Ansèyman yon papa sou sajès (continued)

984 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Pwovèb Yo 8–9

1 Èske sajès pa rele?

Èske bon konprann pa leve vwa li?

2 Anlè wotè akote chemen yo, akote kafou wout yo;

la li pran pozisyon li.

3 Akote pòtay yo, nan ouvèti vil la,

nan antre pòtay yo, li kriye fò:

4 Vè nou menm, O mesye yo, mwen rele!

Konsa, vwa m se pou fis a lòm yo.

5 O moun ensanse yo, vin aprann pridans!

Moun fou yo, vin konprann sajès!

6 Koute mwen, paske mwen va pale gwo bagay.

Lè lèv mwen louvri, y ap devwale bagay ki kòrèk.

7 Paske bouch mwen va eksprime verite;

epi mechanste vin abominab a lèv mwen.

8 Tout pawòl a bouch mwen yo dwat;

nanpwen anyen kwochi oswa pèvès ladann yo.

9 Yo byen dwat pou sila ki konprann nan,

e kòrèk pou sila ki jwenn konesans lan.

10 Pran konsèy mwen olye ajan,

e konesans olye pi chwa nan lò pi.

11 Paske, sajès pi bon ke bijou;

epi tout pi bèl bagay yo p ap kab konpare avè l.

12 Mwen se sajès. Mwen rete avèk bon konprann.

Konsa, mwen fè jwenn konesans ak bon sans.

13 Lakrent SENYÈ a se pou rayi mal,

ansanm ak ògèy, awogans, ak yon bouch pèvès.

14 Konsèy ak bon sajès se pou mwen.

Entèlijans se non mwen. Pouvwa se pa m.

15 Akoz mwen, wa yo vin renye;

e gouvènè yo fè dekrè lajistis.

16 Akoz mwen, prens ak nòb yo pran pouvwa;

tout moun ki fè jijman ki bon yo.

17 Mwen renmen sila ki renmen m yo.

Sila ki chache mwen ak dilijans yo va jwenn mwen.

18 Richès ak lonè avè m;

richès k ap dire ak ladwati.

19 Fwi mwen pi bon ke lò, menm lò pi.

Rannman mwen pi bon ke pi bèl ajan an.

20 Mwen mache nan ladwati,

nan mitan wout lajistis yo,

21 Pou m bay a sila ki renmen m, richès;

pou m kab ranpli kès yo.

22 SENYÈ a te posede m nan kòmansman travay pa Li;

menm avan zèv ansyen Li yo.

23 Depi nan etènite, mwen te etabli,

depi nan kòmansman, depi nan tan pi ansyen mond lan.

24 Lè potko gen pwofondè, mwen te fèt,

lè pa t gen sous ki t ap bonbade dlo yo.

25 Avan mòn yo te poze, avan kolin yo,

mwen te fèt;

26 pandan li potko fè tè a ak chan yo,

ni premye grenn pousyè mond lan.

27 Lè Li te etabli syèl yo, mwen te la,

lè Li te trase yon sèk won fas a pwofondè a,

28 lè Li te fè syèl yo anwo vin fèm,

lè sous nan fon yo te vin etabli,

29 lè Li te mete lizyè sou lanmè a pou dlo pa t vyole lòd Li,

lè Li te make tras fondasyon tè a;

30 Nan tan sa a, mwen te akote Li,

yon mèt ouvriye; epi, mwen te fè L plezi tout lajounen

e te rejwi devan L tout tan,

31 Mwen t ap Rejwi nan mond Li a,

e fè kè kontan nan fis a lòm yo.

32 “Alò, pou sa, fis yo, koute mwen;

paske beni se sila ki kenbe chemen mwen yo.

33 Koute lenstriksyon pou ou vin saj e pa neglije l.

34 Beni se moun ki koute mwen an,

k ap veye chak jou nan pòtay mwen yo,

k ap veye kote poto pòt kay mwen an.

35 Paske sila ki twouve mwen an, jwenn lavi

e resevwa lonè devan SENYÈ a.

36 Men sila ki peche kont mwen an, fè pwòp tèt li mal;

tout sila ki rayi mwen yo, renmen lanmò.”

9:1 Sajès bati kay li a;

li taye sèt gwo pilye li yo.

2 Li te prepare manje li,

li te mele diven li; anplis, li fin ranje tab li.

3 Li voye demwazèl li yo deyò,

li rele soti nan anlè wotè pwent vil yo:

4 “Pou sila ki ensanse a, kite li antre isit la!”

Pou sila ki manke bon konprann nan, li di:

5 “Vin manje manje mwen an,

e bwè diven ke m te melanje a.

6 Kite foli ou pou ou ka viv;

epi avanse nan chemen bon konprann nan.”

7 Sila ki korije yon mokè resevwa dezonè pou pwòp tèt li,

e sila ki repwoche yon nonm mechan

va resevwa ofans sou tèt li.

8 Pa repwoche yon mokè, sinon li va rayi ou;

repwoche yon nonm saj e li va renmen ou.

9 Bay konsèy a yon nonm saj e li va vin pi saj,

enstwi yon nonm dwat e li va ogmante konesans li.

10 Lakrent SENYÈ a se kòmansman a sajès

e konesans a Sila Ki Sen an se bon konprann.

11 Paske pa mwen, jou ou yo va miltipliye,

e ane yo ap ogmante sou lavi ou.

12 Si ou saj, ou saj pou pwòp tèt ou;

e si ou moke, ou pote sa a pou kont ou.

13 Fanm sòt pale byen fò ak gwo vwa;

li bèt, e li pa konnen anyen.

14 Li chita devan pòtay lakay li,

sou yon chèz akote wo plas vil yo.

15 Li rele sila ki pase yo,

ki ap fè chemen yo dwat yo:

16 Sila ki pa konnen anyen an,

kite li antre isit la.

Pou sila ki manke konprann nan, li di:

17 “Dlo yo vòlè dous

e pen ki manje an sekrè byen agreyab.”

18 Men mesye a pa konnen ke se la mò yo ye a.

Vizitè li yo la.

Yo nan fon Sejou mò yo.