Ansèyman yon papa sou sajès (continued)

984 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Pwovèb Yo 4–5

1 Tande, O fis yo, enstriksyon a yon papa,

e fè atansyon pou ou kab reyisi jwenn bon konprann,

2 Paske mwen bay ou bon konsèy;

pa abandone enstriksyon mwen.

3 Lè m te yon jenn timoun ak papa m,

byen jenn e sèl fis devan zye a manman m,

4 Alò, li te enstwi mwen e te di mwen:

“Kite kè ou kenbe fèm a pawòl mwen;

kenbe lòd mwen yo pou ou viv.

5 Vin ranmase sajès!

Ranmase bon konprann!

Pa bliye, ni pa vire kite pawòl a bouch mwen yo.

6 Pa abandone li e li va pwoteje ou;

renmen li e li va veye sou ou.

7 Men sa ki kòmansman sajès la:

Ranmase sajès!

Epi avèk sa ou rasanble a,

chache bon konprann.

8 Mete valè li wo e li va fè ou leve;

li va bay ou onè si ou anbrase l.

9 Li va poze sou tèt ou yon kouwòn lagras;

li va prezante ou avèk yon kouwòn byen bèl.”

10 Tande, fis mwen an, vin dakò ak pawòl mwen yo,

e lane lavi ou yo va vin byen long.

11 Mwen te dirije ou nan chemen sajès la;

mwen te kondwi ou nan pa ladwati yo.

12 Lè ou mache, pa ou yo p ap jennen;

epi si ou kouri, ou p ap glise tonbe.

13 Pran enstriksyon; pa lage menm.

Pwoteje li paske li se lavi ou.

14 Pa antre nan chemen mechan yo,

e pa avanse nan vwa malfektè yo.

15 Evite li, pa pase kote li;

vire kite li e ale byen lwen.

16 Paske, yo p ap kab dòmi si yo pa fè mal;

epi dòmi vin vòlè soti nan zye yo

si yo pa fè lòt glise tonbe.

17 Paske yo manje pen a malveyan yo

e bwè diven vyolans.

18 Men pa a moun dwat yo se tankou limyè granmmaten

ki briye pi fò e pi fò jiskaske li vin fè jou nèt.

19 Chemen mechan yo tankou tenèb;

yo pa konnen sou kisa pou yo tonbe.

20 Fis mwen an, prete atansyon a pawòl mwen yo;

panche zòrèy ou vè diskou mwen yo.

21 Pa kite yo vin disparèt devan zye ou;

kenbe yo nan fon kè ou.

22 Paske yo se lavi a sila ki jwenn yo,

ak lasante a tout kò yo.

23 Veye sou kè ou ak tout dilijans;

paske de li, sous lavi yo koule.

24 Mete lwen de ou yon bouch manti

e mete tout pawòl foub byen lwen ou.

25 Kite zye ou gade tou dwat devan

e kite vizyon ou konsantre devan nèt.

26 Veye wout pye ou konn pran

e tout chemen ou yo va byen etabli.

27 Pa vire ni adwat ni agoch;

fè pye ou vire kite mal.

5:1 Fis mwen an, fè atansyon a sajès mwen,

apiye zòrèy ou vè bon konprann mwen;

2 pou ou kab kenbe sajès

e pou lèv ou ka konsève konesans.

3 Paske lèv a fanm adiltè a degoute siwo,

e pale li pi dous pase lwil;

4 men a lafen, li vin anmè pase kou fyèl,

epi file kon yon nepe ki koupe de bò.

5 Pye li yo desann vè lanmò

e pa li yo kenbe fèm nan chemen Sejou mò yo.

6 Li pa reflechi sou pa lavi a;

vwa li yo pa stab; li pa rekonèt bagay sa a.

7 Alò, fis mwen yo, koute mwen,

e pa bliye pawòl a bouch mwen yo.

8 Kenbe wout ou byen lwen li, e

pa pwoche toupre pòt lakay li.

9 Oswa ou va bay fòs ou a lòt yo

ak ane ou yo a mechan an.

10 Konsa, etranje yo va ranpli ak fòs ou,

e byen yo ke ou te ranmase ak swè ou,

va rive lakay a yon etranje.

11 Epi ou va plenyen nan gòj

lè dènye moman lavi ou rive,

lè chè ou ak kò ou fin manje nèt.

12 Ou va di: “Ki jan mwen te rayi enstriksyon!

Ak “Ki jan kè m te rayi repwòch!

13 Mwen pa t koute vwa a sa yo kap enstwi m yo,

ni mwen pa t panche zòrèy mwen vè mèt mwen yo.

14 Mwen te prèt pou fini nèt nan mitan asanble a ak kongregasyon an.”

15 Bwè dlo nan pwòp sitèn pa ou e dlo fre nan pwi pa ou.

16 Èske sous ou yo dwe dispèse nan peyi etranje,

kon vwa dlo k ap kouri nan lari yo?

17 Kite yo pou ou sèl, e pa pou etranje yo avèk ou yo.

18 Kite fontèn dlo ou a rete beni,

e rejwi ou nan madanm a jenès ou a.

19 Tankou yon sèf amourez ak yon bich elegan,

kite tete li yo satisfè ou tout tan.

Rete debòde nèt ak lanmou li.

20 Paske poukisa fis mwen an,

ou ta dwe renmen ak yon fanm adiltè,

e anbrase lestonmak a yon etranje?

21 Paske chemen a yon nonm se devan zye a SENYÈ a,

e Li veye tout pa li yo.

22 Pwòp inikite a mechan an va kaptire li.

Li va kole nan kòd a pwòp peche pa li.

23 Li va mouri akoz mank enstriksyon,

e nan grandè foli li, li va vin egare.