Étienne reprimande konsèy la
Lè yo entèwonp Étienne pandan l ap defann tèt li, li reprimande konsèy la kòm moun ki touye Mesi pa yo a.
33 oswa 34 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
51 “Nou menm, ki se moun kou rèd e ensikonsi nan kè, avèk zòrèy ki toujou ap reziste a Lespri Sen an, n ap fè menm bagay ke zansèt nou yo te konn fè yo. 52 Kilès nan pwofèt yo ke zansèt nou yo pa t pèsekite? Yo te touye sila yo ki avan lè te anonse ke Sila Ki Jis la t ap vini; ke nou menm koulye a trayi e asasine. 53 Nou menm ki te resevwa Lalwa kòm yon òdonans pa zanj yo, te vyole li.”
Yo touye Étienne ak kout wòch 34 apre Christ
Yo touye Étienne ak kout wòch pandan l ap priye pou moun k ap touye l yo.
54 Alò, lè yo te tande sa, yo te blese byen fon, e t ap manje dan yo sou li.
55 Men ranpli avèk Lespri Sen an, li te fikse zye l anwo nan syèl la e te wè glwa Bondye ak Jésus ki te kanpe bò men dwat Bondye. 56 Li te di: “Gade byen, Mwen wè syèl la vin louvri, e Fis a lòm nan ki kanpe bò men dwat Bondye.”
57 Konsa yo te kriye fò avèk yon gwo vwa, e te kouvri zòrèy yo. Yo te kouri sou li ansanm a lafwa, 58 e lè yo te fin pouse li deyò vil la, yo te kòmanse lapide l avèk wòch. Temwen sila yo te depoze vètman yo nan pye a yon jennonm yo te rele Saul.
59 Yo te kontinye lapide Étienne pandan li te rele Senyè a, e te di: “Senyè Jésus, resevwa Lespri mwen”. 60 Konsa, li te tonbe sou jenou li, e te kriye avèk yon gwo vwa: “Senyè, pa kenbe peche sa a kont yo!” Lè l fin di sa, li te mouri.
8:1 Saul te fin dakò nèt ak lanmò li.
Depi nan jou sa a, yon gran pèsekisyon te kòmanse kont legliz la nan Jérusalem. Yo tout, sof ke apòt yo, te gaye toupatou nan rejyon Juda avèk Samarie yo. 2 Kèk moun fidèl te antere Étienne. Yo te fè yon gwo lamantasyon sou li.
Yon pèsekisyon jeneral kont Kretyen yo
Yon pèsekisyon jeneral kont Kretyen yo, kote Saul (ki vin rele Paul annapre) jwe yon wòl prensipal.
3 Men Saul te kòmanse ravaje legliz la. Li t ap antre de kay an kay pou rale fè sòti ni fanm, ni gason pou mete yo nan prizon.
Philippe preche nan Samarie
Philippe, dyak la, apre li fin kite Jérusalem akoz pèsekisyon an, ale Samarie, kote li preche epi li fè mirak.
5 Philippe te desann nan vil Samarie. Li te kòmanse preche Kris la bay yo.
6 Foul la avèk yon sèl panse t ap bay atansyon yo a sa ke Philippe te di yo, paske yo te wè e te tande mèvèy ke li t ap fè yo. 7 Paske nan ka anpil moun ki te genyen lespri enpi yo, lespri yo t ap sòti nan yo. Yo te sòti pandan yo t ap rele avèk yon gwo vwa, e anpil moun ki te paralize e bwate te geri. 8 Donk, te gen anpil moun ki t ap rejwi nan vil sila a.
9 Alò, te gen yon nonm yo te rele Simon, ki te konn pratike maji nan vil la. Li t ap fè pèp Samarie a sezi, konsi li t ap vante tèt li, ke li menm te yon moun pwisan.
10 Konsa, yo tout, soti nan pi piti jiska pi gran, te ba li anpil atansyon, e te di: “Mesye sila a se li ke yo rele Gran Pouvwa Bondye a.” 11 Yo te koute li, paske pandan anpil tan li te konn etone yo avèk metye maji sila a.
12 Men lè yo te kwè Philippe ki t ap preche bòn nouvèl wayòm Bondye a nan non Jésus Kris la, yo t ap batize; fanm, kou gason menm jan an. 13 Menm Simon te vin kwè, epi apre li te batize li te kontinye avèk Philippe. Akoz li te wè anpil sign ak mirak ki t ap fèt, li te etone tout tan.
Pierre ak Jean desann Samarie
Pierre ak Jean desann soti Jérusalem pou ale Samarie pou bay nouvo konvèti yo don Lespri Sen an yo.
14 Alò, lè apòt nan Jérusalem yo te tande ke Samarie te resevwa pawòl Bondye a, yo te voye Pierre avèk Jean bay yo. 15 Lè yo te vin desann, yo te priye pou yo ta kapab resevwa Lespri Sen an. 16 Paske Li potko tonbe sou okenn nan yo. Yo te sèlman batize nan non Senyè a Jésus. 17 Alò, yo te mete men sou yo, epi yo te resevwa Lespri Sen an.
Pierre reprimande Simon, majisyen an
18 Koulye a, lè Simon te wè ke Lespri a te bay lè apòt yo te poze men sou moun yo, li menm te ofri yo lajan. 19 Li te di: “Ban mwen otorite sila a osi, pou tout sila ke m poze men m sou yo kapab resevwa Lespri Sen an.”
20 Men Pierre te di li: “Ke lajan ou an peri avè w, paske ou te panse ke ou ta kapab vin genyen don Bondye a avèk lajan. 21 Ou pa gen ni pati ni plas nan bagay sa a, paske kè ou pa dwat devan Bondye. 22 Pou sa, repanti de mechanste ou, e priye Senyè a pou, si posib, entansyon kè ou kapab vin padone. 23 Paske mwen wè ke ou nan fyèl anmè e mare nan inikite.”
24 Men Simon te reponn e te di: “Priye a Senyè a pou mwen, nou menm, pou anyen nan sa nou di yo pa vin rive m.”