”

34 Lenik lan te reponn Philippe e te di: “Silvouplè, a kilès pwofèt la ap di sa a? A li menm, oubyen a yon lòt?”

35 Alò, Philippe te louvri bouch li e te kòmanse soti nan lekriti sen sila a, li te preche Jésus a li menm.

36 Pandan yo t ap prale nan wout la, yo te vin toupre yon dlo. Konsa, lenik lan te di: “Men gade, dlo! Kisa ki anpeche m ta batize.” 37 Philippe te reponn: “Si ou kwè avèk tout kè ou, ou kapab.” Li te reponn e te di: “Mwen kwè ke Jésus Kris se Fis Bondye a.” 38 Li te kòmande cha a rete. Yo tou de te desann nan dlo a, Philippe avèk lenik lan, e li te batize li.

39 Lè yo te sòti nan dlo a, Lespri Senyè a te vin pran Philippe, e lenik lan pa t wè l ankò, men te kontinye wout li ak rejwisans.

40 Men Philippe te twouve li menm nan Azot. Pandan li t ap travèse, li te kontinye preche bòn nouvèl la nan tout vil yo jiskaske li te rive Césarée.

Konvèti ki gaye yo preche bay Jwif yo

Anpil nan konvèti ki te kouri kite Jérusalem akoz pèsekisyon ki te genyen la a preche levanjil la bay Jwif yo nan pwovens yo.

Travay 8:4

4 Konsa sila ki t ap gaye konsa yo, te ale toupatou e te preche pawòl la.

Saul konvèti sou wout Damas 35 apre Christ

Pandan Saul sou wout pou Damas, li konvèti nan lafwa li t ap opoze a, lè li tande Bat Kòl la epi li wè Chekina a.

Travay 9:1–9

1 Alò, Saul, toujou t ap respire menas ak asasina kont disip a Senyè yo, jis li rive devan wo prèt la. 2 Li te mande li bay li lèt a sinagòg Damas yo pou si li te twouve nenpòt moun ki nan Chemen an, fanm kou gason, li ta kapab mennen yo mare a Jérusalem.

3 Pandan li t ap fè wout la, li rive ke li t ap pwoche Damas, epi sibitman, yon gran limyè ki sòti nan syèl la te klere tout ozanviwon li. 4 Li te tonbe atè e te tande yon vwa ki t ap di l: “Saul, Saul, poukisa w ap pèsekite M?”

5 Li reponn: “Kilès Ou ye, Senyè?”

Li te di: “Mwen se Jésus ke w ap pèsekite a. 6 Men leve, antre nan vil la, e ou va tande kisa ou dwe fè.”

7 Mesye ki te vwayaje avè l yo te kanpe san di anyen. Yo te tande vwa a, men yo pa t wè pèsòn.

8 Saul te leve atè a, e malgre zye li te louvri, li pa t kab wè anyen. Yo te mennen li pa lamen, e te fè l rive Damas. 9 Li pa t kab wè pandan twa jou, ni li pa t manje, ni bwè.