Ansèyman yon papa sou sajès (continued)
984 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Fis mwen an, si ou devni garanti dèt pou vwazen ou,
ou te fè pwomès pou yon lòt ki pa pa w.
2 Ou te tonbe nan pèlen akoz pawòl a bouch ou,
ou te kenbe menm, akoz pawòl bouch ou yo.
3 Alò fè sa, fis mwen an, pou delivre tèt ou.
Akoz ou te vin antre nan men a vwazen ou an,
ale desann pou jennen vwazen ou an.
4 Pa kite dòmi tonbe nan zye ou,
ni somèy rive sou pòpyè zye ou.
5 Chape tèt ou kon yon antilòp nan men a chasè,
oswa zwazo a nan pèlen moun lachas la.
6 Ale kote foumi, o parese.
Veye abitid li yo e vin saj!
7 Li menm, san pa gen chèf, ni ofisye, ni mèt,
8 konn prepare manje li nan gran sezon an
e ranmase pwovizyon li nan rekòlt la.
9 Pou konbyen de tan ou va kouche konsa O parese?
Se kilè ou va leve soti nan dòmi?
10 Yon ti dòmi, yon ti somèy,
yon ti pliye men ou yo pou repoze;
11 mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vagabon,
e nesesite ou tankou yon nonm k ap pote zam.
12 Yon sanzave, yon moun mechan
se sila ki mache ak yon bouch pèvès,
13 ki bat zye li, ki fè siy ak pye li,
ki pwente ak dwèt li;
14 ki avèk pèvèsite nan kè l
fè tout tan sa ki mal,
ki gaye konfli.
15 Pou sa, malè li va parèt sibitman;
nan yon enstan li va kase nèt;
e li p ap gen gerizon ditou.
16 Gen sis bagay ke SENYÈ a rayi;
wi sèt menm ki abominab devan l:
17 Zye ògeye, yon lang k ap bay manti,
avèk men ki vèse san inosan,
18 Yon kè ki divize plan mechan yo,
pye ki kouri vit pou jwenn mal,
19 Yon fo temwen ki bay manti,
ak yon moun ki gaye konfli pami frè yo.
20 Fis mwen an, swiv lòd a papa ou
e pa abandone enstriksyon manman ou.
21 Mare yo tout tan sou kè ou;
mare yo nan kou ou.
22 Lè ou mache toupatou, yo va gide ou.
Lè ou dòmi, yo va veye sou ou.
Epi lè ou leve, yo va pale avèk ou.
23 Paske kòmandman an se yon lanp,
e enstriksyon li se limyè.
Konsa, repwòch ki disipline a se chemen lavi a
24 pou anpeche ou rive nan fanm movèz vi a,
a lang glise de fanm adiltè a.
25 Pa dezire bote li nan kè ou,
ni kite li kapte ou avèk pòpyè zye li.
26 Paske akoz yon pwostitiye,
yon gason redwi a yon mòso pen.
Yon fanm adiltè fè lachas lavi presye.
27 Èske yon nonm kab mete dife poze antre janm li yo
pou rad li pa brile?
28 Oswa èske yon nonm kab mache sou chabon limen,
san ke pye l pa brile?
29 Se konsa li ye ak yon nonm ki
antre nan madanm vwazen li.
Nenpòt moun ki manyen l p ap sòti san pinisyon.
30 Pèsòn pa meprize yon vòlè
k ap vòlè pou l kab satisfè grangou.
31 Men si pa aza, li jwenn li, l ap oblije
repeye li sèt fwa.
Lap oblije bay tout sa li posede lakay li.
32 Sila ki fè adiltè ak yon fanm manke sajès;
nonm nan ki fè sa a, detwi pwòp nanm li.
33 L ap twouve blesi ak gwo wont,
e repwòch li p ap efase menm.
34 Paske jalouzi fè laraj nan yon nonm;
li p ap fè gras nan jou vanjans lan.
35 Li p ap dakò dedonmaje ak ranson,
ni li p ap satisfè malgre ou fè li anpil kado.
7:1 Fis mwen an, kenbe pawòl mwen yo
e kache kòmandman mwen yo anndan ou.
2 Kenbe kòmandman mwen yo pou viv,
ak enstriksyon mwen yo
kon de grenn zye nan tèt ou.
3 Mare yo sou dwèt ou;
ekri yo sou tablo a kè ou.
4 Di a sajès: “Se ou ki sè mwen,”
e rele sajès pi bon zanmi ou,
5 Pou li kab anpeche ou ale
jwenn ak yon fanm adiltè;
yon fanm etranje a ki fè flate ak pawòl li.
6 Paske bò fenèt lakay mwen,
mwen te gade nan fant fenèt mwen an.
7 Konsa, mwen te wè pami moun sòt yo,
e te rekonèt pami jenn yo,
yon jennonm ki te manke bon sans;
8 ki t ap pase nan lari a toupre
kwen kay fanm nan.
Konsa, li pran chemen pou rive lakay li,
9 nan solèy kouche a, nan aswè,
nan mitan lannwit ak nan fènwa.
10 Epi gade, yon fanm vin pwoche li
abiye kon pwostitiye ak riz nan kè l.
11 Li parèt plen kouraj nan rebelyon li.
Pye li pa rete lakay li.
12 Koulye a nan lari yo, koulye a nan plas yo,
l ap kache tann nan tout kwen.
13 Konsa, li sezi li, bo li;
e ak figi byen ranje, li di li:
14 “Mwen te prèt pou ale fè ofrann lapè yo.
Se jodi a, mwen fin peye ve mwen yo.
15 Konsa, mwen te vin rankontre ou,
pou jwenn prezans ou;
e konsa, mwen te twouve ou.
16 Mwen byen ranje kabann mwen ak kouvèti;
avèk bèl dra Égypte yo.
17 Mwen te flite kabann nan ak pafen
flè jasmen, lwil womaren ak kanèl.
18 Vini, annou bwè ladann
e fè lanmou jis rive nan maten.
Annou fè kè nou kontan ak doudous nou yo.
19 Paske mari m pa lakay la;
li ale nan yon gran vwayaj.
20 Li te pran yon sak lajan avè l.
Jis rive nan plèn lin, l ap retounen lakay.”
21 Ak anpil ankourajman, li atire li;
avèk lèv a flatè, li sedwi li.
22 Sibitman, li swiv li tankou
yon bèf k ap monte labatwa,
tankou moun sòt
k ab mache rive nan ne koulan an.
23 Jiskaske yon flèch frennen li nan fwa l;
tankou yon zwazo k ap fè vit pou rive nan pèlen.
Se konsa, li pa konnen ke sa va koute lavi li.
24 Alò, pou sa, fis yo, koute mwen
e okipe pawòl a bouch mwen yo.
25 Pa kite kè ou vire akote nan chemen li yo!
Pa vin antre egare nan wout li yo!
26 Paske, anpil se viktim ke li deja jete anba yo;
e anpil se sila ki te mouri akoz li.
27 Lakay li nan wout Sejou mò yo,
k ap desann nan chanm lanmò yo.